Páginas

MADI 23

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Kenbe lansèyman nou aprann yo»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 2, l-3a. 14-16
Nou lapriyè nou, frè m’ yo, pa pouvwa Granmèt nou Jezikri k’ap vini an, avèk nou menm tou k’ap rasanble nan li a: pa prese kite anyen twouble lespri nou, pa pè anyen, ni lespri, ni pawòl, ni lèt yo pretann nou voye ban nou, ki ta fè nou konprann jou Granmèt la rive. Pa kite pèsòn twonpe nou okenn fason.
Bondye rele nou pa pouvwa levanjil nou an pou nou jwenn bèlte Granmèt nou Jezikri.Konsa, frè m’ yo, kanpe, kenbe lansèyman yo te transmèt nou yo, sa nou te aprann yo, swa nan prèch nou, swa nan lèt nou. Granmèt nou Jezikri ak Bondye Papa nou, li menm ki renmen nou, ki fè n’ favè bannou konsolasyon tout tan an ak bon espwa a, se li menm k’ap ankouraje kè nou, k’ap asire l’ nan tout sa nou fè ak tout sa nou di ki bon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 10. ll-12a. 12b-13
R/ Granmèt la vini pou l’ jije tè a.
Di nan nasyon yo: «Granmèt la wa». L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke; l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
Se pou syèl yo kontan, pou tè a danse, pou lanmè a sonnen ansanm ak tout sa k’ plen l’; jaden yo ap kontan ansanm ak tout sa ki nan yo. R.
Lè sa a tout bwa nan rak yo ap danse devan fas Granmèt la, paske l’ap vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè a. L’ap jije fas tè a nan jistis epi pèp yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
«Se pou nou te fè bagay sa yo, san nou pa neglije lòt yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KISEN 23, 23-26
Lè sa a: Jezi pale, li di:
«Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, nou menm k’ap bay dizyèm pòsyon sou mant la avèk lanis la avèk legim yo, men nou kite sa k’ pi konsekan nan lalwa a: jijman, kè sansib, lafwa! Se pou nou te fè bagay sa yo, san nou pa neglije lòt yo. Chèf avèg, n’ap pase mouch la nan paswa, men nou vale chamo a!
Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap pwòpte sa k’ deyò vè a avèk plat la, men anndan an menm nou plen bagay nou vòlè, ak sa ki pa pwòp! Farizyen avèg, kòmanse pwòpte sa k’ anndan vè a avèk asyèt la, pou sa k’ deyò a kapab vin pwòp».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Zanmi Bondye yo, se toujou yon gwo kè kontan pou nou pataje pawòl Bondye a, pawòl sa, ki pote lavi, delivrans; se pawòl ki vin fè nou pran konsyans de sa ki enpòtan nan lavi nou kòm kretyen. Pawòl sa ki se pawòl Bondye a, ki se Jezikri menm, li reyalize sa l’ vle, li ekzamine sa kè a panse ak sa li vle fè a. Gras a pawòl sa, nou aprann konnen kisa ki volonte Bondye kif è nou lonè, ki rele nou chak pou nou tounen apot lapè ak kè kontan tout kote nou ye. Li menm ki fè nou fèt yon dezyèm fwa gras ak lanmò li sou kwa e leve byen vivan li an pami mò yo. Li pote yon lavi tou nèf pou nou. Gras ak lavi tou nèf sa nou gen lespwa yon jou n’a al jwi bèl eritaj sa ki p’ap janm fini an, ki se lavi Bondye Papa, Pitit la ak Lesprisen an. Jèm lavi tounèf sa se depi nan batèm nou an, nou jwenn li nan Jezikri, ki ba nou lespwa ki pi gwo pase tout lòt lespwa. Se chans pou chak moun ki aksepte pawòl sa, ki aksepte plante l’ nan kè li pou fè l’ donnen.
Se chans pou moun ki gade pawòl sa a nan kè li pou jan l’ pwòp, pou jan l’ bon. Se poutèt sa nou dwe kenbe lansèyman nou aprann yo. Pawòl sa k’ap netwaye tout sa ki anpeche nou rankontre ak Bondye nan lavi nou tankou jalouzi, ipokrizi, pale moun mal, sèvi zidòl, fè wè, abi sou sa k’ piti yo, pran sa k’ pa pou nou.
Ebyen, Jezi di nou madichon pou nou si nou pa chanje kè nou, jijman Bondye ap tonbe sou nou. Ann sispann aji pou fè wè, ann sispann fè enjistis. Ann nou viv nan renmen, nan chèche jistis pou frè ak sè nou yo olye n’ap bay yo pote chay yo pa ka pote.
Jodi a nou wè kòman Jezi pale di ak Farizyen yo, paske yo bay lalwa plis valè kè sove nanm yo, yo neglije sa ki korèk la, tankou renmen pwochen yo, kenbe lafwa yo nan Bondye Granmèt la. Ebyen Jezi ap di nou jodi a se pa prensip yo ki dwe gen plis valè nan lavi nou, men se lanmou pou frè ak sè nou yo, ki dwe gen premye plas nan kè nou. Konsa yon jou, n’a wè jistis Bondye a, paske Granmèt la se wa nou, l’ap drese fas tè a pou l’ pa souke ; l’ap jije pèp yo nan jistis. Se pou Bondye lavi a ede nou detwi tout jèm lanmò ki nan sosyete nou an, se pou l’ beni nou byen beni !
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt anpil fwa nou neglije sa ki enpòtan nan lavi nou ; nou pèdi tan nou nan bagay ki p’ap itil nou anyen. Tanpri ede nou divòse ak tout bagay ki sal relasyon nou ak ou, bagay k’ap twouble lespri nou ; ede nou lave kè nou, nan sakreman rekonsilyasyon an, kote ou toujou ap tan nou pou w’ padone peche nou. Pa kite nou tonbe anba jijman w’, ou menm ki se Bondye Papa ak Pitit la ak Lespri sen an. Amèn

PWOPOZISYON : Kisa mwen dwe chanje nan lavi mwen jodi a. M’ap chèche viv selon sa mwen kwè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario