Páginas

DIMANCH 7

Koulè Vèt
DIZNEVYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE LEKTI
“Menm jan ou pini lènmi yo, konsa ou fè nou jwenn bèlte”.
NAN LIV LASAJÈS 18, 6-9
Nuit sa a, zansèt nou yo te konnen l’ deja davans, pou yo te kapab konnen reyèlman vre nan ki sèman yo te kwè, pou yo te kapab pran kouraj. Pèp ou a tann delivrans moun ki kòrèk yo, destriksyon mechan yo. Sèke menm jan ou te pini lènmi yo, konsa ou fè nou jwenn bèlte.
Ti moun ki kòrèk yo, pitit bon moun yo, se an kachèt yo t’ap ofri sakrifis, yo regle lalwa jistis la ansanm; moun ki kòrèk yo t’ap resevwa menm jan ni byen ni mal, yo te deja ap chante kantik zansèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 1 e 12. 18-19. 20 e 22
R/ Se chans pou pèp la Granmèt la chwazi kòm eritaj li a.
Fete nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo; lwanj la ale ak moun ki dwat yo. Se chans pou nasyon an, ki gen Granmèt la pou Bondye l’, pèp la li chwazi kòm eritaj li a.R.
Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li, pou l’ delivre nanm yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
Nanm nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye.Se pou kè sansib ou vin sou nou, Granmèt, tankou nou te espere nan ou.R.
DEZYÈM LEKTI
“Li t’ap tann lavil la, ki gen Bondye kòm enjenyè l’ ak mason l’.
NAN LÈT POU EBRE YO 11, 1-2. 8-19
Frè m’ yo:
Lafwa a se garanti bagay n’ap espere yo, se prèv bagay ki pa parèt yo. Se nan li ansyen yo te jwenn temwayaj.
Gras a lafwa, Abraam obeyi sila a ki te rele l’ la pou l’ pati nan yon kote li te gen pou l’ resevwa kòm eritaj, li pati san l’ pa konnen ki kote l’a prale.
Gras a lafwa, li abite nan tè pwomès la tankou yon etranje, li abite nan joupa avèk Izaak ak Jakòb ki te eritye menm pwomès la. Sèke li t’ap tann vil la ki gen fondasyon yo, Bondye se enjenyè ak mason l’ nan.
Gras a lafwa, Sara li menm tou resevwa pouvwa pou l’ gen pitit nan vant, malgre laj granmoun li, paske li te kwè sila a ki te pwomèt li te fidèl; se pousa nan yon sèl moun ki deja tou mouri se tankou zetwal syèl la an kantite ki fèt, epi tankou sab ki sou bò lanmè, sa yo pa kapab konte.
Se nan lafwa yo tout yo mouri, san yo pa resevwa reyalizasyon pwomès la, men se byen lwen yo wè l’, yo salye l’, yo te deklare se pèlren ak etranje yo te ye sou tè a. Yo menm ki di sa a, yo vle di se yon patri y’ap chèche. Si yo te ret ap sonje patri sa a kote yo sòti a, yo t’a gen tan tounen deja. Men o kontrè se yon pi bon patri y’ap chèche, se patri syèl la. Se pousa Bondye pa wont rele pwòp tèt li Bondye yo; reyèlman vre li pare yon vil pou yo.
Gras a lafwa, Abraam ofri Izaak, lè Bondye eseye l’ la; li ofri sèl pitit li a, li menm ki te resevwa pwomès yo, li menm yo te di l’: “Se pa lantremiz Izaak y’ap rele ou yon ras”; li te konsidere Bondye gen pouvwa ata pou l’ leve moun sot nan pami mò yo, se pousa li tounen jwenn pitit la, e sa se te yon parabòl.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Nou menm tou se pou nou pare”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 32-48
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Pa pè, ti bann mouton, paske Papa a kontan ba nou rèy nan.
Vann sa nou posede, fè lacharite. Fè bous ki p’ap chire, richès ki p’ap manke nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, kote vè pa gate. Sèke kote richès nou an ye a, se la kè nou ap ye tou.
Se pou ren nou mare, pou lanp nou limen nan men nou; nou menm se pou nou tankou moun k’ap tann mèt yo, lè l’ vin sot nan nòs; pou, kon l’ rive, li frape, menm lè a yo louvri ba li. Se chans pou sèvitè sa yo, si lè mèt la rive, li jwenn yo ap veye; an verite mwen di nou, l’ap mare ren l’, l’ap fè yo al sou tab, l’ap pase pou l’ sèvi yo. Si l’ rive nan dezyèm vèy la, epi si se nan twazyèm vèy la li rive, epi li jwenn yo konsa, se chans pou sèvitè sa yo.
Aprann sa, si pèdfami an te konnen ki lè vòlè a t’ap rive, li t’ap veye sètènman, li pa t’ap kite yo kase kay li. Nou menm tou se pou nou pare, paske se lè nou pa panse a, Pitit moun nan ap vini.
Pyè menm di l’: “Granmèt, èske se pou nou w’ap di parabòl sa a, oubyen si se pou tout moun?”
Granmèt la di: “Kilès jeran ki fidèl, ki gen ladrès, mèt li mete responsab moun lakay li, pou l’ ba yo pòsyon manje yo, lè tan an rive? Se chans pou sèvitè sa a, si lè mèt la rive, li jwenn li nan travay li. Reyèlman vre mwen di nou l’ap mete l’ responsab tout sa l’ posede. Men si sèvitè sa a di nan kè l’: “Mèt mwen mize pou l’ rive”, epi li kòmanse ap frape sèvitè yo ak sèvant yo, ap manje, ap bwè, ap vin sou, mèt sèvitè sa a ap rive jou li pa espere, ak lè li pa konnen, l’ap wete l’, l’ap mèt pòsyon l’ ansanm ak moun ki pa fidèl yo.
Sèvitè sa a ki konnen volonte mèt li a epi ki pa okipe sa, ki pa aji daprè volonte l’, l’ap resevwa anpil kou. Men sa k’ pa t’ konnen, epi ki fè aksyon ki merite kou, l’ap resevwa yon ti kras. Tout moun yo bay anpil, y’ap mande yo anpil; moun yo konfye anpil, y’ap mande l’ plis”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Genyen yon pwovèb ki di : lanmò pa gen klaksòn. Mezanmi se vre wi ! Lanmò pa avèti, li vin sanzatann. Konbyen fwa ou tande yo di: Entèl mouri. Lè sa, ou sezi, paske dènye fwa ou te wè li, sanble li te an bòn sante.
Gen moun fò, an sante, ki mouri byen mouri, epi gen moun ki malad ki dire lontan avan yo mouri. Lanmò a pa nan patipri, li vini e li ale ak sa li vle, li ba bezwen konnen si ou te granmoun, si ou te jèn osinon si ou te timoun. Si ou pa vle pou lanmò vin siprann ou, fòk ou toujou pare. Se sou sa Jezi ap pale nou jodi a.
Lè sa a, Jezi di disip li yo: se pou nou toujou pare,se pou lanp nou toujou limen, tankou sèvitè k’ap tann mèt yo tounen byen ta. Konsa, yo kab louvri pòt la ba li dèske li vin frape.
Ala chans pou sèvitè sa yo si mèt yo p’ap jwenn yo ap dòmi. Sa m’ap di nou la, se vre wi. Met la va fè yo chita bò tab la, epi se li menm menm k’ap sèvi yo. Wi, l’ap bon nèt pou yo si l’ jwenn yo konsa, kit li tounnen vè minwi, kit li tounen pita toujou.
Epi, Jezi ba yo yon lòt ti parabòl toujou, li di yo: Nou byen konnen, si mèt kay la te konnen kilè vòlè a t’ap vini, li ta veye, li pa ta kite li kase kay la. Konsa tou, nou menm se pou n’ toujou pare, paske Pitit moun nan va vini, lè nou pa ta kwè.
Zanmi mwen, parabòl sa a fasil pou nou konprann. Jezi ap pale nou sou finisman tan yo, lè li gen pou tounnen vin jije ni moun k’ap viv, ni moun ki mouri. Men, pou nou chak, Jezi va vini lè nou mouri. Èske nou pa sonje sa Jezi te di patizan l’ yo pandan dènye soupe li a? Li te di : Mwen prale pare yon plas pou nou. Lè fini, m’a tounen vin chache nou, pou nou kab menm kote avèk mwen.
Se pou nou pa janm bliye sa : depi nou batize nou te vin tounen sitwayen peyi kote Bondye wa a. Sou tè a, nou se jeran Bondye. Bondye mete nou pou nou travay sosye ak li, pou tè a tounen yon espas kote moun kab viv alèz, nan kè kontan ak nan kè poze. Epi, yon jou Jezi va tounen pou fè travay sa a rive bout. Lè sa a, nou tout ki te travay ak li, nou pral viv ak li tou nan tè tou nèf la, kote Bondye va siye tout dlo nan je nou. Se pou nou pa janm bliye sa, paske se asistans sa a ki ba nou fòs ak kouraj pou nou kenben fèm nan travay, se asirans sa a ki fè nou pa dekouraje. Sonje chante a ki di : Jezi mouri, li leve, se sa nou kwè. E nou sèten yon jou li va retounen. Se sa n’ap sonje, se sa ki kenbe nou. Ann di : Maranata, vini Jezi o !
Jezi pa vle nou gen kè kase lè nou sonje lanmò nou. Okontrè, li vle ban nou kouraj ak espwa, li vle nou viv ak kè poze. Li vle nou kenbe fèm nan travay pou gen plis fratènite ak jistis anwo tè a, paske nou konnen nou p’ap travay pou bon tan, pou granmesi. Sa kab sanble kòm si li mize, men, l’ap vini kan menm, pou kouwonnen travay nou. L’a fè nou wè fwi travay nou yo. Lè sa a, kè nou va kontan nèt ale.
LAPRIYÈ: Granmèt mwen pa ta renmen Jou Jijman an se yon sipriz pou mwen. Tanpri ede mwen travay ak pasyans, dekwa pou jou rekòt la mwen kapab rekòlte bon kalite fwi avèk ou. Ou menm ki vivan e ki wa jodi a e pou toutan. Amèn.

PWOPOZISYON: Nou pa gen dwa ret chita dekouraje. Se pou nou kenbe fèm nan travay sosye ak Bondye pou itil frè nou yo. Nan semèn sa a, an nou repete ti priyè premye kretyen yo te konn di: Maranata, vini, Jezi Granmèt.

No hay comentarios:

Publicar un comentario