Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Li fè m’ manje woulo liv sa a, li vin dous tankou siwo myèl nan bouch
mwen»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 2, 8-3, 4
Men pawòl
Granmèt la:
«Ou menm
pitit moun, koute tout sa m’ap di ou, pa eksite m’, tankou kay sa a k’ap eksite
m’ nan; louvri bouch ou, manje tout sa m’a ba ou». Mwen wè, se yon men ki lonje
sou mwen, nan men an te gen yon liv ki woule; li lonje l’ devan m’, liv la te
ekri andan ak deyò, andan l’ te ekri plent, kantik ak madichon.
Li di m’:
«Pitit moun, tout sa w’ap jwenn, manje l’; manje liv sa a, al pale ak pitit
Izrayèl yo». Mwen louvri bouch mwen, li fè m’ manje woulo sa a, li di m’:
«Pitit moun, se pou vant ou manje, se pou zantray ou plen ak woulo sa a mwen ba
ou a». Mwen manje l’, li vin dous tankou siwo myèl nan bouch mwen.
Li di m’: «Pitit moun, al kot kay Izrayèl la, pale yo
pawòl mwen yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
118, 14. 24.72.103.111.131
R/ Ala dous pawòl ou yo dous nan palèt mwen, Granmèt!
Nan wout temwayaj ou yo mwen jwenn plezi m’, tankou nan
tout kalite richès.R.
Sèke temwayaj ou yo se plezi m’, desizyon ou yo se
konsèy mwen.R.
Lalwa ou la pi bon pou mwen pase kantite lò ak lajan.R.
Ala dous pawòl ou yo dous nan palèt mwen, plis pase
siwo myèl nan bouch mwen.R.
Eritaj mwen se temwayaj ou yo pou tout tan, paske se
kontantman kè m’ yo ye.R.
Mwen louvri
bouch mwen, mwen respire lespri a, paske mwen te anvi kòmandman ou yo.R.
LEVANJIL
«Atansyon pou
nou pa meprize youn nan ti piti sa yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 18, 1-5. 10. 12-14
Lè sa a, disip yo pwoche kot Jezi, yo di:
«Kilès ou kwè ki pran nan peyi wa syèl yo?»
Jezi rele yon ti moun piti, li mete l’ kanpe nan mitan
yo, li di: «An verite, mwen di nou: si nou pa chanje pou nou vin tounen tankou
ti moun piti yo, nou p’ap antre nan peyi wa syèl yo. Tout moun k’ap fè tèt li
piti tankou ti moun piti sa a, se li menm ki pi gran nan peyi wa syèl yo. Moun
ki resevwa yon ti piti konsa o non mwen, se mwen menm li resevwa.
Atansyon pou nou pa meprize youn nan ti piti sa yo;
sèke mwen di nou: Mesaje pa yo a nan syèl la toujou ap gade fas Papa m’ ki nan
syèl la.
Sa nou di nan sa? Si yon moun gen san mouton, epi youn
nan yo pèdi wout, èske li p’ap kite katrevendiznèf lòt yo nan mòn, pou l’ al
chèche sa k’ pèdi wout la? Si l’ rive jwenn li, an verite mwen di nou, l’ap pi
kontan poutèt li pase pou katrevendiznèf yo ki pa t’ pèdi wout yo. Se konsa, se
pa volonte Papa nou ki nan syèl la, pou youn nan ti piti sa yo peri.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Nan premye lekti a, atravè eksperyans pwofèt
Ezekyèl, nou dekouvri kijan li enpòtan pou nou medite, reflechi, viv epi preche
pawòl Bondye a. Sa vle di si nou vle bay transmèt pawòl la ak plis efikasite, nou dwe manje pawòl la,
nou dwe kite li penetre tout sans nou, tout lavi nou.
Kanta pou levanji la, se yon envitasyon pou nou viv ak kè nou senp, sa
vle di ak anpil imilite. Sa se yon kondisyon pou nou kapab antre nan wayòm
Bondye a. Vik ak kè nou senp, se viv san move entansyon, ak yon kè pwòp, san
ipokrizi.
Lanmou Granmèt la tèlman gran, li pa vle pèdi youn nan pitit li yo, se
poutèt sa nou wè jan li se yon bon gadyen ki sòti al chache ti mouton li pa wè, jiskaske li rive jwenn li. Bondye toujou ba
nou yon chans pou nou repanti.
Pawòl Bondye pou jodi a, se yon envitasyon pou nou aprann viv ak
pasyans menm jan Granmèt la trete nou: malgre nou se pechè, li la pou l’ padone
nou, pou li akeyi, chak fwa nou retounen nan pye l’ ak yon kè ki senp.
LAPRIYÈ: Papa Bondye, ede m’ mache sou lòd ou,
ban m’ yon espri ki senp pou m’ka resevwa byen syèl yo.
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap rann yon moun sèvis ak anpil senplisite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario