Koulè Wouj
LORAN KI SEN, Dyak e Mati
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”.
NAN DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 9, 6-10
Frè m’ yo:
Moun ki simen
chich, li rekòlte chich tou; men moun ki louvri bra l’ pou l’ simen, li louvri
bra l’ pou rekòlte. Chak moun, daprè sa l’ te deside nan kè l’, san se pa
nan chagren ni nan fòse; sèke Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. Bondye
gen pouvwa pou l’ fè nou vin gen anpil gras, pou nou gen tout sa nou bezwen
tout tan, pou nou kapab debòde nan tout kalite bon aksyon, daprè sa k’ ekri a:
“Li separe, li bay pòv yo, jistis li dire pou tout tan gen tan”.
Sa a k’ap bay
semans pou moun k’ap simen an, k’ap bay pen pou moun manje a, se li menm k’ap
fè semans nou an vin anpil, k’ap fè plant jistis nou yo grandi.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 111, 1-2. 5-6. 7-8.9
R/ Ala kontantman pou moun ki pran pitye, ki prete.
Ala
kontantman pou moun ki krenn Granmèt la, ki met anvi l’ anpil nan kòmandman l’
yo.
Ras li ap gen
pouvwa sou tè a, jenerasyon moun ki dwat yo ap beni.R.
Se kontantman
pou moun ki pran pitye, ki prete, ki regle zafè l’ nan jijman, paske li p’ap
tranble. Moun kòrèk la, y’ap sonje l’ tout tan.R.
Li p’ap pè
move nouvèl. Kè l’ pare, li espere nan Granmèt la. Kè l’ asire, li p’ap pè, joustan
li meprize lènmi l’ yo.R.
Li separe, li bay pòv yo; jistan li dire pou tout tan
gen tan, kòn li ap leve nan glwa.R.
LEVANJIL
“Si yon moun
ap sèvi m’, Papa m’ ap fè l’ jwenn konsiderasyon”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 12,
24-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Amèn, amèn mwen di nou: si grenn ble a ki tonbe nan tè
a pa mouri, l’ap ret pou kont li; men si l’ mouri, l’ap donnen anpil fwi. Moun
ki renmen lavi l’ l’ap pèdi l’, men moun ki rayi lavi l’ sou tè sa a, l’ap
konsève l’ pou lavi tout tan an.
Si yon moun ap sèvi m’, se pou l’ suiv mwen; epi kote
m’ ye a, se la sèvitè m’ nan ap ye tou. Si yon moun ap sèvi m’, Papa m’ ap fè
l’ jwenn konsiderasyon.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a
Legliz la ap fete youn nan zanmi Bondye yo, ki se Sen Loran. Chak fwa n’ap fete
yon sen, li toujou enteresan pou nou fè yon ti repase istwa li, pou nou wè ki
kalite moun sa a te genyen ki fè Legliz la prezante nou li kòm yon modèl. Fete yon sen, se fete renmen, paske premye bagay ki fè yon moun vin sen,
se renmen an, renmen pou Bondye ak renmen pou pwochen an. Se renmen sa
ki te pran Loran nan zantray ki fè li pa t’ pè bay lavi li pou Jezikri ke li te
kontanple nan pòv yo, sila yo ki pi fèb nan sosyete a.
Ann fè yon ti koudèy sou istwa Loran epi n’ap rive
konprann poukisa li sen:
Istwa fè nou konnen ke Loran te fèt vè 210 ou 220 nan
peyi Espay, kote wa Aragon t’ap kòmande. Papa li te rele Orence e manman li te
rele Patience. Paran li yo te voye li nan yon vil yo rele Saragòs pou li te
kapab konplete etid li e se la li te fè konesans sila ki te gen pou pap la,
Sixte II, ki te fèt nan peyi Lagrès e ki te yon gran pwofesè. Kòm nèg ki te
byen edike, ki te entelijan e ki te respekte moun, yon jou yo te mete Loran kòm
chèf sou lòt dyak yo, nan Legliz Wòm nan. Se nan vil sa ke li ta pral bay
temwayaj levanjil la, jiskaske li te rive bay san li, menm jan ak mèt li a ki
te vin pap la, Sixte II. Lè pap Sixte II te monte sou chèz Sen Pyè a, touswit
li te rele Loran ki te bon zanmi li ak ansyen elèv li pou li te ba li jere tout
lajan Legliz Wòm nan. Nan epòk sa a, gwo chèf yo te rele Valeryen an te pase
lòd pou yo te pèsekite tout moun ki te oze di yo se patizan Jezikri. Se konsa
pap la te tonbe anba men malveyan yo, yo touye li. Avan pap la te mouri, li te
pase Loran lòd pou li separe tout kòb la bay pòv yo. Lè yo fin touye li, yo vin
mande Loran kont sou lajan li t’ap jere yo. Men Loran te refize ba yo li, li te
distribiye lajan bay pòv yo. Lajan sa a, wa ki t’ap gouvènen an te bezwen li
pou li te bay sòlda li yo manje ak pou li te achte rad ak zam pou yo.
Kòm malfèktè yo pa t’ rive jwenn kòb la, yo te deside
touye Loran. Se konsa yo te boukannen li sou yon gri menm jan nou konn wè yo
boukannen yon poul. Loran te obeyi. Yo touye li e li mouri mati avèk anpil
kouraj. Vwala yon kretyen tout bon, vwala yon gason ki vanyan. Se kalite nèg sa
ke Legliz la prezante nou kòm modèl lafwa, esperans ak charite jodi a, yon nèg
ki te fè yon opsyon preferansyèl pou pòv yo e ki mouri poutèt non Jezikri.
Zanmi mwen, swiv Jezi se pa yon bagay ki fasil non! Fèt
sa a, se sa l’ap fè nou sonje tou.
Swiv Jezi, se aksepte desespyon, se aksepte fè fas ak
pèsekisyon, se aksepte mouri mati.
Jezi te aksepte tout bagay sa yo. E nou menm tou, nou
dwe pare pou nou fè fas ak yo, paske Levanjil Jan ap di nou: “si grenn ble a ki
tonbe nan tè a pa mouri, l’ap ret pou kont li; men si l’ mouri, l’ap donnen
anpil fwi”. Jezi di nou ankò, si yon moun ap sèvi li, se pou li swiv li. Epi li
fè konnen nenpòt moun ki sèvi li epi ki swiv li, l’ap jwenn konsiderasyon nan
men papa li. Sa se yon bèl pwomès ki te reyalize pou Sen Loran. Nou menm tou,
ann chèche viv pou Bondye pou nou kapab merite jwenn konsiderasyon nan men li
menm jan ak tout sen yo, espesyalman Sen Loran ki te montre anpil atansyon pou
pòv yo, e li mouri mati poutèt kalite chwa sa ke li te fè a. Bondye kouwone li,
li ba li yon plas espesyal nan syèl la.
LAPRIYÈ:
Bondye, se nan chalè charite w’ la Loran ki sen te fè wè valè l’ antan l’ fidèl
nan sèvis la, epi antan li jwenn glwa nan mati a, tanpri, fè nou renmen sa l’
te renmen, epi sa l’ te anseye a, fè nou reyalize l’ nan sa n’ap fè. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Chèche kote
yon pòv ye pou ou ofri li kichòy jodi a. Se pa fòseman lajan; ou ka ofri li yon
plat manje, oubyen yon rad, oubyen nenpòt bagay ki ka fè kè li kontan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario