Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"N’ap preche
Jezikri yo klouré sou koua, sé yon antrav pou lézòm, min pou sila yo Bondié
rélé yo, sé sajès Bondié".
LÉKTU PRÉMIÉ LÈT APOT PÒL KI SIN, POU KORINTYIN YO 1,
17-25
Frè-m yo:
Jézu-Kri pa
voyé-m batizé, min li voyé-m préché lévanjil la, san-m pa sèvi avèk sajès paròl
la, pou koua Jézu-Kri-a pa pèdi valè-l. Sèké paròl lakoua-a, sé yon foli pou
moun k-ap péri yo; min pou moun k-ap sové yo, sa vlé di pou nou minm, sé
pouvoua Bondié.
Min sa labib
la di: "M-ap détoui sajès moun ki gin sajès yo, m-ap réjté intélijans moun
léspri yo". Koté moun sajès la? koté profésè-a? koté moun k-ap ranpòté
laviktoua soutè sa-a? Èské Bondié pa fè sajès tè sa-a vi-n fou? Réyèlman vré,
paské nan sajès Bondié-a, moun yo pa-t konnin Bondié gras a sajès pa yo-a,
poutèt sa Bondié chouazi pou-l fè moun ki kouè yo vi-n sové gras a foli n-ap
préché-a. Sèké Juif yo ap mandé sign, Grèk yo ap chèché sajès; nou minm minm
n-ap préché Jézu-Kri yo klouré sou koua-a. Pou Juif yo sé yon antrav, pou
nasion yo sé yon paròl moun fou, min pou sila yo yo rélé yo, ni Juif ni Grèk,
sé Jézu-Kri, pouvoua Bondié ak sajès Bondié-a; paské sa-k fou pou Bondié, li
gin plis sajès pasé lézòm, sa-k fèb la pou Bondié, li pi fò pasé lézòm.
SOM REPONS Ps 32, 1-2. 4-5. lOab é 11 (r.: 5b)
R. Kè sansib Granmèt la plin tè-a.
1 Fété nan
Granmèt la, nou minm ki kòrèk yo; louanj la alé ak moun ki douat yo.
2 Fè louanj
pou Granmèt la sou gita, sou instriman dis kòd la, chanté pou li. R.
4 Sèké paròl
Granmèt la douat, tout aksion-l yo nan fidélité.
5 Li rinmin
jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plin tè-a. ,R.
10 Granmèt la
gayé plan nasion yo, li bloké kalkil pèp yo.
11 Min plan
Granmèt la rété pou tout tan, kalkil kè-l pou jénérasion ak jénérasion. R.
LEVANJIL
"Min mésié marié-a ap vini: soti al rankontré-l".
+ LÉKTU
ÉVANJIL KI SIN-AN DAPRÉ MATIÉ 25, 1 -13
Lè sa-a: Jézu
di disip li yo parabòl sa-a:
"Ringn
sièl yo sanblé ak dis vièj ki pran lanp yo, yo soti al rankontré mésié marié-a
ak madanm marié-a. Sink nan yo té sòt, épi sink té gin léspri. Sink sa ki sòt
yo, lè yo fi-n pran lanp yo-a, yo pa pran luil avèk yo; sa-k gin léspri yo
minm, yo pran luil nan véso yo avèk lanp yo. Antan y-ap tann mésié marié-a ki
té an réta, yo tout yo dòmi, fon somèy.
Nan mitan
nannuit, yo tandé yon rèl: 'Min mésié marié-a, soti al rankontré-l'. Lè sa-a
atò tout vièj sa yo lévé, yo paré lanp yo. Sa-k té sòt yo di sa-k té gin sajès
yo: 'Ban nou nan luil nou-an, paské lanp nou yo étinn'. Sa-k gin léspri yo di
yo: 'Riské pap gin kont pou ni nou minm ni nou minm, pito nou alé nan boutik
yo, n-a achté".
Pandan yo
t-al achté, mésié marié-a rivé; sa-k té paré yo antré avèk li nan nòs yo, yo
fèmin pòt la.
Alafin lòt
vièj yo vi-n rivé, yo di: 'Granmèt, Granmèt, louvri pou nou'. Li minm minm li
réponn, li di: 'An vérité mouin di nou, mouin pa konnin nou'.
Konsa, sé pou
nou véyé, paské nou pa konnin ni jou-a ni lè-a".
REFLEKSYON: «An verite mwen di nou, mwen pa konnen nou».
Jodi a, ki se vandredi nan venntwazyèm semèn òdinè,
Granmèt la fè nou sonje nou dwe toujou vijilan e nou dwe prepare nou pou nou
rankontre ak li. A minui, a nenpòt kilè, pòt kay nou ka frappe pou nou resevwa
Granmèt la. Lanmò pa bay randevou.
Konsa «nou pa konnen ni jou a, ni lè a»
(Mt 25,13).
Vijilans la pa vle di pou nou viv nan laperèz oubyen nan boulvèsman. Sa vle di, nou dwe viv lavi lafwa a ak responsablite tankou pitit Bondye, nou dwe espere sa k’ap vini an, antan n’ap viv nan lanmou youn ak lòt. Granmèt la toujou ap tann nou ba li yon repons lafwa ak lanmou, antan nou kenbe fèm, nan okipasyon ak pwoblèm n’ap fè fas chak jou.
E
repons sa a, se nou menm sèl ki kapab bay li, ou menm ak mwen. Pèsonn pa kapab
bay li nan plas nou. Se la nou dekouvri
sans repons negativ medam ki gen sajès yo bay sila yo ki te sòt yo, lè yo te
mande yo pou yo ba yo nan luil yo a: «pito nou ale nan boutik yo, n’a achte»
(Mt 25,9). Se konsa, nou chak nou gen yon repons pèsonèl bay Granmèt la, pèsonn
pa ka fè sa nan plas nou.
An nou pa di n’ap tann demen
pou nou limen lanp lanmou an pou Mesye Marye a (petèt demen p’ap janm rive).
Konsa, nou dwe viv chak segond nan lavi nou ak pasyon yon kretyen dwe genyen
pou Granmèt la. Nou dwe viv chak jou nan lavi nou kòmsi se te dènye jou nan
ekzistans nou, kòmsi se te sèl jou nou te genyen pou viv. Apèl konvèsyon an pa mande
pou nou pran tan. An nou frekante Granmèt la, konsa n’a zanmi ak li toutan.
LAPRIYÈ: Nan mizerikòd li a ki san
limit la, se pou Bondye fè nou gras pou nou pa tande pawòl sa a lè nou
rankontre ak li: «An verite mwen di nou, mwen pa konnen nou» (Mt 25,12), sa vle
di «ou pa gen okenn rapò ni relasyon ak mwen». Amèn
PWOPOZISYON: M’ap gade ki mezi luil mwen
genyen nan lanp lavi mwen kòm kretyen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario