Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Moun k’ap
aji avèk fòs natirèl sèlman, li pa wè bagay ki sòti nan lespri Bondye a; men
moun lespri a jije tout bagay»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 2, l0b-16
Frè m’ yo:
Lespri a sonde tout bagay, ata gran sekrè Bondye yo.
Kilès reyèlman vre nan pami lèzòm ki konnen afè moun nan, si se pa lespri moun
nan, ki nan li a? Konsa tou bagay Bondye yo, pèsonn pa konnen yo, sof Lespri
Bondye a. Kanta nou menm nou pa resevwa lespri tè sa a, men se Lespri ki sòti
nan Bondye a, pou nou konnen kado yo Bondye ba nou an: se yo menm n’ap pale a,
se pa ak pawòl sajès moun nou anseye, men se nan lansèyman Lespri a; afè lespri
a, se nan sans lespri a menm n’ap chèche konprann yo.
Moun nan k’ap aji avèk sèl fòs chè a bay, li pa wè
bagay ki sòti nan Lespri a; se afè moun fou yo ye pou li, li pa kapab konprann,
paske se Lespri a ki pèmèt moun jije. Moun Lespri a
menm, li jije tout bagay; men li menm, pèsonn pa kapab jije l’. Kilès
reyèlman vre ki konnen sa k’ nan lide Granmèt la, pou l’ ba l’ konsèy? Kanta
nou menm nou gen sa k’ nan lide Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 9. 10-11. 12-13ab. 13cd-14
R/ Granmèt la kòrèk nan tout chemen l’ yo.
Granmèt la
gen pitye, li gen kè sansib, li gen pasyans, li gen anpil kè sansib.
Granmèt la
bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
Y’ap fè lwanj
ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; sen ou yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare
bèlte peyi kote ou wa a, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Pou yo fè pitit lèzòm yo konnen mèvèy ou yo,
ak bèlte rèy ou a, ki ekstrawòdinè a. Rèy ou a, se pou
tout tan,
kòmandman ou nan pou tout jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt la fidèl nan tout paròl li yo, li sin nan tout
travay li yo.
Granmèt la
soutni tout moun k’ap tonbe yo, li drese tout sa k’ kraze yo.R.
LEVANJIL
«Mwen konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 31-37
Lè sa a:
Jezi desann
Kafanawòm, yon vil Lagalile; antan l’ la, li t’ap bay moun yo lansèyman, jou
saba a. Yo te sezi poutèt lansèyman l’ nan, paske li t’ap preche avèk otorite.
Nan kay
reyinyon an te gen yon mesye ki te gen yon demon ki pa pwòp, li rele byen fò,
li di: «Kite nou, sa k’ gen ant nou menm ak ou menm, Jezi, moun Nazarèt la.
Èske ou vini pou ou pèdi nou? Mwen konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a».
Jezi menase
l’, li di: «Pe bouch ou, sòti nan li». Demon an jete l’ nan mitan moun yo,
li pati sot nan li, san l’ pa fè l’ okenn mal. Tout moun tranble, youn ap pale
ak lòt, y’ap di: «Ki pawòl sa a, paske se nan pouvwa ak fòs li kòmande lespri
ki pa pwòp yo, epi yo sòti?» Repitasyon l’
gaye nan tout kote nan peyi a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou wè
kòman lansèyman an se te sant misyon Jezi a nan lavi piblik li. Men,
predikasyon Jezi a te trè diferan avèk sa doktè lalwa yo te konn bay la, se sa
ki fè moun yo te etone, yo te nan admirasyon. Li klè ke, malgre Jezi pa t’ janm
etidye, li te twouble moun yo ak kalite lansèyman li a, paske «li t’ap preche
avèk otorite». Fason li te pale a te montre otorite sila a ki te konnen li se
«Sen Bondye a».
Otorite
sa li te genyen nan fason li t’ap pale a, se sa ki te bay langaj li fòs. Li te
itilize imaj ke tout moun te ka konprann san kase tèt; li te pran imaj sa yo
nan lanati oubyen nan Labib. Nou pa ka doute ke Jezi se te yon bon obsèvatè,
epi li te byen konnen tout sitiyasyon moun t’ap viv: menm jan nou wè li ap bay
lansèyman an, se konsa tou nou wè l’ap fè byen nan antouraj Li (Li geri malad,
li chase demon,…). Nan liv lavi a li te li chak jou anpil eksperyans ke li te
konn itilize nan lansèyman li. Menm si se pa t’ yon gwo bagay, Pawòl Granmèt la
te toujou mennen byen lwen, li te boulvèse, li te tou nèf, epi definitif.
Sa ki
pi gran nan fason Jezi pale a, sèke li te rive makonnen otorite Bondye avèk
senplisite moun. Otorite ak senpliste te posib pou Jezi, gras ak konesans li te
genyen sou Papa epi gras ak relasyon obeyisans nan renmen ke li te genyen avèk
li(Cf. Mt 11,25-27). Se kalite relasyon sa ke Jezi te genyen ak Papa li a ki
pèmèt nou konprann amoni san parèy sa a ki genyen ant grandè ak senplisite.
Otorite langaj Jezi a pa reponn ak kritè ke moun ta kapab etabli. Se pa yon kesyon
enterè pèsonèl, oubyen yon kesyon pou montre se entèl ki chèf, se li ki
kòmande. Non! Se pa nan lojik sa otorite Jezi a chita.
Se te yon otorite ki te manifeste nan grandè pawòl Jezi oubyen nan
aksyon li, menm jan tou nan imilite li ak senplisite li. Pa gen lwanj pèsonèl
ki t’ap soti nan bouch Jezi, ni awogans, ni gwo kout rèl…Bon kè, dousè,
konpreyansyon, kè poze, trankilite, mizerikòd, verite, limyè, jistis...se lodè
pafen sa yo ki te sòti nan lansèyman Jezi a.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, ou menm ki nan dènye
wotè a, ou desann byen ba pou ou sèvi nou, tanpri ede nou sèvi ak otorite nou
genyen pou nou sèvi lòt yo, dekwa pou nou ka rive nan wotè ou ye a, ki se wotè
renmen an.
PWOPOZISYON: Montre ou renmen yon frè oubyen yon sè, antan
ou koube ou byen ba pou ou sèvi li, san ou pa chache konpliman pou tèt pa ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario