Páginas

LENDI 29

Koulè Wouj
MATI JAN BATIS KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Di yo tout sa m’ pase ou lòd pou di. Pa pè devan fas yo»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 1, 17-19
Jou sa yo: pawòl Granmèt la rive kote m’, li di:
«Mare ren ou, leve, di yo tout sa mwen pase ou lòd pou ou di a. Pa pè devan fas yo, mwen p’ap kite ou tranble devan figi yo. Mwen mete ou jodi a tankou yon vil ki byen pwoteje, ak yon kolòn fè, ak yon miray asye, anwo tout tè a, devan wa Jida yo, chèf li yo, prèt yo ak pèp tè a. Y’ap batay kont ou, yo p’ap ranpòte viktwa sou ou, paske mwen avèk ou pou m’ delivre ou; deklarasyon Granmèt la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 70, 1-2. 3-4a. 5-6ab. 15ab-17
R/ Bouch mwen ap anonse jistis ou.
Se nan ou, Granmèt, mwen espere, pa kite m’ wont pou tout tan.
Nan jistis ou a delivre m’, sove m’; panche zòrèy ou sou mwen, sove m’.R.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch sitadèl, ak yon kay defans, pou ou sove m’, paske fòs mwen ak kachèt mwen, se ou menm.Bondye mwen, wete m’ nan men pechè a.R.
Paske se ou menm ki pasyans mwen, Granmèt; Granmèt, esperans mwen depi m’ tou jèn. Se sou ou mwen apiye depi m’ nan vant depi nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’. Se pou ou, tout tan, m’ap fè lwanj.R.
Bouch mwen ap anonse jistis ou ak sekou w’ la, tout jounen. M’ap vin kot pouvwa Granmèt la: Granmèt, m’ap fè sonje jistis ou ki pa gen parèy la. Bondye, ou ban m’ ansèyman depi m’ tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
«Mwen vle pou tout-suit ou ban m’ tèt Jan-Batis sou yon plat»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 17-29
Lè sa a:
Ewòd voye arete Jan, li mete l’ nan prizon akoz EWodyad, madanm Filip, frè l’ la, paske li te marye avèk li.
Jan t’ap di Ewòd: «Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la. Ewodyad menm t’ap fè konplo kont li, li te vle touye l’, li pa t’ kapab. Ewòd te pè Jan, li te konnen se te yon moun ki kòrèk, ki sen, li te pwoteje l’, li te konn koute l’ pou l’ fè anpil bagay, se avèk plezi li te konn koute l’.
Yon jou rive ki bay bon okazyon: Ewòd te fè yon resepsyon pou fèt li avèk chèf yo ak majistra yo avèk moun gran ras nan Galile a.
Pitit fi Ewodyad la vin antre, li danse; sa fè Ewòd plezi, ansanm ak lòt envite yo; wa a di ti fi a: «Mande m’ sa ou vle, m’ap ba ou l’». Li fè l’ sèman: «Nenpòt kisa ou mande, m’ap ba ou l’, te mèt se mwatye peyi wa m’ nan».
Li menm, li sòti, li di manman l’: «Ki sa pou m’ mande? »
Li di: «Tèt Jan-Batis».
Li antre byen vit ankò kot wa a, li mande l’, li di: «Mwen vle pou koulye a menm ou ban m’ tèt Jan-Batis sou yon plat».
Wa a pran chagren: poutèt sèman an epi poutèt envite yo, li pa t’ vle kontrarye l’, li voye yon gad, li pase lòd pou yo pote tèt li sou yon plat. Yo koupe tèt li nan prizon an, yo pote l’ sou yon plat, yo bay ti fi a li, ti fi a menm bay manman l’ li. Lè disip yo tande sa, yo rive, yo pote kò l’, yo mete l’ nan kavo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jan t’ap di Ewòd: «Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la.»
Jodi a n’ap sonje Jan Batis ki te mouri mati, li menm ki t’ap prepare chemen pou Mesi a, Pitit Bondye a. Tout lavi Jan Batis te santre sou Jezi, atèl pwen ke san li menm, travay li t’ap fè a pa t’ap gen sans.
Depi nan vant manman li, li te de deja santi kijan Jezi pa t’ lwen li. Rankont Mari avèk kouzin li, Elizabèt, de fanm ki ta pral vin manman, se yon rankont ki ouvri yon dyalòg ant de (2) timoun: Sovè a te sanktifye Jan, e Jan tresayi ak kè kontan nan vant manman li.
Kòm sila a ki t’ap prepare wout pou Granmèt la, li te kenbe kè kontan sa a (sa vle di, li te «plen ak Bondye»), li te prepare chemen an, li te egalize wout yo, li te kase tèt bit yo, li te anonse Granmèt la te deja rive, e li te montre moun yo Mesi a ak dwèt li: «Men Mouton Bondye a» (Jan 1,36)
Nan dènye moman lavi li, yo te mete Jan nan prizon alòske li t’ap preche libète Mesi a ap pote pou tout moun ki te prizonye vis ak move abitid yo: «Jan te di Ewòd: “Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la”» (Mak 6,18). Lanmò Jan Batis se temwayaj mati li ki santre sou Jezi. Li te devan li nan lavi a epi li pran devan li nan lanmò a.
Sen Bèd di nou ke « li te prizonye fènwa yon ti chanm, li menm kit e vin rann limyè temwayaj e ki te merite pou Jezi ki se limyè a menm te rele li flanm ki byen cho limyè a. Sila ki te resevwa misyon pou batize redanmtè mond la, li batize nan pwòp san pa li.»
Nou espere komemorasyon Mati sen Jan Batis ap fè nou ranpli ak Bondye, dekwa pou nou ka temwaye lafwa nou nan Jezikri ak kouraj. Se pou lavi nou kòm kretyen toujou santre sou Jezikri, paske se li k’ap ba li sans.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te vle pou Jan Batis ki sen te fè chemen Pitit ou a pou nesans li ak pou lanmò li, tanpri, fè nou favè pou, menm jan li menm li mouri mati verite a ak jistis la, konsa tou nou menm, nou batay sere pou deklare nou kwè nan ansèyman ou nan. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Menm si yo menase mwen, m’ap batay pou lajistis, m’ap pale verite.

No hay comentarios:

Publicar un comentario