Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
NAN LIV EZEKYÈL 16,1-15.60.63
“Ou
te korèk nèt, gras a bèlte m’, mwen te mete sou ou; men ou fè move kondwit”.
NAN LIV
PWOFÈT EZEKYÈL 16, 1-15. 60. 63
Pawòl Granmèt la rive kote m’, li di :
“Pitit moun, fè Jerizalèm konnen move aksyon 1’ yo,
di: Men pawòl Granmèt Bondye pou Jerizalèm : ‘Rasin ou ak ras ou, se nan
tè Kanaan an li sòti, papa ou se
te Amoreyen an, manman ou se te Itit. Lè ou fèt, jou nesans ou a, yo pa t’ koupe kòd
lonbrit ou, yo pa t’ lave ou nan dlo pou sove ou, yo pa t’ fwote ou
ak sèl, yo pa t’ vlope ou ak kouchèt. Je pa t’ panche sou ou avèk pitye,
pou 1’ fè anyen nan bagay sa yo pou ou,
men yo te jete ou atè a, antan yo meprize ou, jou ou te fèt la.
Mwen pase
kote ou, mwen
wè w’ap debat nan san ou, mwen di
ou, pandan ou nan san w’ nan : «Se pou
ou viv. Mwen di ou : ‘Se pou ou
viv nan san w’ nan». Mwen fè ou devlope
tankou zèb jaden, ou devlope vre, ou vin gran;
ou antre, ou rive jous nan laj pou ou vin yon
madanm : sen ou vin gwo, cheve ou pouse; men ou te nikò
[toutouni], ou te wont anpil.
Mwen pase
kote ou, mwen
wè ou; se te
tan ou, tan pou ou renmen. Mwen lonje
manto m’ sou ou, mwen kouvri lawont ou a; mwen fè ou sèman, mwen pase kontra
avèk ou, deklarasyon Granmèt Bondye, ou vin pa m’.
Mwen lave ou ak dlo, mwen pwòpte san ou nan sot nan ou, mwen sakre ou ak lwil;
mwen abiye ou ak rad anpil koulè, mwen mete soulye bèl kwi nan pye ou, mwen pase yon senti
swa nan ren ou, mwen abiye ou byen bèl.
Mwen mete bèl bijou sou ou, mwen mete brasle nan bra
ou, ak kolye nan kou ou; mwen mete zanno
nan zorèy ou, ak kouwon bèlte sou tèt ou. Ou dekore ak lò ak lajan, ou abiye ak
koton, ak swa, ak bwodri. Se farin fin ak siwo myèl ou te manje, ou vin bèl
anpil, ou vin larèn. Repitasyon ou sòti nan pami nasyon yo poutèt bèlte ou;
paske ou te bèl anpil akoz bèlte m’ nan mwen te mete sou ou a, deklarasyon
Granmèt la.
Men ou vin mete konfyans nan bèlte ou la, ou fè move
plezi ak repitasyon ou, ou ekspoze move plezi
ou la bay tout moun k’ap pase.
M’ap sonje kontra m’ nan mwen te pase avèk
ou a nan tan ou te jèn nan, m’ap pase
yon kontra toutan avèk ou; pou
ou sonje, pou ou wont, pou ou pa louvri bouch ou ankò poutèt lawont ou,
lè m’ap padonnen tout sa ou te fè yo”, deklarasyon Granmèt la.
(oubyen, si yo vle :)
“M’ap
sonje kontra m’ nan avèk ou, w’ap wont”.
LEKTU
LIV PWOFET EZEKYÈL 16, 59- 63
Men pawòl Granmèt Bondye :
“M’ap aji avèk ou jan ou te meprize sèman an, pou ou
te kase kontra a. M’ap sonje kontra m’ nan mwen te pase avèk
ou a, nan tan ou te jèn nan, m’ap pase
yon kontra toutan avèk ou. W’ap sonje chemen ou yo, w’ap wont, lè
w’ ap resevwa sè ou yo ki pi gran pase
ou yo avèk sa k’ pi piti pase ou yo; m’ap renmèt yo ba ou kòm pitit fi; men se
pa apati kontra ou la.
M’ap pase
kontra m’ nan avèk ou, w’ap konnen mwen se Granmèt la
pou ou sonje, pou ou wont, pou
ou pa louvri bouch ou ankò poutèt lawont ou, lè m’ap padonnen tout sa ou
te fè yo”, deklarasyon Granmèt la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS : Iz 12, 2-3. 4bcd. 5-6 (r.: le)
R/ Kolè ou vire,
ou konsole m’.
Men Bondye sovè m’ nan,
Mwen gen konfyans, mwen p’ap
pè,
Paske fòs mwen ak lwanj mwen
se Granmèt la,
Li vin sèvi m’ delivrans.
N’ap tire dlo ak kè kontan
nan sous Sovè a.R.
Fè lwanj pou Granmèt la,
rele non 1’, fè konnen mèvèy li yo nan nasyon yo; sonje kijan non 1’ anlè nèt.R.
Chante pou Granmèt la paske
li fè mèvèy, anonse sa sou tout tè a.
Danse, fè lwanj, pèp Siyon,
Paske li gran nan mitan ou,
Sen Izrayèl la.R.
LEVANJIL
“Se
poutèt kè di nou an Moyiz te pèmèt nou ranvwaye madanm nou yo; nan kòmansman sa
pa t’ konsa”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19, 3-12
Lè sa a :
Farizyen yo te pwoche kot Jezi, yo t’ap eseye 1’, yo
di : “Èske yon mesye gen dwa ranvwaye madanm li, pou nenpot ki rezon ?”
Li reponn, li di yo : “Èske nou pa t’ li kijan sila a
ki te fè moun nan nan kòmansman an, se gason ak fi li te fè yo, epi li te di :
‘Se poutèt sa mesye a ap kite papa 1’ ak manman 1’,1’ap kole kò 1’ kot madanm
li, yo tou lede ap yon sèl chè’? Se pousa yo pa de ankò, men se yon sèl chè yo
ye. Konsa sa Bondye mare, piga moun separe 1’”.
Yo di 1’: “Ebyen poukisa Moyiz te pase lòd pou bay
biye divòs, pou ranvwaye 1’?”
Li di yo : “Se poutèt kè di nou an ki fè Moyiz te
pèmèt nou ranvwaye madanm nou yo; men nan kòmansman sa pa t’ konsa. Ebyen mwen
di nou, nenpot ki moun ki ranvwaye madanm li, sof si se de moun ki t’ap viv nan
move plezi, epi ki marye ak yon lòt, li fè adiltè, epi moun ki marye ak yon
madanm yo ranvwaye, li fè adiltè”.
Patizan 1’ yo di 1’: “Si se konsa kondisyon mesye a ak
madanm nan ye, pito nou pa marye”.
Li di yo : “Se pa tout moun ki konprann pawòl sa a, men se moun yo fè favè sa a. Gen gason ki pa nan kondisyon pou yo fè
pitit, depi nan vant manman yo se konsa yo fèt; gen gason ki pa nan kondisyon
pou yo fè pitit, se lòt moun ki fè yo sa; gen gason ki pa nan kondisyon pou yo
fè pitit, se yo menm ki mete pwòp tèt yo nan kondisyon sa a poutèt rèy syèl yo.
Moun ki kapab konprann, se pou 1’ konprann”.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Sa Bondye mare, piga moun separe
1’»
Jodi a, Jezi
reponn kesyon sila yo ki t’ap viv nan tan li te poze sou vrè sans maryaj la, an
menm tan li souliye ke maryaj la pa dwe kraze.
Repons Jezi ba nou yon
baz kòrèk kote kretyen yo kapab apiye pou yo kapab reponn sila yo ki vle
jistifiye definisyon maryaj la pou «koup omoseksyèl» yo.
Lè Jezi plase maryaj la nan plan orijinal Bondye, li
souliye kat (4) aspè pètinan, ki montre ke se yon gason ak yon fanm sèlman ki
kapab marye:
1) «Nan kòmansman an, se gason ak fi
li te fè yo» (Mt 19,4). Jezi aprann nou, nan Plan Bondye
a, karaktè gason an (maskilinite) ak karaktè fanm nan (feminite) gen yon sans
enpòtan. Si nou inyore sa, sa vle di nou inyore sa nou ye.
2) «Se poutèt sa mesye a ap kite papa
1’ ak manman 1’,1’ap kole kò 1’ kot madanm li, yo tou lede ap yon sèl chè» (Mt
19,5). Plan Bondye, se pa vle li vle lòm nan abandone paran
li yo pou ale viv ak moun li vle, men se pito pou li makonnen ak madanm li.
3) «Se pousa yo pa
de ankò, men se yon sèl chè yo ye» (Mt 19,5). Se pa nan nivo chè a sèlman moun
yo soude. Men li ale pi lwen ke sa. Se vizyon nouvo lavi, ki manifeste atravè
renmen an e ki eksprime nan yon angajman pou lavi, lè de moun yo mete yo
ansanm. Se yon bagay ki klè : yon gason ak yon lòt gason, oubyen yon fanm
ak yon lòt fanm pa kapab konsidere yon sèl kò nan fason sa.
4) «Konsa sa Bondye
mare, piga moun separe 1’» (Mt 19,6). Se Bondye menm ki fè mesye a ak madanm
nan fè yon sèl nan maryaj la, e si nou eseye separe sa li mete ansanm, n’ap fè
sa ak lògèy pa nou pou malè sosyete a.
LAPRIYÈ :
Bondye Papa, ou menm ki rele mesye a pou li fè yon sèl ak madanm nan, nou ofri
ou tout defi lafanmi an jounen jodi a. Nou ofri ou tout menas ki plonje sou li.
Fè fanmi nou yo vin pi solid, pi solidè. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON :
M’ap ankouraje de moun ki marye pran pasyans pou yo rezoud ti pwoblèm yo
olye mwen ankouraje divòs.
No hay comentarios:
Publicar un comentario