Koulè Blan
JAN-MARI VYANE
KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Vizyon sa a,
se vizyon pòtre bèlte Granmèt la»
LEKTI LIV
PWOFÈT EZEKYÈL 1, 2-5. 24-2, la
Sou senkyèm jou mwa a (sa vle di senkyèm ane ekzil wa
Jowakin) pawòl Granmèt la rive kòt prèt Ezekyèl, pitit Bouzi, nan peyi Kaldeyen
yo, bò gran larivyè Koba a. Se la menm Granmèt la te sou mwen.
Mwen wè: se yon van tanpèt ki t’ap vin sot nan Nò, avèk
gwo nyaj, avèk dife k’ap fè laviwonn, avèk klète alantou l’; nan mitan l’ se te
tankou aparans zèklè, k’ap sòti nan mitan dife a; nan mitan l’ tou, se te
tankou potrè kat vivan, aparans yo se te tankou pòtrè moun.
Mwen tande bwi zèl yo, tankou bwi gran dlo yo, tankou
bwi Bondye ki anwo nèt la: lè y’ap deplase, se te tankou bwi foul, tankou bwi
lame yo; lè yo ret an plas, zèl yo sispann bat. Lè bwi a rive anlè plafon an ki
te anlè tèt yo a, yo ret an plas, zèl yo ret an repo.
Anlè plafón an, ki te dirèk sou tèt yo a, se te tankou
aparans bijou yo rele safi a, tankou pòtrè yon fotèy; anlè aparans fotèy la, se
tankou aparans yon moun ki chita sou li. Mwen wè tankou aparans zèklè, tankou
pòtre dife, anndan l’, toutalantou, apati tay li an montan, epi apati tay li an
desandan; mwen wè tankou aparans dife ki klere toutalantou, tankou pòtrè
ak-an-syèl ki nan nyaj, jou lapli; se te aparans bèlte a toutalantou.
Vizyon sa a, se vizyon pòtrè bèlte Granmèt la. Mwen wè, epi mwen tonbe sou fas mwen.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 148, 1-2. ll-12ab. 12bc-14a. 14cd
R/ Syèl la ak tè a plen ak bèlte ou.
Fè lwanj Granmèt la depi sot nan syèl yo, fè lwanj li
nan anwo syèl yo. Fè lwanj li, tout mesaje l’ yo, fè lwanj li, tout pouvwa l’
yo.R.
Wa yo sou tè a ak tout pèp yo, chèf yo ak tout jij tè
yo, jèn jan ak vyèj yo, granmoun yo ak ti moun yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non Granmèt la. Paske se non l’
sèl ki anlè nèt; lwanj li anlè syèl la ak tè a.R.
Li leve kou pèp li lwanj pou nou, tout sen l’ yo, pou
pitit Izrayèl yo, pèp ki tou pre l’ la.R.
LEVANJIL
«Y’ap touye
l’, l’ap leve vivan. Pitit yo ekzante peye taks»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 17, 21-26
Lè sa a:
Pandan disip
yo te rasanble ak Jezi nan Lagalile, li di yo: «Y’ap renmèt Pitit moun nan nan
men lèzòm, y’ap touye l’, men sou twazyèm jou a, l’ap leve vivan». Yo te pran
chagren anpil.
Lè yo rive
Kafanawòm, moun yo ki t’ap ranmase de goud yo, yo pwoche kot Pyè, yo di l’:
«Èske Mèt nou an p’ap peye de goud yo?» Li di: «Wi».
Lè l’ antre nan kay la, Jezi pran devan l’, li di: «Sa
ou di nan sa, Simon? Wa yo sou tè a, nan men ki moun yo resevwa taks oubyen
enpo? Eske se nan men pitit yo oubyen nan men etranje yo?» Li di: «Nan men
etranje yo».
Jezi di l’:«Ebyen, pitit yo ekzante. Sèlman, pou nou pa
sèvi okazyon pou fè yo tonbe, al nan lanmè a, voye zen an; premye pwason k’ap
monte a, pran l’ louvri bouch li; w’ap jwenn yon pyès lajan; pran l’, ba yo pou
mwen avèk pou ou».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Premye moso Labib la
chaje ak imaj. Se tankou yon tablo ki pentire ak anpil koulè, men chak koulè yo
genyen yon sans pou moun ki pentire a. Nan lekti sa a pwofèt Ezekyèl pale nou
de yon vizyon ke li te fè. Nan vizyon sa li ede nou kontanple puisans bèlte
Granmèt la. Vizyon sa a, se vizyon pòtrè
bèlte Granmèt la.
Nan Levanjil la nou jwenn avèk yon kesyon taks.
Jezi ki montre nou, avèk jès peye taks la, li pa vini pou l’ kraze sistèm
sosyete epòk li t’ap viv la. Men li te vle fè patizan li yo dekouvri kòripsyon
sistèm nan. E se lakòz menm sistèm sa a ki fè yo te klouwe Jezi sou kwa a.
Men, aprè lanmò li, Jezi te leve byen vivan,
paske li pa t’ posib pou li te rete nan kavo a, selon plan renmen san limit
Bondye a. Atravè lakwa nou dekouvri vrè vizaj renmen an, yon renmen ki
defigire, yon renmen ki sipòte tout eprèv e ki padonen nan yon mezi ki depase
konpreyansyon nou. Eksperyans soufrans Granmèt la, antan li tounen mwayen ki pi
efikas pou kraze lanmò a, li vin tounen yon chemen delivrans pou tout limanite.
LAPRIYÈ : Bondye, fè nou dekouvri chak jou pòtre w’ nan frè ak sè nou
yo k’ap soufri enjistis nan lemond antyen espesyalman nan sosyete nou an.
PWOPOZISYON : Pote konsolasyon bay yon moun ou konnen y’ap fè
enjistis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario