Páginas

VANDREDI 2

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Granmèt la ap fè wè panse ki nan kè yo»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 4,1-5
Frè m’ yo :
Se pou yo konsidere nou tankou sèvitè Jezikri, tankou moun ki responsab separe mèvèy sakre Bondye yo. Ki sa yo mande moun ki responsab yo, se pou yo fidèl. Kanta mwen menm, sa pa fè m’anyen si nou jije m’, oubyen si yon tribinal moun jije m’; menm mwen-menm, mwen pa jije pwòp tèt mwen; konsyans mwen pa repwoche m’anyen, sèlman se pa pousa mwen konsidere m’ kòrèk; sila a k’ap jije m’ nan, se Granmèt la. Se pousa pa jije anvan tan an, joustan Granmèt la rive, li menm k’ap klere sa k’ kache nan fènwa yo, k’ap montre panse ki nan kè yo ; lè sa a chak moun ap jwenn lwanj nan men Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 36, 3-4. 5-6. 27-28.39
R/ Delivrans moun ki kòrèk yo se nan Granmèt la li sòti.
Espere nan Granmèt la, epi fè sa k’ bon, w’a abite tè a epi w’a manje trankil,
Met kè kontan ou nan Granmèt la, l’ap ba ou sa kè ou mande yo.R.
Renmèt Granmèt la chemen ou nan, epi espere sou li, se li menm k’ap aji ;
L’ap fè jistis ou a sòti tankou limyè, epi jijman ou nan tankou klète midi.R.
Vire do bay mal, fè sa k’ byen, w’a abite nan tan ki p’ap fini an.
Paske Granmèt la rinmen jijman, li p’ap lage sen l’ yo.R.
Delivrans moun ki kòrèk yo sot nan Granmèt la,
L’ap pwoteje yo nan tan tray la.
Granmèt la ap ede yo, l’ap delivre yo,
L’ap wete yo anba men moun peche yo, l’ap sove yo,
Paske yo espere sou li.R.
LEVANJIL
«Lè y’a pran mari a nan men yo, lè sa a y’a fè jèn».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5, 33-39
Lè sa a: farizyen yo ak pwofesè yo di Jezi:
«Pouki sa disip Jan yo ap fè jèn souvan, ap lapriyè souvan, ni farizyen yo tou; kanta disip ou yo menm y’ap manje, y’ap bwè»?
Li di yo: «Èske nou kapab fè zanmi mari a fè jèn, pandan mari a ansanm avèk yo. Men gen jou k’ap vini, lè y’a pran mari a nan men yo, lè sa a y’ap fè jèn sa yo».
Li t’ap di yon parabòl pou yo : «Pèsòn pa pran yon moso twal ki sot nan yon rad nèf pou l’ mete l’ nan yon vye rad ; otreman rad nèf la ap chire tou, epi moso ki sot nan rad nèf la, li pa ale ak vye rad la.
Epi pèsonn pa met diven nouvo nan veso ansyen ki fèt ak po bèt ; otreman diven nouvo a ap fè veso yo eklate, l’ap vide, epi veso yo ap pèdi ; men diven nouvo fèt pou mete nan veso nèf, pou toulede konsève. Pèsonn, lè l’ fin bwè sa k’ vye a, pa vle nouvo a tout-suit, paske l’ap di ; «Vye a pi bon».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan peyi Izrayèl, yo pa t’ konn fè jèn san rezon. Pratik sa a te gen yon karaktè senbolik. Se pousa nou kapab di te gen plizyè motif ki te ka fè yon moun jene. Premye motif la, se sa yo te rele jou «Yomkippour » (Lv. 16, 1). Se moman tout moun fè jèn nan peyi Izrayèl pou mande padon pou peche yo. Lòt rezon ankò, se nan moman y’ap prepare yon evènman ki pote lajwa oubyen komemore yon evènman ki pote tristès, tankou lanmò. Se bagay sa yo ki a la baz jèn nan peyi Izrayèl.
Nou ka konprann kounye a poukisa Jezi reponn konsa : « Èske nou kapab fè zanmi mari a fè jèn, pandan mari a ansanm avèk yo ?» Si mari a nan kay la, sa vle di se fèt ki dwe genyen ! Disip Jan Batis yo te gen rezon pou fè jèn paske Jan pa t’ ansanm ak yo. Sa vle di, yo te nan tristès. Men pou disip Jezi yo, se te diferan paske l’ la avèk yo. Kidonk pa gen rezon valab pou pale de jèn nan moman sa a. Se pou sa deja avèk lanmò Jezi, nou ka kòmanse pale de Jèn pou disip yo paske yo nan lapèn.
Jezi vle retire nan tèt farizyen yo ak pwofèsè yo tout movèz refleksyon konsènan Jèn nan. E tout ipokrizi ki nan kè yo. Se pou sa nan parabòl la li envite yo aprann disène sa ki bon ak sa k’ pa bon, sa k’ itil ak sak pa itil, sa k’ nèf ak sa k’ pa ka itilize ankò. Li envite yo pa melanje byen ak mal. Byen se byen, mal se mal. Kidonk yo pa ka abite ansanm. Pa gen moso byen ki ka kole ak moso mal. Ou pa ka kole yon moso twal nèf ak youn ki chire.
Pafwa li konn difisil pou n’aksepte chanjman nan fason nou panse e nan fason nou konprann bagay yo. Nou konn vle rete atache ak tradisyon nou yo pou n’ jije lòt yo ki souvan aji diferan. Se pou sa, Apot Pòl raple nou misyon nou kòm sèvitè Jezikri. Pa pou nou jije men pou nou beni. Sa vle di, nou se kanal lagras Jezikri a. Pap Jan Pòl II te di nou sa nan yon fason ki trè orijinal : Moun se chemen Jezikri. Kidonk Jezikri pase pa nou pou rive jwen lòt yo, pa pou kondane men pou fè mizerikòd.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, ede mwen sèvi ak kè kontan. Ede m’ derasinen tout jèm ipokrizi k’ap pouse nan kè mwen.

PWOPOZISYON :An nou montre Jezi vivan nan fason n’ap temwaye renmen li ak mizerikòd li ak kè kontan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario