Páginas

DIMANCH 21

Koulè Vèt
VENTEINYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Y’ap mennen tout frè nou yo sot nan tout nasyon yo”.
NAN LIV PROFÈT IZAYI 66, 18-21
Men pawòl Granmèt la:
“Mwen menm mwen vini pou m’ rasanble travay yo ak panse yo avèk tout nasyon yo ak lang yo, y’ap vini pou yo wè bèlte m’. M’ap mete yon siy nan mitan yo, m’ap voye nan sa k’ sove yo pou y’al jwenn nasyon lanmè yo, Lafrik, Lidi, moun ki konn tire flèch yo, Litali, Lagrès, zile ki lwen yo, sila yo ki pa t’ tande pale sou mwen, ki pa t’ wè bèlte m’.
Y’ap anonse bèlte m’ nan nasyon yo, y’ap mennen tout frè nou yo sot nan tout nasyon yo kòm kado pou Granmèt la, sou chwal, nan machen, sou kabann, sou milèt, sou chamo, pou yo vin sou mòn mwen an ki sen an Jerizalèm, deklarasyon Granmèt la, tankou lè pitit Izrayèl yo ap poze kado nan veso ki nèt nan kay Granmèt la. M’ap pran prèt ak levit nan pami yo”, deklarasyon Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 116, 1. 2
R/ Ale sou tout tè a, preche levanjil la.
Fè lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
Paske kè sansib li asire sou nou, verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
DEZYÈM LEKTI
“Moun Granmèt la renmen, li korije li”.
NAN LÈT POU EBRE YO 12, 5-7. 11-13
Frè m’ yo:
Nou bliye konsolasyon an mwen te pale avèk nou an tankou papa a pale pitit li, lè m’ te di: “Pitit mwen, pa neglije koreksyon Granmèt la, pa dekouraje paske l’ap reprann ou. Sèke moun Granmèt la renmen, li korije l’, li drese tout pitit li aksepte”.
Kenbe fèm nan disiplin nan. Bondye ofri tèt li ba nou tankou bay pitit li. Kilès pitit, yon papa pa korije l’?
Tout koreksyon y’ap sibi koulye a, se pa ak kè kontan yo konsidere l’, men se ak chagren; sèlman aprè sa, li bay fwi lapè ak jistis. Se pousa drese men ki febli yo ak jenou k’ap pliye yo, egalize wout yo pou pye nou, pou moun k’ap bwate a pa devye, okontrè pou l’ geri.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Y’ap vin sot nan direksyon solèy leve ak solèy kouche, y’ap vin sou tab nan rèy Bondye a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 13. 22-30
Lè sa a:
Jezi t’ap mache nan vil yo ak bouk yo, li t’ap bay lansèyman, pandan l’ap mache al Jerizalèm.
Yon moun di l’: “Granmèt, èske se ti kras moun sa yo k’ap sove?”
Li menm li di yo: “Chèche antre nan pòt ki sere a; paske gen anpil, mwen di nou, k’ap chèche antre, men ki p’ap kapab. Reyèlman vre lè pèd-fami an ap fin antre, l’ap fèmen pòt la, n’ap kòmanse ret deyò a, n’ap frape pòt la, n’ap di: “Granmèt, louvri pou nou”; l’ap reponn, l’ap di nou: “Mwen pa konnen kote nou sòti”. Lè sa a n’ap kòmanse di: “Nou te manje devan ou, nou te bwè devan ou, ou te bay lansèyman sou plas nou yo”.
L’ap di nou: “Mwen pa konnen kote nou sòti: rale kò nou sot sou mwen, nou tout k’ap fè peche”. Se la k’ap gen rèl ak manje dan, lè n’ap wè Abraam, Izaak ak Jakòb ak tout pwofèt yo nan rèy Bondye a, men nou menm y’ap rejte nou deyò. Moun ap vin sot nan direksyon solèy leve ak solèy kouche, sot nan nò ak nan sid, y’ap vin sou tab nan rèy Bondye a.
Dènye yo ap premye, epi premye yo ap dènye”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye a se yon kouto de fil li ye.  Sou yon bò, mesaj jodi a di nou konsa, tout moun nèt envite sou tab Granmèt la. Pa gen yon peyi, pa gen yon ras, pa gen yon klas sosyal, ki pa ladan.  Papa Bondye se Papa nou tout, sans eksepsyon, epi li vle pou nou tout jwi bèl kado l’ap ba nou an, ki se yon vi miyò tout bon, lavi nèt ale.
Menm tan tou, li di yon pawòl ki di. Nou tout envite, men se pa nou tout k’ap ka antre.  Paske se pa nenpòt jan pou n’ parèt nan fèt Bondye ap oganize pou nou an.  Si ou pa prepare ou, se pa fòt li, se ou menm ki pa t’ vle.   Gè avèti pa touye kokobe!
Rad pou ou mete pou ou ka antre nan fèt kay Bondye a, se pa rad ki vann nan mache.  Rad pou nou mete a, se rad youn renmen lòt, se rad youn sevi lòt, se rad youn akeyi lòt, ak rad youn aksepte lòt.  Rad sa a sòti nan fon kè yon moun, se sa k’ fè tout moun ka antre depi yo louvri kè yo.
Si n’ reflechi sou jan Bondye fè envitasyon an, n’a rann nou kont yon detay ki vrèman bèl.  Kòm se rad renmen n’ap mete kounye a pou n’ ka antre nan fèt la pi ta, depi menm moman nou kòmanse ap abiye, fèt la gen tan komanse bonè!
Lavi nou sou latè se yon preparasyon pou gwo fèt Granmèt la gen pou nou nan syèl la, epi depi nou konn byen abiye ak rad Bondye mande pou n’ mete, n’ap fete chak jou deja, paske nou gen tan ap jwi renmen Bondye a, nou gen tan ap byen viv ansanm, nan jan nou abiye nou, ki se jan nou prepare nou pou vrè fèt la.
LAPRIYÈ: Mèsi, Granmèt, paske ou envite m’ nan fèt lakay ou, epi ou tou ba m’ fè yon ti goute depi nan lavi m’ sou latè a.  Fèt la bèl anpil! Amèn.
PWOPOZISYON: Lè m’ abiye ak rad fèt Bondye a, se yon jan m’ap fè lòt moun konnen ke yo envite tou.  Kòman m’ ka fè eksperyans sa nan lavi mwen?  Ki moun pou m’ ta envite jodi a?  Kijan pou m’ fè l’ konprann envitasyon an?


No hay comentarios:

Publicar un comentario