Koulè Blan
TRANSFIGIRASYON
GRANMÈT LA
(Fèt)
PREMYE LEKTI
«Rad li te blan
tankou nèj»
LEKTI LIV
PWOFÈT DANYÈL 7, 9-10. 13-14
Mwen t’ap gade, joustan yo poze twòn yo; Ansyen nan jou
yo vin chita. Rad li te blan tankou nèj, cheve tèt li te tankou lenn ki byen
pwòp; twòn li a se flanm dife, wou l’ yo se dife ki limen.Yon rivyè dife ap
koule byen vit sot devan fas li; pakèt mil fwa konbyen mil pèsonaj t’ap sèvi
l’, di mil fwa konbyen san mil te kanpe devan l’. Jijman an enstale, liv yo
louvri.
Mwen t’ap gade nan vizyon lannuit; sou nyaj syèl la se
tankou yon pitit moun ki t’ap vini, li rive jous devan Ansyen nan jou yo.Yo
mennen l’ devan l’, yo ba l’ pouvwa, konsiderasyon ak peyi wa; tout pèp, ras,
lang ap sèvi l’. Pouvwa l’ se pouvwa tout tan, ki p’ap disparèt; peyi wa l’
p’ap detwi.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
96, 1-2. 5-6.9
R/ Granmèt la wa, li anwo nèt anlè tout tè a.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan.
Nyaj yo ak bwouya antoure l’, jistis ak jijman se
platfòm fotèy li.R.
Mòn yo fonn tankou lasi devan fas Granmèt la, devan fas
Granmèt la tout tè a blayi. Syèl yo anonse jistis li, tout pèp yo wè glwa li.R.
Paske ou menm Granmèt, ou anwo nèt anlè tout tè a, ou
anlè byen wo, anlè tout dye yo.R.
DEZYÈM LEKTI
«Vwa sa a,
nou te tande l’ sot nan syèl la»
LEKTI DEZYÈM
LÈT APOT PYÈ KI SEN 1, 16-19
Nou menm mwen
si tèlman renmen an:
Se pa istwa
moun envante nan tèt yo nou t’ap suiv, lè nou te fè nou konnen pouvwa ak
prezans Granmèt nou Jezikri, men se ak pwòp je nou nou te wè grandè l’.
Li te resevwa
konsiderasyon ak glwa nan men Bondye Papa a, lè vwa a sot nan grandè glwa
Bondye Papa a, desann sou li: «Sa a se Pitit mwen an, sa m’ renmen an; nan li
mwen jwenn plezi m’; koute l’». Vwa sa a nou te tande l’ sot nan syèl
la, lè nou te avèk li sou mòn ki sen an.
Nou gen pawòl pwofèt yo ki solid; nou gen rezon ret ap
gade l’ tankou yon lanp k’ap klere nan yon kote ki fè nwa, joustan lajounen an
parèt, pou zetwal granmaten an monte nan kè nou.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Fas li klere
tankou solèy»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 17, 1-9
Lè sa a:
Jezi pran
Pyè, Jak ak Jan, frè l’ la, li mennen yo sou yon mòn ki wo anpil, yon kote apa;
li chanje figi devan yo. Fas li vin klere tankou solèy, rad li vin blan tankou
nèj.
Gen Moyiz ak
Eli ki vin parèt devan l’ k’ap pale avèk li.
Pyè pran
lapawòl, li di Jezi: «Granmèt, sa bon pou nou ret isit la: si ou vle, an nou fè
twa tant isit la, youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli».
Pandan li
t’ap pale toujou, yon nyaj klere vin kouvri yo. Yon vwa sot nan nyaj la, li di:
«Sa a se Pitit mwen an mwen renmen an, nan li mwen jwenn bon plezi m’: koute
l’».
Disip yo ki tande sa, yo tonbe sou fas yo, yo sezi
anpil.
Jezi pwoche, li touche yo, li di yo: «Leve, pa pè». Yo
leve je yo, yo pa wè pèsòn, sof Jezi sèl.
Pandan y’ap desann sot sou mòn nan, Jezi pase yo lòd, li
di: «Pa di pèsòn vizyon an, joustan Pitit moun nan resisite sot nan pami mò
yo».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a nan Legliz la,
n’ap fete fѐt
Transfigirasyon. Pasaj nou li nan labib la yo deja pèmèt nou gen yon lide sou
gwo fѐt sa a. Se yon fѐt kote Bondye Papa a montre ke Pitit li, Jezi, se Bondye nan tout laglwa
li. Nan yon ti moman, twa disip Jezi: Pyѐ, Jak
ak Jan goute pou kont yo kὸman sa ye nan syѐl la epi kontanple laglwa Bondye nan tout bѐlte
li.
Avѐk Jezi, te gen prezans Moyiz
ki reprezante Lalwa ak Eli ki reprezante pwofѐt
yo. N’ap raple nou ke Moyiz ak Eli te mouri deja men yo vini pou yo kapab
temwaye ke tout sa ki te ekri nan Ansyen Testaman an, nan lalwa a ak sou pwofѐt yo, tout vin akonpli nan Jezi. Nou remake ke prezans Moyiz ak Eli pa ase,
Bondye Papa konfime l’ li menm avèk pwὸp pawὸl pa l’ lѐ li di : «Sa a se pitit mwen
renmen an, nan li mwen jwenn plezi m’, koute li.» Twa mesye sa a yo te toujou
akonpaye Jezi nan anpil moman ansѐyman ak mirak li yo. Aprè bѐl eksperyans sa a sou tèt mὸn nan, se yo menm ankὸ ki pral akonpanye l’ nan moman agoni
l’ nan jaden Jetsemani an. Donk se pa t’ san rezon, paske chak mesye sa a yo te
pral tounen yon baz solid nan Legliz la. Pyѐ, se
li menm ki tounen wὸch ki bati Legliz la, Jak ta pral vin
tounen reponsab premye Legliz nan Jerizalѐm
epi Jan, ki se disip Jezi te pi renmen an, te pral vin tounen otѐ liv ki pi pwofon, pi enpὸtan nan Nouvo Testaman an ki se Levanjil selon Sen Jan an. Aprè yo fin viv
bѐl moman sa a, mesye yo ta pral asiste ak yon moman ki
tris anpil, ki se pasyon ak lanmὸ Jezi; men jamѐ yo p’ap janm bliye jou maten sa a, sou
mὸn nan kote Bondye te leve rido ki separe syѐl la ak tѐ a, epi li te ba yo privilѐj pou yo te kontanple vizyon sa a pou yo te deja genyen yon ide de sa ki
rezѐve nan lavi ki p’ap janm fini an pou tout moun ki gen kѐ yo pwὸp.
Nou menm tou, menm jan ak Pyѐ, Jak ak Jan, Jezi rele nou
chak pou nou akonpnye l’, pou nou kapab goute depi sou tѐ a ki gou, ki kѐ
kontan ki genyen nan lavi ki p’ap janm fini an. Si nou deside mache avѐ l’, non sѐlman
n’ap goute l’ sou tѐ a men n’a rive patisipe tout bon vre, nan dѐnye jou a, nan
bѐl fѐt kѐ kontan sa a.
LAPRIYÈ : Granmѐt, pѐmѐt mwen akonpanye
Pyѐ, Jak ak Jan, yo menm ki deja ap kontanple fas ou ki klere tankou solѐy la
epi rad ou ki vin blan tankou limyѐ a. Yon sѐl bagay mwen vle Jezi : gade
w’, admire w’, ba ou glwa, adore w’ epi kontanple w’. Mѐsi Granmѐt Jezi. Amѐn.
PWOPOZISYON : Pran yon ti tan, pou kont mwen epi
reviv nan lavi m’, bѐl moman sa a sou tѐt mὸn Transfigirasyon an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario