Koulè Blan
DOMINIK KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE
LEKTI
“M’ap pase yon nouvo kontra, mwen
p’ap sonje peche a ankò”.
NAN
LIV PWOFÈT JEREMI 31, 31-34
“Men jou
k’ap rive, deklarasyon Granmet la, m’ap pase yon kontra nouvo
avèk kay Izrayèl la, avèk kay Jida a; se pa tankou kontra a mwen te pase avèk
zansèt yo а, jou mwen te pran men yo а, pou m’ kondwi yo sot nan peyi lejip la, kontra sa
a, se yo menm ki te kase 1’, mwen menm mwen te fè yo santi pouvwa m`,
deklarasyon Granmèt la.
M`ap mete lalwa m` nan zantray yo, m’ap ekri 1’
nan kè yo, m’ap Bondye yo, y’ap pèp mwen, pèsonn p’ap anseye pwochen 1’ ak frè
1’ ankò, antan 1`ap di : ‘Se pou ou konnen
Granmèt la’; sèke tout moun
ap konnen m’, depi pi piti nan yo jous nan pi gran an, deklarasyon Granmèt la;
paske m’ap padonnen fot yo, mwen p’ap sonje peche yo
ankò”.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM 50, 12-13. 14-15. 18-19
R/
Kreye yon kè ki pwòp nan mwen, Bondye.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye,
Refè yon lespri fèm nan
zantray mwen yo.
Pa jete m’ lwen fas ou,
Lespri Sen w’ lan, pa wete 1’ sot nan mwen.R.
Renmèt mwen kè kontan
delivrans ou a,
Asire m’ ak lespri ki pi vif la.
M’ap aprann moun ki nan peche yo chemen ou yo,
Mechan yo ap tounen vin jwenn ou.R.
Sèke ou p’ap pran plezi nan
sakrifis,
Sakrifis antye, si m’ofri 1’, li p’ap fè ou plezi.
Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze,
Yon kè ki kraze, ki
rabese, Bondye pa meprize 1’.R.
LEVANJIL
“Ou
se Pyè, m’ap ba ou kle rèy syèl yo”.
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN (Mt 16, 13-23)
Lè sa a:
Jezi rive
nan rejyon Sezare Filip la, li poze patizan 1’ yo
kesyon, li di: “Kisa moun yo di sou Pitit moun nan?”
Yo di: “Yon pòsyon se Jan Batis, yon lòt
se Eli, yon lòt
menm se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo”. Jezi di yo: “E nou menm, kisa nou
di mwen ye?”
Simon Pyè pran lapawòl, li di : “Ou
se Kris la, Pitit
Bondye ki vivan an”.
Jezi menm pran lapawòl, li di 1’: “Se chans pou ou, Simon, pitit Jan, paske se pa chè а ak san an ki devwale ou sa, men se Papa m’ ki nan syèl la. Mwen menm mwen di ou: ou se Pyè, e sou wòch sa a m’ap bati Legliz mwen an, pòt lanfè yo p’ap ranpote laviktwa kont
li. M’ap ba ou kle reny syèl yo; tout
sa ou ар mare sou tè a, 1’ap mare nan syèl la, tout sa ou ар lage sou tè a, 1’ap lage nan syèl la tou” Lè sa atò, li pase patizan 1’ yo lòd, pou yo pa di pèsonn li se Jezikri.
Apati lè sa a, Jezi kòmanse
montre patizan 1’ yo
li te gen pou 1’al Jerizalèm, pou 1’ soufri anpil nan men ansyen yo ak pwofesè
yo, ak chèf prèt yo, pou yo touye 1’ epi pou 1’ leve sou
twazyèm jou a.
Pyè menm pran 1’, li kòmanse fè 1’ repwòch, li di: “Wete
sa nan lide
ou, Granmèt, sa p’ap rive ou”. Li menm li vire, li di Pyè: “Pase dèyè m’, satan, ou jennen m’: paske ou pa goute sa k’ sot nan Bondye men sa k’ sot nan moun”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Ou pa goute sa k’ sot nan Bondye men sa k’ sot nan moun».
Jodi a, Jezi deklare ke
Pyè gen anpil chans akoz fason li pwoklame lafwa li: «Se chans pou ou, Simon,
pitit Jan, paske se pa chè а ak san an ki devwale ou sa, men se Papa m’ ki nan
syèl la» (Mt 16, 16-17). Nan pwoklamasyon sa a, Jezi pwomèt Pyè l’ap mete li
chèf Legliz li a, men yon ti tan aprè sa, Jezi t’a pral repwoche li move lide
li te genyen sou Mesi a: «Pase dèyè m’, satan, ou jennen m’: paske ou pa goute
sa k’ sot nan Bondye men sa k’ sot nan moun» (Mt 16, 22-23).
Nou
dwe montre nou rekonesan anvè kat Levanjelis yo, paske yo fè nou konnen premye
disip Jezi yo jan yo te ye reyèlman, se pa tankou gwo pèsonaj ideyalize, men se
tankou moun ki te gen chè ak zo, tankou nou, ak kalite yo ak defo yo, sa fè nou
vin pi pre yo e sa ede nou konstate nou gen anpil jefò pou nou fè, paske pa gen
moun ki fèt san peche.
Kòm
nou konnen istwa Levanjil la deja, nou aksepte ke se yon reyalite Jezi se Mesi
a, Sovè a, sila pwofèt yo te anonse a, e li te bay lavi li pou nou sou lakwa a.
Nan sans sa, nou menm tou, nou dwe fè jefò pou nou kontinye travay li te
kòmanse a. Nou grandi nan yon sosyete k’ap ankouraje nou chèche reyisi rapid,
san nou pa fè gwo jefò, pwofite tout bagay san nou pa travay pou sa; nan sans
sa nou gade bagay yo selon vizyon lèzòm, men pa selon vizyon Bondye. Aprè li te
fin resevwa Lespri Sen an, Pyè te rive pran konsyans nan ki chemen li dwe pase
e li te viv ak gwo lespwa. Tribilasyon mond la pote anpil soufrans e pa gen
rekonpans ki vini apre yo; men tribilasyon nou andire pou Bondye limen lespwa
nan kè nou. An nou kenbe fèm nan lafwa.
LAPRIYÈ :
Bondye Papa, menm jan ak Pyè, gen moman
nou fò, men tou gen moman nou febli. Tanpri mete fòs ou nan feblès nou, pou nou
pa tonble plat atè, men pou nou mache ak ou toutan, antan n’ap deklare Jezi se
Mesi a, se Sovè lèzòm.
PWOPOZISYON:
M’ap defann
Jezi pou Jezi ka defann mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario