Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Tout bagay se pou nou, nou menm nou pou Jezikri, Jezikri menm li pou
Bondye»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 3, 18-23
Frè m’ yo :
Pèsonn pa bezwen twonpe tèt li.Si
gen yon moun nan pami nou ki konprann li gen sajès nan sans syèk sa a, se pou
l’ vin fou pou l’ kapab gen sajès vre ; sèke sajès tè sa a se bagay moun
fou li ye devan Bondye.
Paske men sa k’ ekri : «M’ap
pran moun sajès yo nan pyèj yo a» epi tou: «Granmèt la konnen panse moun sajès
yo, yo pa vo anyen». Konsa pèsonn pa bezwen tire lwanj nan lèzòm. Tout bagay
pou nou ; swa Pòl, swa Apolon, swa Sefas, swa tè a, swa lavi a, swa lanmò
a, swa sa k’ la koulye a, swa sa k’ap vini an; tout bagay reyèlman vre se pou
nou, nou menm nou pou Jezikri, Jezikri menm pou Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6
R/ Pou Granmèt la tè a ak tout sa k’ plen l’.
Pou Granmèt la tè a ak tout sa k’
plen l’, fas tè a ak sa ki abite sou li yo.
Paske se li menm ki poze fondasyon
l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran larivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt
la, oubyen kilès k’ap enstale nan kote l’ ye a ki sen an?
Moun ki inosan nan men l’ epi ki
gen kè l’ nèt, ki pa pran non l’ pou granmesi.R.
Se moun sa a k’ap resevwa
benediksyon nan men Granmèt la, ak rekonpans nan men Bondye ki sove l’ la.
Sa a se ras moun k’ap chèche l’
yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
«Yo kite tout bagay, yo suiv li».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5, l-11
Lè sa a:
Kòm foul yo te gonfle sou Jezi pou
yo tande pawòl Bondye a, li te kanpe sou bò letan Jenezarèt la. Li wè de kannòt
ki mouye bò letan an; moun k’ap peche pwason yo te desann, yo t’ap lave filè
yo. Li monte nan youn nan kannòt yo, sa k’ te pou Simon an, li mande l’ pou l’
rekile yon ti kras sot bò tè a. Li chita, l’ap
bay foul yo lansèyman antan l’ nan ti kannòt la.
Kon l’ fin pale, li di Simon:
«Mennen nou nan fon, epi lage filè yo pou lapèch la».
Simon reponn, li di l’: «Mèt, tout nan nuit nou travay san nou pa pran anyen; sèlman sou pawòl ou
m’ap lage filè a».
Lè yo fè sa, yo ranmase yon pakèt
foul pwason ; filè yo a t’ap chire. Yo fè asosye yo siy, sa k’ te nan lòt
kannòt la, pou yo vin ede yo. Yo rive, yo plen toulede kannòt yo, jous yo te
prèt pou koule.
Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l’
nan jenou Jezi, li di : «Rale kò ou lwen m’, paske se yon moun ki nan
peche mwen ye, Granmèt».
Sèke sezisman te anvayi l’, ansanm
ak tout moun ki te avèk li yo nan lapèch pwason yo yo te pran an; konsa tou pou
ni Jak ni Jan, pitit Zebede yo, ki te asosye Simon.
Jezi di Simon : «Pa pè, apati
koulye a, se lapèch moun w’ap fè».
Yo kondui kannòt yo jous atè, yo
kite tout bagay, yo suiv li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «MENNEN NOU NAN FON»
Jodi a, sa byen etone nou lè nou konstate kijan pechè
yo te gen kouraj kite aktivite yo, fanmi yo, pou yo te ka suiv Jezi («yo kite
tout bagay, yo suiv li»: Lik 5,11) presizeman nan moman kote li parèt kòm sila
ki vin kolabore ak yo nan yon fason eksepsyonèl nan biznis yo fè pou yo te ka
viv. Si Jezi moun Nazarèt la ta fè nou menm pwopozisyon sa nan venteyinyèm syèk
nou an…, èske nou ta gen menm kouraj ak mesye sa yo. Èske nou ta rive dekouvri
si nou avèk li nou p’ap pèdi anyen?
Nou menm kretyen nou kwè Kris la toujou prezan; se
poutèt sa jounen jodi a, se pa avèk Pyè, Jak oubyen Jan Jezi adrese ankò, men
se nou tout ki deklare Jezi se Granmèt nou, se nou menm Granmèt la ap mande pou
resevwa li nan bato lavi nou, paske li vle repoze bò kote nou; li mande nou kite
li sèvi ak nou, li mande nou pou nou pèmèt li oryante ekzistans nou, pou nou ka
pote fwi nan mitan yon sosyete ki swaf bòn nouvèl la. Poutan bòn nouvèl sa a,
sosyete fè yon pa pi lwen li chak jou.
Pwopozisyon sa trè atirant, sa nou manke se volonte pou
nou aprann konnen kijan pou nou libere anba laperèz nou yo, prejije nou yo, pou
nou ka avanse pi fon nan dlo a, sa vle di, pou nou ka ale pi lwen ke tout sa ki
limite lavi chak jou nou ki plen angwas ak dekourajman. Nan sans sa a, Sen Toma
d’Aken di nou: « Moun ki pran pèn sou wout la, menm si li pa avanse ak gran pa,
li vin pi pre kote li vle rive a; moun k’ap pase sou kote wout la, plis li
kouri, se plis li pase lwen kote li vle rive a».
«Duc in altum», «Avanse pi fon» (Lik 5, 4): An nou pa rete kanpe sou
rivaj sou kote yon mond k’ap viv nan gade lonbrik li sèlman! Navigasyon nou sou
lanmè lavi a dwe mennen nou jete lank nou nan tè pwomiz la, kote nou va fini
kous nou dèyè syèl nou espere a, kado Papa a – me tou- yon kado ke nou pa ka
separe avèk travay moun- travay pa w’, travay pa m’ – nan sèvis lòt yo nan bato
Legliz la. Kris la konnen tout bagay, sa depan de nou: oubyen nou chwazi santre
sou nou menm nan chache enterè pèsonèl nou, oubyen nou nou chache louvri nan
orizon Kris la.
LAPRIYÈ : Granmèt, mwen envite
ou jodi a nan bato lavi mwen.Menm si gen gwo van ak tanpèt, mwen konnen w’ap
menm mwen sou bon pò a san pwoblèm. Amèn.
PWOPOZISYON : Kisa mwen ka
wete nan bato lavi mwen, pou Jezi ka jwenn yon ti plas pou li chita ? M’ap
reflechi pou mwen wè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario