Páginas

JEDI 25

PREMYE LEKTI
«Nan tout bagay, nou vin rich nan li»
KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 1, 1-9
Pòl, li menm Jezikri rele pou l’ apot, daprè volonte Bondye, avèk Sostèn, frè a, pou legliz Bondye a ki Korent, nou menm ki vin sen nan Jezikri, nou menm li rele pou nou vin sen, avèk tout sa k’ap rele non Granmèt nou Jezikri tout kote yo ye avèk kote nou ye a: favè pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt Jezikri.
Mwen di Bondye m’ nan mèsi tout tan pou nou nan favè Bondye a, sa l’ ba nou nan Jezikri a.An verite, nou vin rich nan tout bagay nan li, nan tout pawòl ak nan tout syans. Sèke jan temwayaj Jezikri a vin solid nan nou an; kifè nou pa manke anyen nan okenn favè a pou nou tann revelasyon Granmèt nou Jezikri, li menm k’ap asire nou jouskalafen san repwòch, nan jou Granmèt nou Jezikri ap vini an. Bondye fidèl, li menm ki rele nou pou nou asosye avèk Pitit li Jezikri Granmèt nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 2-3. 4-5. 6-7
R/ M’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan, Bondye m’ ki wa.
Chak jou m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè konpliman pou non ou, pou tout tan ak tout tan gen tan.Granmèt la gran, li merite anpil lwanj, yo pa kapab sonde grande l’.R.
Yon jenerasyon ap fè lwanj pou travay li, bay yon lòt jenerasyon, y’ap rakonte fòs pouvwa ou. Grandè bèlte wotè ou, y’ap declare l’, mèvèy ou yo, y’ap detaye yo.R.
Fòs ou ki terib yo, yo di yo, grande ou la, y’ap rakonte l’.Y’ap pibliye souvni richès dousè ou la, y’ap fete nan jistis ou a.R.
LEVANJIL
«Se pou nou rete ap veye»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 24, 42-51
Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini. Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la. Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè. Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay li. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo. Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè. Mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen misye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap sonje yon gwo sen, ki rele Ogisten. Li te fèt an Afrik, nan zòn nò a. Lè l’ te jèn gason, li te nan dezòd, men aprè l’ te konvèti, li te tounen yon gwo lidè nan Legliz la, nan epòk senkyèm syèk la.  Pa sèlman li te chèf legliz kote l’ te ye a antan ke evèk, men li te ekri yon bann refleksyon enpòtan sou renmen Bondye a ak sou jan pou kretyen yo aji nan lavi yo.
Byen ke Ogisten te viv nan yon epòk ki diferan anpil ak epòk pa nou an, li gen anpil refleksyon ki ka itil nou. Pa ekzanp, gen yon ti istwa: yon lè misye t’ap mache nan bòdmè, epi li te wè yon timoun ki te fouye yon twou nan sab la, epi li t’ap plen twou a ak dlo lanmè. Ogisten mande timoun nan ki sa l’ap fè. Timoun nan reponn li, l’ap mete tout dlo lanmè a anndan ti twou a. Lè Sen Ogisten tonbe ri, li di timoun nan sa enposib; timoun nan te reponn li konsa, li ta pi enposib toujou pou yon moun konprann jan Bondye laj. Ti twou nan sab la se yon ekzanp pou fè nou wè sa konpreyansyon nou ye devan renmen Bondye, ki pi gwo pase tout dlo ki gen nan lanmè. Timoun nan se yon zanj li te ye, Bondye te voye l’ bay Ogisten mesaj sa a.
Sen Ogisten gen yon bann bèl ti fraz tou, pa ekzanp li di konsa, ke nanm nou pa jwenn repo jis lè yo poze nan Granmèt la. 
Lè fini, li te bay anpil konsèy pou kretyen yo. Li di konsa, lè nou peche, se tankou lè nou swaf, epi nou bwè dlo sèl. Dlo sèl la p’ap rezoud pwoblèm nou, okontre l’ap fè nou pi swaf toujou. Pito nou chache dlo Jezi ofri nou an, pou nou pa janm swaf ankò.
Ayibobo pou Sen Ogisten!  Se yon zanmi Bondye ki te sèvi pèp li a.
PRIYE: Mèsi Granmèt, paske ou te fè Sen Ogisten jwenn yon dlo ki te fè l’ pa janm swaf ankò.  Fè nou menm tou nou rive jwenn ou, pou w’ fè kè nou poze. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap reflechi sou ki ekzanp m’ap bay pou frè ak sè mwen yo. Èske aprè m’ mouri, yo pral sonje mwen tankou yon zanmi Bondye?

No hay comentarios:

Publicar un comentario