Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Mwen
renmen ou ak yon renmen k’ap dire toutan”.
NAN
LIV PWOFÈT JEREMI 31, 1-7
“Lè sa a, deklarasyon Granmèt la, m’ap Bondye tout
fanmi Izrayèl yo, yo menm y’ap pèp mwen”. Men pawòl Granmèt la :
“Pèp la ki chape anba epe a, li jwenn favè nan dezè a;
Izrayèl ap mache al nan repo 1’. Depi byen lwen Granmèt la parèt devan m’, li
di pou pèp la: Mwen renmen ou ak yon renmen k’ap dire toutan; se pousa m’ap
redi ou avèk kè sansib. M’ap bati ou ankò, w’ap rebati, vyèj Izrayèl: w’ap vin
bèl ak tanbou ou yo, w’ap sòti nan gwoup k’ap danse yo. W’ap plante jaden rezen
ankò sou mòn Samari yo; moun ki konn plante yo ap plante; joustan epòk la rive,
yo p’ap keyi rezen. Gen jou k’ap rive kote santinèl yo ap rele sou mòn Efrayim
nan: ‘‘Leve, an nou monte Siyon, kot Granmèt Bondye nou an ”. Paske men pawòl
Granmèt la :
“Danse ak kè kontan, Jakòb, rele kont tèt nasyon yo;
sonnen twonpèt, chante, di : ‘Sove pèp ou a, Granmèt, rès Izrayèl la’ ”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM Jer 31, 10. l l`12ab. 13
R/ Se
pou Granmèt la veye sou nou tankou yon gadyen sou bann mouton 1’.
Koute pawòl Granmèt la,
nasyon yo.
Anonse l’ nan zile yo ki
lwen yo,
di : “Sila a ki te gaye
Izrayèl la, 1’ap rasanble 1’,
L’ap pwoteje 1’, tankou yon
gadyen fè pou bann mouton 1i ”. R
Sèke Granmèt la delivre
Jakòb, li sove 1’ sot nan men sa ki pi fò a.
Y’ap vini, y’ap fè lwanj sou
mòn Siyon,
Y’ap rasanble vin nan richès
Granmèt yo.R.
Lè sa a vyèj la ap fete nan
dans,
Ni jèn jan yo, ni granmoun
yo tou;
M’ap fè dèy yo a vin tounen
kè kontan,
M’ap konsole yo, m’ap fè kè
yo kontan, nan plas soufrans yo a.R.
LEVANJIL
“Lafwa ou gran, madanm”.
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN (Mt 15, 21-28)
Lè sa a :
Jezi pati, 1’ale nan rejyon Tir ak Sidon. Yon madanm
Kanaan sòti nan rejyon sa yo, li rele byen fò, li di 1’:
“Pitye pou mwen, Granmèt, pitit David, pitit fi m’ nan
gen yon demon k’ap maltrete 1’ anpil”. Li pa reponn li yon mo.
Patizan 1’ yo pwoche kote 1’, yo lapriyè 1’, yo di : “Ranvwaye 1’ paske 1’ap rele aprè
nou”.
Li menm, li reponn, li di :
“Yo voye m’ sèlman kot mouton k’ap peri yo, nan kay
Izrayèl la”.
Li menm li rive, li adore 1’, li di : “Granmèt, ede m’”.
Li reponn, li di : “Sa pa bon pou pran pen timoun yo,
pou jete 1’ bay chyen”.
Li menm li di : “Wi, Granmèt; men ti chyen yo manje
nan ti kal pen ki tonbe sot sou tab mèt yo”. Lè
sa a atò Jezi reponn, li di : “Madanm, lafwa ou gran, se pou sa rive pou
ou jan ou vle a”. Pitit fi 1’ la geri menm lè
sa a.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
«Madanm, lafwa ou gran»
Jodi a, anpil fwa nou tande
moun di «pa gen lafwa ankò», e se moun k’ap mande batize pitit yo, moun k’ap
mande katechis oubyen moun k’ap mande selebre maryaj pou yo ki di sa. Mòd fason
pale sa a, se yon fason yo wè tout bagay negatif nan mond lan, kòm si tan ki
pase yo te pi bon epi n’ap viv nan yon epòk kote moun pa ka di anyen ki nouvo
oubyen fè anyen ki nouvo. Nou vle pale de jèn gason ak jèn fanm ki tris lè yo
rann yo kont ke gen anpil chanjman ki fèt nan mond lan depi nan epòk paran yo
t’ap viv yon lafwa ki petèt te pi popilè, epi li te difisil pou yo te adapte.
Se yon eksperyans ki pa pote satisfaksyon.
Pasaj Levanjil jodi a atire
atansyon nou sou yon madanm moun lavil Kana, ki mande gras pou pitit fi li,
antan li rekonèt Jezi se Pitit David: «Pitye
pou mwen, Granmèt, pitit David, pitit fi m’ nan gen yon demon k’ap maltrete 1’
anpil» (Mt 15,22). Mèt la sezi wè kalite lafwa madanm nan, e li di li:
«Madanm, lafwa ou gran». Nan ka sa a Jezi pa ka pa fè kichòy pou sila yo ki mande li aji pou yo. Li di madanm
nan: «se pou sa rive pou ou jan ou vle a!» (Mt 15,28) . Lagras Bondye manifeste
nan reyalite lavi moun.
Lafwa a, se pa patrimwán yon
ti gwoup moun, konsa tou, li pa popriye prive sila yo ki kwè yo bon nèt, sila
yo ki gen yon etikèt sosyal oubyen relijye. Avan Legliz la aji, se Bondye ki
aji, e Sentespri a deja aji nan kè sila yo ki pote mesaj Bondye a, an favè sila
yo ki plis nan bezwen.
LAPRIYÈ : «Pitye pou mwen, Granmèt, pitit David,
mwen gen anpil pwoblèm k’ap trakase lavi m’.
PWOPOZISYON :
Si nou sèvi
pwochen nou, nou sèvi Bondye san mank.
No hay comentarios:
Publicar un comentario