Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«N’ap ede Bondye; nou menm nou se jaden Bondye, kay Bondye ap bati».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 3, 1-9
Frè m’ yo,
mwen pa t’ kapab pale nou tankou moun lespri, men se tankou ak moun chè a mwen
te pale ak nou; tankou ti bebe nan Jezikri, se lèt mwen te ba nou bwè, se pa
manje, nou pa t’ ko kapab sipòte manje reyèlman vre; ata koulye a nou pa ko
kapab, paske se moun chè a toujou nou ye. Sèke si gen jalouzi ak diskisyon nan
pami nou, èske se pa moun chè a nou ye, epi èske se pa daprè moun pa tè a n’ap
mache?
Sèke lè youn
ap di: «Mwen menm se moun Pòl mwen ye», yon lòt menm: «Mwen se moun Apolon»,
èske se pa daprè konduit lèzòm n’ap aji? Ki sa Apolon ye konsa a? Ki sa Pòl
menm ye? Se sèvitè sila a nou kwè nan li a, yo chak yo aji daprè sa Granmèt la
ba yo. Mwen menm mwen te plante, Apolon te wouze, men se Bondye ki te fè plant
la pouse. Konsa ni sa k’ plante a pa kichòy, ni sa k’ wouze a, men se sa k’ fè
pouse a, se Bondye. Sila a ki plante a ak sila a ki wouze a se yon sèl yo ye:
chak moun ap resevwa pwòp rekonpans li daprè travay li. Se asosye Bondye nou
ye; nou menm menm nou se jaden Bondye, nou se kay Bondye ap bati.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 12-13. 14-15. 20. 21
R/ Se chans pou pèp Bondye chwazi kòm eritaj li a.
Se chans pou
nasyon an, ki gen Granmèt la pou Bondye l’, pèp la li chwazi kòm eritaj li a.
Antan l’ nan
syèl la Granmèt voye je l’, li wè tout pitit moun yo.R.
Antan l’ nan
kote li abite a li voye je l’ sou tout moun ki abite tè a,
li menm ki
fòme kè yo chak, ki ekzamine tout travay yo.R.
Nam nou ap
konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye;
paske se nan
li kè nou ap fete, se nan non l’ ki sen an n’ap espere.R.
LEVANJIL
«Nan lòt vil
yo tou mwen gen pou m’ pote bòn nouvèl la, paske se pousa yo voye m’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 38-44
Lè sa a:
Jezi leve sot
nan kay reyinyon an, li antre nan lakay Simon; bèlmè Simon an te ret kouche ak
yon gwo lafyèv, yo lapriyè l’ pou li. Li kanpe, li panche sou li, li kòmande
lafyèv la, lafyèv la kite l’; menm lè a li leve, li t’ap sèvi yo.
Kòm solèy la t’ap kouche, tout moun ki te gen moun
malad anba tout kalite maladi, yo mennen yo ba li. Li menm li poze men sou yo
chak, li geri yo.
Demon yo t’ap sòti nan anpil moun, antan y’ap rele byen
fò, y’ap di: «Ou se Pitit Bondye a»; li t’ap menase yo, li pa t’ abitye kite yo
pale, paske yo te konnen li se Kris la.
Lè l’ fè jou, li sòti, l’al nan yon kote ki pa gen
pèsonn; foul yo t’ap chèche l’, yo rive jous kote l’, yo te kenbe l’, pou l’ pa
t’ pati kite yo.
Li menm li di yo: «Sèke lòt vil yo tou, mwen gen pou m’
anonse rèy Bondye a ba yo paske se pousa menm yo voye m’». Epi li t’ap preche
nan kay reyinyon Lagalile yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi gen kè sansib anpil pou moun k’ap
soufri. Li konn geri tout maladi yo. Menm tan tou, Jezi te gen misyon preche
Bòn Nouvèl la nan plizyè vil. Li pa t’ chita yon sèl kote.
Nan moso Levanjil daprè Lik ki sen n’ap li
jodi a, nou wè te gen anpil moun Jezi te geri, men toujou te gen moun li pa t’
rive geri, tèlman te gen moun, epi tèlman te gen kote ki te bezwen tande Bòn
Nouvèl la.
Kisa nou panse de moun ki pa t’ ka geri nan
men Jezi yo, lè l’ te kite vil la avan l’ te fin wè chak grenn moun? Èske Jezi bliye yo? Èske li pa renmen yo, ki fè li kite yo konsa?
Pou n’ reponn a sa, fò n’ gade jan bèlmè Pyè
te aji lè Jezi te geri lafyèv li a. Li menm menm, li te ka dekouraje anpil lè
l’ te tonbe malad, paske li te gen tan granmoun, epi se fi li te ye nan yon
sosyete ki pa t’ twò respekte medanm yo, ki fè yo te ka meprize li deja. Lè l’
tonbe malad, li ka panse yo te pral kite li deyò nèt, pèsonn moun p’ap okipe
li. Men lè Jezi te ba l’ posiblite pou li entegre tèt li ankò nan kominote a,
madam nan te kanpe, epi li kòmanse sèvi lòt yo. Sa l’ te resevwa gratis, li te
bay li gratis.
Se nan menm sans sa a tou, Jezi te geri yon
gwoup moun, kounye a se yo menm menm ki pou fè sa yo kapab pou moun ki poko
geri yo. Jezi te bay plizyè moun Pawòl Bòn Nouvèl la, kounye a se yo menm ki
pou gaye nouvèl la.
Bondye chwazi nou pou n’ kolabore avè l’. Pou
n’ fè sa, se pou nou gen menm santiman avèk Jezi, se pou nou aji menm jan l’ te
konn aji.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi paske ou geri mwen nan tout maladi mwen. Mèsi
tou paske ou fè m’ jwenn Bòn Nouvèl renmen ou a. Tanpri, fè kè m’ sansib ak
moun k’ap soufri, pou m’ kapab kolabore avè w’ nan misyon ou a. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap idantifye yon bagay mwen rekonèt mwen te resevwa li gratis, epi
m’ap sèvi avè li pou m’ rann moun yon sèvis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario