Koulè Blan
KLÈ KI SEN, Vyèj
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«W’ap travèse devan yo, gwo lajounen, tankou moun k’ap pati an ekzil»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 12, 1-12
Pawòl Granmèt la rive kote m’, li
di :
«Pitit moun, se nan mitan yon kay
rebèl ou abite, moun ki gen je pou yo wè, men ki pa wè, ki gen zòrèy pou yo
tande, men ki pa tande, paske se kay rebèl li ye.
Ou menm, pitit moun, fè pakèt ou
tankou si w’ap pati an ekzil, epi pati gwo lajounen devan yo ; w’a pati
sot kote ou ye a, al yon lòt kote devan yo, petèt y’a wè se kay rebèl yo ye;
w’a pote pakèt ou tankou pakèt moun ki ekzile, gwo lajounen, devan yo; ou menm
w’a sòti nan aswè devan yo, tankou moun k’ap kite peyi a konn sòti.
Devan je yo, fouye miray la, sòti
ladan l’; devan je yo, w’a pote sak ou sou zepòl ou, nan fènwa w’a pote l’, w’a
vwale fas ou pou ou pa wè peyi a, paske mwen fè ou sèvi yon siy pou kay Izrayèl
la».
Konsa mwen fè jan Granmèt la te
pase m’ lòd la : mwen pote pakèt mwen tankou pakèt moun k’ap pati an ekzil
gwo lajounen, epi nan aswè mwen fouye yon twou ak men m’ nan miray la, mwen
sòti nan fènwa, mwen pote sak mwen sou zepòl mwen devan yo.
Pawòl Granmèt la rive kote m’
granmaten, li di m’ : «Pitit moun, pouki sa kay Izrayèl la, kay rebèl la,
pa di ou : «Ki sa w’ap fè a?» Di yo : «Men pawòl Granmèt Bondye
a : se sou chèf yo ki Jerizalèm nan chaj sa a poze, ak sou tout kay
Izrayèl la ki nan mitan yo a». Di konsa : «Mwen se siy nou» : jan m’
fè a, se konsa y’ap fè yo ; y’ap pati an ekzil, kòm esklav, chèf la ki nan
mitan yo a, l’ap pote sak li sou zepòl li, l’ap sòti nan fènwa, y’ap fouye twou
nan miray la pou yo fè l’ sòti ; fas li ap kouvri, pou l’ pa wè peyi a ak
je li».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 77, 56-57. 58-59. 61-62
R/ Pa bliye aksyon Bondye yo.
Yo eseye Bondye ki anwo nèt la, yo
eksite l’, yo pa kenbe temwayaj li yo.
Yo vire do ba li, yo fè rebèl, tankou zansèt yo, yo vire an aryè tankou yon
move zam pou tire flèch.R.
Yo eksite l’ sou ti wotè yo; yo fè l’ fè jalouzi avèk
zidòl yo.
Bondye tande,
li fache, li meprize Izrayèl byen meprize.R.
Li renmèt
lame l’ kòm prizonye, li renmèt bèlte l’ nan men lènmi an.
Li fèmen pèp
li a nan epe, li fè kòlè kont eritaj li a.R.
LEVANJIL
«Mwen pa di ou pou ou renmèt jouska sèt fwa, men jouska swasanndis fwa
sèt fwa»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18, 21-19, 1
Lè sa a:
Pyè pwoche
kot Jezi, li di: «Granmèt, konbyen fwa, si frè m’ fè peche kont mwen, pou m’
padonnen l’? Èske se sèt fwa?»
Jezi di l’:
«Mwen pa di ou jouska sèt fwa, men jouska swasanndis fwa sèt fwa.
Se pousa rèy syèl la sanble ak yon wa, ki te vle regle
avèk sèvitè l’ yo. Lè l’ kòmanse regle, yo mennen youn ba li ki te dwe di-mil
goud. Kòm li pa t’ gen dekwa pou l’ renmèt, mèt li pase lòd pou yo vann li,
ansanm ak madanm li, ak pitit li yo, ak tout sa l’ te genyen, pou l’ kapab
renmèt. Men sèvitè a menm lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: «Pran pasyans
avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay». Mèt sèvitè sa a pran pitye pou li, li lage
l’, li padonnen l’ dèt li a.
Men kon sèvitè sa a sòti, li rankontre youn nan sa k’
konn sèvi ansanm avèk li yo, ki te dwe l’ san goud; li sezi l’, pou l’ toufe
l’, li di: «Renmèt sa ou dwe». Sèvitè sa a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li
di: «Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay». Li menm menm, li
refize, li pati, li voye l’ nan prizon, joustan li renmèt dèt la.
Lè lòt sèvitè yo wè sa l’ te fè, yo pran chagren anpil,
yo rive, yo rakonte mèt li tout sa k’ te pase. Mèt li rele l’, li di l’: «Move
sèvitè, mwen te renmèt ou tout dèt la, paske ou te lapriyè m’; èske ou menm tou
ou pa t’ dwe pran pitye pou sila a k’ap sèvi ansanm avèk ou a, menm jan mwen te
pran pitye pou ou a?» Mèt li fache, li renmèt li bay gad yo, joustan li renmèt
tout sa l’ te dwe.
Se konsa tou Papa m’ ki nan syèl la ap fè avèk nou, si
nou chak nou pa padonnen frè nou ak tout kè nou».
Lè Jezi fin fè prèch sa yo, li pati sot Lagalile, li
rive nan limit Jida, lòt bò Jouden an.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Pitit moun, se nan mitan yon kay rebèl ou abite, moun ki gen je pou yo wè,
men ki pa wè, ki gen zòrèy pou yo tande, men ki pa tande, paske se kay rebèl li
ye.»
Tan dezolasyon t’ap pwoche, men
malgre anpil avètisman pèp la pa t’ deside chanje chanje move konduit li yo, li
pa t’ deside kase tèt tounen al jwenn Bondye ; se mal li t’ap miltipliye.
Bondye mande pwofèt la fè yon siy nan figi pèp la. Pwofèt la mare pakèt li gran
jounen epi li sòti kite vil la. Nan aswè li fè yon twou nan miray la pou l’
sòti. Ezekyèl
montre pèp la kòman lènmi l’ yo ap fè l’ pati kite peyi yo tankou esklav.
Bondye gen kè sansib pou tout pitit li, menm pou sa ki
pi pa bon an, se pousa li voye mesaje l’ yo tout tan, nan tout sikonstans,
dekwa pou okenn pa peri. Nan tan n’ap viv la, Granmèt la kontinye ap ba nou
avètisman.
Nan pòsyon levanjil nou li pou jodi a Bondye mande nou
gen pitye youn pou lòt menm jan li menm li gen mizerikòd pou nou.Yon kretyen
dwe aprann padone paske chak jou nou li resevwa padon.
Konsa se pou nou evite di: “Tout otan mwen pa gen dis liv tè sou lestomak mwen, mwen p’ap padone’’.
Si Bondye ki twa fwa sen padone nou, e nou menm kisa nou ye pou n’ pa ka
padone. Poutan chak fwa nou priye nou mande Bondye «padone nou tankou nou padone moun ki fè nou kichòy». Fòk nou pa bay tèt nou manti, paske nou pa ka twonpe Bondye.
Menm jan lè nou resevwa padon ak
mizerikòd Bondye nou santi nou lib, se konsa tou pou nou aprann libere lòt yo
ke nou kenbe kòm prizonye nan kè nou ; se pou nou padone frè ak sè nou yo
ki fè nou mal. Nou tout se pechè, pa gen moun ki kòrèk nèt. An nou youn soutni
lòt, konsa ansanm n’a vanse pou pi devan sou wout sentete a.
LAPRIYÈ : Granmèt, mèsi paske ou pa janm bouke padone mwen ;
tanpri ede m’ viv san rankin pou frè ak sè m’ yo. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap mande Bondye padon epi padone moun ki te ofanse
mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario