Koulè Blan
MARI KI SEN, KI VYÈJ, KI RÈN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Non Granmèt
la jwenn bèlte nan nou epi nou menm tou nan li»
KÒMANSMAN
DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO 1, 1-5. 1l b-12
Pòl ak Silven ak Timote, pou Legliz Tesalonisyen yo nan
Bondye Papa nou ak Granmèt Jezikri. Favè pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa
nou ak Granmèt Jezikri.
Nou dwe di Bondye mèsi tout tan pou nou menm, frè m’
yo, jan sa merite, paske lafwa nou fè pwogrè depase mezi, charite nou genyen
youn pou lòt ap depase limit ki fè nou menm menm nou kontan nou nan pami Legliz
Bondye yo pou jan nou gen pasyans ak lafwa nan tout pèsekisyon ak tray nou
sipòte; sa sèvi yon ekzanp pou montre jijman Bondye yo kòrèk: nou merite antre
nan peyi wa Bondye a poutèt sa nou te soufri pou li.
Se pou Bondye nou an fè nou merite viv jan li rele n’
pou n’ viv la, se pou li kore n’ ak pouvwa li pou nou rive reyalize tout sa nou
vle ki bon, tout sa lafwa a mande pou n’ fè. Konsa non Granmèt nou Jezikri va
jwenn bèlte nan nou, epi nou menm tou nan li, daprè favè Bondye nou an ak
Granmèt Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
95, l-2a. 2b-3. 4-5
R/ Anonse mèvèy Granmèt la nan tout pèp yo.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou
Granmèt la, tout tè a. Chante pou Granmèt la, fè konpliman pou li.R.
Anonse jou an
jou delivrans li. Anonse bèlte l’ pou nasyon yo, nan tout pèp yo mèvèy li
yo.R.
Sèke Granmèt la gran, li merite anpil lwanj, li terib
pase tout dye yo.
Sèke tout dye nasyon yo se pa anyen, men se Granmèt la
ki fè syèl yo.R.
LEVANJIL
«Madichon pou
nou, chèf avèg»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ MATYE KI SEN 23, 13-22
Lè sa a: Jezi pale, li di:
«Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske
nou fèmen rèy syèl yo devan moun yo! Nou menm nou pa antre, epi moun k’ap antre
yo, nou pa kite yo antre.
Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske
n’ap manje kay vèv yo, pandan n’ap fè lapriyè ki long; se pousa n’ap jwenn
kondanasyon ki pi rèd!
Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske
n’ap fè tout tou lanmè a ak savann nan pou nou fè yon disip; men lè nou fin
pran l’, nou fè l’ vin tounen pitit lanfè a de fwa plis pase nou!
Madichon pou nou, chèf avèg, k’ap di: «Moun ki fè sèman
sou kay sakre a, sa pa anyen; men moun ki fè sèman sou lò kay sakre a, li gen
dèt». Enbesil, avèg! Ki sa ki pi
gran: lò a oubyen kay sakre a ki fè lò a vin sen an?
«Epi moun ki
fè sèman sou lotèl la, sa pa anyen; men moun ki fè sèman sou kado a ki sou li
a, li gen dèt». Avèg! Ki sa k’ pi gran: kado a oubyen lotèl la ki fè kado a vin
sen an?
Moun ki fè
sèman sou lotèl la, li fè sèman sou li, ak sou tout sa k’ sou li. Moun ki fè
sèman sou kay sakre a, li fè sèman sou li ak sou sila a ki abite nan li a. Moun
ki fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou fotèy Bondye a, ak sou sila a ki chita
sou li a».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Fè lwanj pou Bondye nan tout aktivite lavi nou, se devwa nou kòm
kretyen. Bondye rele nou pou nou travay pou nou fè bèlte l’ parèt aklè sou fas
tè a, gras a Bòn Nouvèl delivrans li a ke voye nou pote bay tout moun, dekwa
pou sila yo ki rive kwè ladan l’ kapab jwenn lavi ki p’ap janm fini an, gras a
non Sila a ki te mouri epi ki leve byen vivan an, Sovè nou, Jezikri.
Se sou reyalite sa a Pòl, Silven ak Timote, te vle fè
yon ti koze ak kretyen k’ap viv Tesalonik yo. Moun Tesalonik yo rive bay bon jan temwanyaj ki makonnen ak lafwa yo. Yo
pa sèlman kwè nan Bòn Nouvèl la, men yo aksepte tout soufrans, tout
enkonpreyansyon yo jwenn akoz lafwa yo nan Kris la. Anpil fwa sa konn rive nou
pè temwaye non Jezi nan kote n’ap travay yo, nou konn pè di nou se kretyen, nou
konn menm pè defann yon koz ki jis. Fòk nou pa kite echape nou vrè reyalite
n’ap chache a, Wayòm Bondye a. Nou p’ap ka rive rantre ladan l’ si lavi nou pa
sanble ak lavi Sila a ki te mache nan pami nou pou l’ montre nou kòman Bondye
renmen nou. Gras a sakrifis li sou lakwa a, li te vin kase chennen nou yo, epi
l’ te vin ba nou zam pou n’ konbat kont tout fòs fènwa yo, paske jous nan bout
li te rive padone bouwo li yo.
Se lakòz bèl
jès renmen sa a li te rive rache nou nan mond tenèb la pou n’ kapab rantre
ansanm ak li nan wayòm limyè a ki la pou tout tan an.
Nan levanjil
la, nou rankontre yon pakèt pawòl malediksyon Jezi bay farizyen yo ak pwofesè
lalwa yo pou yon dal pratik relijye yo te genyen ki t’ap chache pwòp onè pa yo
epi ki pa t’ an akò ak volonte Bondye. Se pou sa Jezi trete yo de ipokrit.
Sa yo montre sou deyò a, se pa sa yo ye andedan.
Pawòl sa yo Jezi pwononse yo a ede nou menm tou
reflechi sou atitid nou dwe genyen nan sèvis Granmèt la, kòm pap, evèk, pè,
dyak, fidèl. Chak kretyen dwe konnen li gen yon responsablite anvè Bondye nan
kèlkeswa sèvis n’ap fè. Nou dwe makonnen sa n’ap fè avèk sa n’ap di a, nou dwe
viv selon sa nou kwè a (nou dwe koeran ak tèt nou).
Jezi mande nou pou nou viv nan laverite, pou nou
sispann viv nan blòf, sispann fente moun. Sa mande nou genyen anpil imilite pou
n’ pa akapare n’ de pwòp glwa Bondye a, pou nou sanble avèk lavyèj Mari ki te
rekonèt li se “Sèvant Granmèt la”.
Angajman nou nan Legliz la dwe yon mwayen pou nou
chèche bèlte Bondye a, pou n’ rive travay pou fè konnen li, renmen li, dekouvri
prezans li nan mitan nou dekwa pou moun yo rive aksepte mache ansanm ak li.
Jezi te di: “Moun ki zanmi m’ se moun ki
fè sa Papa m’ mande”; ann chache pa janm bliye envitasyon sa a Bondye fè
nou chak la pou n’ viv lafwa nou nan Bondye yon fason ki vizib; sa vle di, pa sèlman
nan di nou kwè, men se pou n’ kite sa n’ap fè yo temwanye lafwa nou nan Sila a
ki se Renmen an menm, kè poze a menm, li menm Jezikri, Chemen, Verite, ak Lavi
pou tout moun k’ap viv sou latè beni. Amèn.
LAPRIYÈ: Granmèt, nou vle mande w’ padon pou
tout aksyon ak pawòl ipokrit nou yo nan sèvis ou a. Ede n’ fè nou piti tout bon
vre, dekwa pou n’ ka tounen yon bon zouti k’ap travay pou fè bèlte w’ la klere
toupatou. Nou mande w’ sa pa pouvwa Jezikri Gran frè nou an! Amèn.
PWOPOZISYON: Idantifye tout vye konpòtman nou genyen ki pa
sèvi koz levanjil la n’ap preche a. Pran yon desizyon ki pèmèt nou temwaye
levanjil Jezikri a ak plis koerans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario