Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap jije chak moun daprè wout li yo»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 18, 1-10. 13b. 30-32
Pawòl Granmèt la rive kote m’, li di:
«Pouki sa n’ap pale parabòl nan pami nou, avèk pwovèb
sa a nan peyi Izrayèl la, n’ap di: «Zansèt yo manje rezen vèt, epi dan pitit yo
sezi?»
Mwen vivan, deklarasyon Granmèt Bondye, parabòl sa a
p’ap sèvi pwovèb ankò nan Izrayèl. Men tout vivan se pou mwen, ni lavi papa a,
ni lavi pitit la, se pou mwen: moun ki fè peche a, se li menm k’ap mouri.
Si yon moun kòrèk epi li fè jijman ak jistis, li pa
manje sou mòn yo, li pa leve je l’ sou zidòl kay Izrayèl la, li pa derespekte
madanm pwochen l’, li pa pwoche kot yon madanm ki gen peryòd li, li pa fè moun
lapenn, li renmèt moun ki dwe l’ la sa l’ te pran kòm garanti a, li pa sezi
anyen avèk fòs, li bay moun ki grangou manje, li abiye moun ki nikò ak rad li,
li pa prete avèk enterè, li pa resevwa an plis, li vire men l’ pou l’ pa fè sa
k’ mal, li fè jijman ki vre ant de moun, li mache nan kòmandman m’ yo, li
obsève jijman m’ yo, pou l’ fè verite: moun sa a kòrèk, l’ap viv sètènman,
deklarasyon Granmèt Bondye.
Si l’ fè yon pitit ki asasen, k’ap fè san koule, ki fè
youn nan move aksyon sa yo, èske pitit sa a ap viv? Li p’ap viv: poutèt tout move bagay sa yo li fè a, l’ap mouri sètènman,
san l’ ap sou li.
Konsa nou
chak, m’ap jije nou daprè wout nou, kay Izrayèl, deklarasyon Granmèt Bondye.
Chanje konduit, fè penitans sot nan tout fot nou yo, konsa peche a p’ap detwi
nou. Jete tout move aksyon nou yo lwen nou, sa nou te fè ki pa bon yo, fè yon
kè nouvo ak yon lespri nouvo nan nou. Epi pouki sa pou nou ta mouri a, kay
Izrayèl? Paske mwen pa vle lanmò moun k’ap mouri a, deklarasyon Granmèt Bondye;
tounen, n’a viv».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 12-13. 14-15. 18-19
R/Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye.
Kreye yon kè
pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo. Pa jete m’ lwen
fas ou, lespri sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Renmèt mwen
kè kontan delivrans ou a, asire m’ ak lespri ki pi vif la. M’ap aprann moun ki
nan peche yo chemen ou yo, mechan yo ap tounen vin jwenn ou.R.
Sèke ou p’ap
pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’, li p’ap fè ou plezi.
Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye
p’ap meprize l’.R.
LEVANJIL
«Pa anpeche
ti moun piti yo vin jwenn mwen: se pou yo rèy syèl yo ye»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN19, 13-15
Lè sa a:
Yo vin prezante ti moun bay Jezi, pou l’ poze men sou
yo, pou l’ lapriyè pou yo; men disip li yo fè yo lobsèvasyon. Jezi menm di yo:
«Kite ti moun yo, pa anpeche yo vin jwenn mwen; se pou moun ki sanble yo rèy
syèl la ye». Li poze men sou yo, li pati sot la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a nou wè jan
pwofèt Ezekyèl ap montre pèp la kijan Granmèt la jis nan jijman l’. Pèp la
te kwè peche gran paran yo te kapab kontinye lage malediksyon sou yo. Se sa k’
fè li di yo, moun nan ki peche a, se li menm k’ap mouri, sa vle di pa gen inosan
k’ap peye pou koupab. Moun ki koupab, se li menm k’ap resevwa chatiman pou
peche l’ yo.
Konsa Pwofèt la nan pasaj sa di yo aklè lis tout sa ki bon yon moun
dwe fè pou li toujou rete bon zanmi Bondye. Menm jan an tou, li di yo
moun ki fè move aksyon ap mouri, san li ap tonbe sou li. Chak moun ap resezwa
jijman li merite selon konpòtman li ak chemen li suiv.
Pwofèt la di yo yon pawòl pou li montre yo mizerikòd Bondye. Sa vle di
kijan Bondye genyen bon kè, kè sansib. Li di yo poukisa pou nou ta mouri. Mwen
menm Granmèt la mwen pa vle lanmò pèsonn. Sòti nan move wout nou ye yo vin
jwenn mwen. Jete tout move zak nou yo byen lwen.Vin jwenn mwen. Se avèk pawòl sa yo pwofèt Ezekyèl envite pèp la
pou li konvèti.
Men nou konnen p’ap janm gen yon bon konvèsyon si moun nan pa pran
konsyans, se sa k’ fè menm nan sòm nan nou li: «Bondye kreye nan mwen yon kè pwòp. Refè yon lespri fèm nan zantray mwen.» Konsa, yon konvèsyon sensè
pran tout moun nan, tout lavi li: kò li, lespri li, zantray li tout se pou
Bondye. Bondye pa pran plezi nan okenn sakrifis.
Sa ki fè Granmèt la plezi tout bon vre, se yon kè sensè, yon lespri
ki rekonèt peche l’ komèt yo, yon kè ki bese byen ba. Se sa ki fè, menm nan
Levanjil la, nou wè kijan Jezi di tout moun ki t’ap enpeche timoun piti yo vin
jwenn li yo kite timoun yo vini paske wayòm syèl la se pou yo.
Se yon fason pou Jezi di nou, si nou fè kè nou sensè, byen ba, tou senp
tankou timoun yo, nou pa lwen antre nan wayòm syèl la. Devan Bondye tout jenou
dwe bese byen ba. Pèson pa kapab vin frape lestomak devan Granmèt la, pou fè
kwè jan yo bon. Nou tout se pechè. Se chak moun ki dwe vin koube byen ba
devan Granmèt pou mande li padon. Vini jwenn Granmèt la ak yon kè ki senp
LAPRIYÈ: Bondye
Granmèt, ede nou chak jou pi plis rekonèt salte peche nou yo ki fè nou lèd
devan ou. Nou se pechè epi nou gen kè di akoz vye lògèy ki ranpli nou. Ede nou
kiltive imilite, senplisite, senserite tankou timoun yo, konsa n’a kapab rete
zanmi ou tout bon vre. Nou mande ou sa pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, Pitit
ou.
PWOPOZISYON: Pou nou apwofondi tèm nan pi plis, nou kapab
kontinye li tout chapit 18 ak chapit 20 liv Ezekyèl la ak sòm 1, sòm 50 ak sòm
51.
No hay comentarios:
Publicar un comentario