Páginas

VANDREDI 5

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Madichon pou vil san an!”
NAN LIV PWOFÈT NAOUM 1, 15; 2, 2; 3, 1-3. 6-7
Men, sou mòn yo, pye sila a k’ap bay bòn nouvèl la, k’ap anonse lapè a. Jida, fete fèt ou yo, reyalize pwomès ou yo; paske Belyal p’ap rekòmanse pase nan ou ankò; li fin detwi nèt.
Sèke Granmèt la fè grandè Jakòb la tankou grandè Izrayèl la retounen, paske asasen yo te piye yo, yo te kraze jaden rezen yo.
Madichon pou vil kriminèl yo, li plen manti, li plen vòlè: ou pa sispann vòlè. Bwi fwèt, bwi wou k’ap fè vitès, ak chwal k’ap galope, ak kabwèt k’ap woule vit, ak kavalye k’ap monte alaso; zèklè epe, pik k’ap fè etensèl, anpil moun ki blese, anpil moun ki mouri; gen kadav toupatou, moun bite sou kò mò yo.
M’ap jete zidòl ou yo sou ou, m’ap avili ou, m’ap fè ou sèvi ezkanp. Tout moun k’ap wè ou, l’ap rale kò l’ sot sou ou, l’ap di: "Niniv detwi". Kilès k’ap souke tèt sou ou? Kote pou m’ chèche moun pou console ou?
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Det. 32, 35cd-36ab. 39abcd. 41 (r.: 39c)
R/ Se mwen menm k’ap touye, se mwen menm k’ap fè viv.
Li tou pre, jou pòv yo pèdi a, tan yo ap pwoche pou tann yo.
Granmèt la ap jije pèp li a,
L’ap pran pitye pou sèvitè l’ yo.R.
Gade kijan mwen pou kont mwen, pa gen lòt dye si se pa mwen:
Se mwen menm k’ap touye, se mwen menm k’ap fè viv, m’ap frape, m’ap geri.R.
Lè m’ap file epe m’ tankou zèklè a, lè men m’ sezi jijman an, m’ap tire vanjans sou lènmi m’ yo, m’ap regle sila yo ki rayi m’ nan.R.
LEVANJIL
"Kisa yon moun kapab bay pou peye lavi l’?"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 16, 24-28
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Si yon moun vle vin aprè m’, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’, pou l’ suiv mwen. Moun ki vle sove lavi l’, l’ap pèdi l’; moun ki vle pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap jwenn li. Sa sa ap sèvi yon moun si l’ posede tout tè a, men li peye sa ak lavi l’?
Oubyen kisa yon moun kapab bay pou l’ peye lavi l’?
Pitit moun nan gen pou l’ vini nan bèlte Papa l’ avèk Mesaje  l’ yo, lè sa a l’ap renmèt chak moun daprè travay li. An verite mwen di nou, gen moun ki kanpe isit la, ki p’ap goute lanmò, jous yo wè Pitit moun nan k’ap vin nan rèy li a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Si yon moun vle vin aprè m’, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’, pou l’ suiv mwen».
Jodi a, Levanjil la mete nou devan fas mond lan. Jezi radikal nan fason li pale a: «Si yon moun vle vin aprè m’, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’, pou l’ suiv mwen» (Mt 16,24). Nan anpil sikonstans lavi a, devan soufrans nou lakòz oubyen soufrans lòt moun lakoz, nou tande gen moun ki di: «Nou dwe pote kwa Bondye ba nou…Si sa pase konsa, se paske Bondye vle».
Soufrans la pa gen okenn valè nan li menm. Kris la pa t’ soufri pou li te montre moun Li se yon nèg ki brav: Li te swaf, li te grangou, li te fatige, li pa t’ renmen rete pou kont li, li te kite moun ede li… Li soulaje doulè a, ni nan kò a ni nan lespri a, tout kote li te kapab. Epi kisa ki pase?
Avan nou pran kwa nou sou do nou, fòk nou mache dèyè Kris la. Ou pa soufri avan epi aprè sa swiv Kris la. Avan tout bagay, se pou nou swiv Kris la nan Lanmou, epi se konsa n’ap konpran sakrifis la, sa ki fè nou renonse ak pwòp tèt nou an: « Moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, li va jwenn li ankò» (Mt 16,25).Se lanmou an ak mizerikòd la k’ap mennen nou nan sakrifis la.

Tout lanmou ki vrè enplike sakrifis yon fason oubyen yon lòt, men se pa tout sakrifis ki enplike lanmou. Bondye se pa yon sakrifis; Bondye se Lanmou,  es se nan pèspektiv sa a doulè a, fatig lakwa ekzistans nou jwenn sans li, atravè modèl moun Papa revele nou nan Kris la. Se Sen Ogisten ki te di nou «lè ou renmen, swa ou pa gen lapenn, swa ou renmen jiskaske ou renmen lapenn ou an».
Kidonk, frè ak sè mwen, an nou pa rann Bondye responsab soufrans nou, an  nou pa plede ap di: «Poukisa Bondye fè sa rive m’?»; okontrè, an nou eseye wè kòman soufrans nou yo ka fè nou vin pi pre Bondye. Se nan sans sa a n’a suiv Kris la tout bon vre, n’a merite pou Bondye Papa gade nou ak je mizerikòd li a, menm je li te gade Pitit li a sou lakwa a.
LAPRIYÈ : Jezi Granmèt, ou menm ki te tonbe-leve anba kwa peche nou yo, ou pa t’ rete atè a ; tanpri ede nou pote kwa nou ak lafwa yon jou nou va wè limyè solèy leve a. Ou menm ki vivan e ki wa jodi a e pou toutan.

PWOPOZISYON : Nan ane mizerikòd sa, m’ap ede yon moun ki nan difikilte pote kwa li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario