Koulè Wouj
BATELEMI KI SEN, Apot
(Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Nan fondasyon yo menm, te gen douz non Apot Mouton an”.
NAN LIV
APOKALIPS APOT JAN KI SEN 21, 9b-14
Zanj la pale
avèk mwen, li di: “Vini, m’ap montre ou madanm nan ki fèk marye ak Mouton an”.
Li soulve m’
nan espri sou yon mòn ki gran, ki wo, li montre m’ vil ki sen an, Jerizalèm,
k’ap desann sot nan syèl la, kot Bondye, li gen glwa Bondye a; limyè l’ te
tankou pyè kalite siperyè, tankou pyè yo rele jasp la, tankou kristal.
Li te gen yon miray ki gran, ki wo, ki gen douz pòt;
nan pòt yo te gen douz zanj, te gen non ki ekri, non douz ras pitit Izrayèl yo.
Nan direksyon olevan: twa pòt; nan direksyon nò: twa
pòt; nan direksyon sid: twa pòt; nan direksyon okouchan: twa pòt. Miray vil la
te gen douz kolòn, sou yo te gen douz non douz Apot Mouton yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
144, 10-11. 12-13ab. 17-18
R/ Granmèt, se pou sen w’ yo fè konnen glwa peyi wa w’ la.
Se pou yo fè lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; se
pou sen ou yo fè konpliman pou ou.
Se pou yo deklare glwa peyi wa w’ la, se pou yo anonse
pouvwa ou.R.
Se pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak glwa
grandè peyi wa w’ la.
Peyi wa w’ la se peyi wa tout tan, kòmandman w’ nan pou
jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt la
kòrèk nan tout wout li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo. Granmèt la tou pre
tout moun k’ap rele l’ yo, tout moun k’ap rele l’ nan verite.R.
LEVANJIL
“Men pitit Izrayèl tout bon vre, nan li pa gen manti”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 45-51
Lè sa a:
Filip jwenn
Natanayèl, li di l’: “Sa a Moyiz te ekri sou li nan lalwa a ak pwofèt yo, nou
jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf, moun Nazarèt la.
Natanayèl di
l’: “Nazarèt! èske yon bagay ki bon kapab sòti la?”
Filip di l’:
“Vini w’a wè”.
Jezi wè
Natanayèl k’ap vin kote l’, li di sou li: “Men yon pitit Izrayèl tout bon vre,
nan li pa gen manti”.
Natanayèl di
l’: “Kote ou konnen m’?”
Jezi reponn, li di l’: “Anvan Filip te rele ou, lè ou
te anba pye figye a, mwen te wè ou”.
Natanayèl reponn li, li di: “Rabi, ou se Pitit Bondye,
ou se wa Izrayèl”.
Jezi reponn, li di l’: “Paske mwen di ou “Mwen te wè ou
anba pye figye a”, ou kwè: w’ap wè pi gran bagay pase sa”.
Epi li di l’: “Amèn, amèn mwen di nou: n’ap wè syèl la
louvri, epi zanj Bondye yo k’ap monte-desann anlè Pitit moun nan”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan tèks nou li nan liv Apokalips Sen Jan an, nou wè vizyon Jan ki
montre nou imaj Jerizalèm ki bèl, ki klere anpil. Imaj sa pèmèt nou konprannn
tankou kretyen ke nou pa dwe janm dekouraje, ke nou dwe toujou kenbe fèm pou
nou pa janm lage pawòl Bondye a, paske nou gen pou nou al viv nan glwa Granmèt
la ki gen tout pouvwa, viv pou tout tan nan kè kontan, kote p’ap gen tristès,
kote kè nou ap toujou kontan, kote n’ap jwenn tout sa nou gen bezwen, kote lavi
nou p’ap janm fini.
Nou wè imaj
douz lan tou ki trè enpòtan nan Bib la, paske si n’ap swiv byen, te gen douz
disip ki te pwòch Jezi anpil, Izrayèl te gen douz tribi, etc… Liv Apokalips la
tou pèmèt nou wè e konprann tou, kòman Bondye gran, kòman pouvwa li san limit e
tout bèl pwojè li genyen pou nou kòm pitit li.
Aprè sa nou fin
wè nan liv Apokalips la, Levanjil sen Jan fè nou konprann ke nou dwe kwè san
nou pa wè. Paske istwa Filip ak Natanayèl la, se yon istwa ki trè klè. Nou wè
kot Filip wè Nan Jezi pitit Jozèf la sa ki ekri nan lwa Moyiz la e kote
Natanayèl paka kwè ke Nazarèt ka gen yon bagay ki bon ki sòti ladan l’. Lè
Natanayèl rive kot Jezi, li wè nonm sa konn tout sa k’ap pase, lè sa li kwè. Li
enpòtan pou nou menm jodi a kòm kretyen met lafwa nou nan Bondye san nou pa wè;
fòk nou pa tann se yon mirak, se yon bagay sinatirèl ki pou fè nou kwè. Paske
nan Bib la Jezi fè nou konnen ak lafwa, nou kapab fè anpil bagay, nou menm
kapab deplase montay yo. Se poutèt sa, kòm kretyen nou dwe fè Bondye konfyans
nan tout sa n’ap fè, nan fason n’ap viv, paske se li ki sèl wa. Li konnen tout
sa nou kapab fè e tout sa k’ap pase nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Bondye papa nou, ou menm ki kreye tout bagay, fè nou toujou rete nan
volonte w’, pou nou fè sa ki byen, pou nou pa janm dekouraje. Fè nou toujou
rete pitit ou nan jan n’ap viv, pou nou toujou kwè ou ka fè tout bagay e kwè
nan lavi ki p’ap janm fini an Amèn.
PWOPOZISYON: Nou menm kretyen jodi a, nou dwe fè Bondye konfyans nan eprèv nou yo,
menm si tout bagay parèt nwa pou nou. Nou dwe toujou fè sa ki byen e viv jan
Bonbye mande, se konsa n’ap kapab viv nan kè kontan pou toutan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario