Koulè Blan
Gregwa Le Gran ki sen, Pap e
savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Nou grangou, nou swaf, nou nikò».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 4, 9-15
Frè m’ yo:
Se pou nou pran leson nan mwen
menm ak Apolon, pou nou pa depase sa ki ekri a, pou pèsonn pa gonfle kont youn
poutèt li pito lòt la. Kilès ki distenge ou ? Sa ou genyen ou pa t’
resevwa ? Men si ou resevwa l’, pouki sa w’ap vante tèt ou kòm si ou pa t’
resevwa l’? Nou deja gen tout sa nou bezwen, nou deja rich, n’ap kòmande kòm wa
san nou menm ; pito nou kòmande vre kòm wa, sa va fè nou menm tou, n’a
kapab kòmande kòm wa ansanm avèk nou.
Mwen kwè reyèlman vre Bondye
ekspoze nou, nou menm apot dènye tan yo, tankou moun ki kondane a mò, paske nou
vin tounen yon espektak pou tè a, ni pou mesaje Bondye yo, ni pou moun yo. Nou
fou poutèt Jezikri, ou menm menm ou gen sajès la Jezikri ; nou fèb, ou menm
ou fò ; ou menm ou gen konsiderasyon, men nou menm yo meprize nou.
Jouskoulye a nan lè sa a nou grangou, nou swaf, nou nikò, y’ap ba nou souflèt,
nou san pozisyon, n’ap redi, n’ap travay ak men nou ; y’ap madichonnen
nou, n’ap fè konpliman ; n’ap sibi pèsekisyon, nou aksepte sa ; y’ap
fè manti sou nou, n’ap konsole ; nou vin tounen fatra tè sa a, bagay tout
moun rejte jouskoulye a.
Se pa pou m’ fè nou wont mwen ekri
nou bagay sa yo, men se tankou avètisman m’ap bay pitit mwen yo mwen renmen
anpil yo. Sèke si nou gen di-mil moun k’ap fè ledikasyon nou nan Jezikri, nou
pa gen anpil papa ; se mwen menm ki ba nou nesans nan Jezikri gras a
levanjil la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 17-18. 19-20. 21
R/ Granmèt la tou pre moun k’ap rele l’ yo.
Granmèt la kòrèk nan tout chemen
l’ yo, li sen nan tout travay li yo.
Granmèt la tou pre moun k’ap rele
l’ yo, tout moun k’ap rele l’ nan laverite a.R.
L’ap fè volontE moun ki respekte
l’ yo, l’ap koute lapriyè yo, l’ap sove yo.
Granmèt la
prezève tout moun ki renmen l’ yo, men l’ap gaye tout moun peche yo.R.
Se pou bouch
mwen fè lwanj Granmèt la, se pou tout chè m’ fè konpliman pou non l’ ki sen pou
tout tan ak tout tan gen tan.R.
LEVANJIL
«Pouki n’ap
fè sa yo pa pèmèt jou saba a?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN: 6, 1-5
Rive yon jou saba, Jezi t’ap travèse jaden ble, disip
li yo t’ap rache zepi yo, yo t’ap manje yo lè yo fin fwote yo nan men yo.
Detwa nan farizyen yo t’ap di yo: «Pouki sa n’ap fè sa
yo pa pèmèt nan saba a?»
Jezi reponn yo, li di: «Èske nou pa li sa David te fè,
lè l’ te grangou ni li menm ni moun ki te avèk li yo; kijan li antre nan kay
Bondye a, epi li pran pen yo ki te ekspoze yo, li manje yo, li bay moun yo ki
te avèk li yo: bagay yo pa pèmèt manje, sof pou prèt yo sèlman?»
Epi li t’ap di yo: «Sèke Pitit moun nan mèt ata saba
a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, pou Jezi bay farizyen yo yon
repons, li pran san li pou li byen eksplike sans repo sabatik la, antan li pran
yon ekzanp nan Ansyen Testaman (cf. Det. 23,26): «Èske nou pa li sa David te fè, lè
l’ te grangou ni li menm ni moun ki te avèk li yo; kijan li antre nan kay
Bondye a, epi li pran pen yo ki te ekspoze yo, li manje yo, li bay moun yo ki
te avèk li yo?» (Lik 6,3-4)
Konpòtman David la te
deja anonse doktrin ke Jezi anseye nan pasaj sa a. Nan Ansyen Kontra a, Bondye
te etabli yon lòd nan atik Lalwa yo, pou moun ki te okipe dènye ran te ka bay
plas a sila yo ki te gen pi gwo wòl.
Men li
enpòtan pou yo konnen ke yon aktik ki etabli jan seremoni yo dwe fèt, li pa gen
plas li lè li antre an konfli ak yon atik nan lwa natirèl la. Atik ki pale sou
saba a, li pa gen plis enpòtans ke nesesite de baz yon moun genyen pou li manje
pou soutni kò li.
Nan
pasaj sa a, Kris la anseye ki sans saba genyen kòm yon bagay ke Bondye li menm
li enstitiye: Bondye te mete li pou byen moun, pou moun nan te ka repoze epi
sèvi Bondye ak kè poze ak kè kontan. Fason farizyen yo te entèprete jou sa a yo
te fè li tounen yon okazyon angwas ak prewokipasyon nan pakèt preskripsyon ak entèdiksyon
lawa a.
Saba a
te etabli pa sèlman pou moun nan te ka repoze, men tou pou li te fè lwanj ak
konpliman pou Bondye: se la nou jwenn vrè sans ekspresyon sa: «saba a se pou
moun li te fèt» (Mak 2,27).
Anplis,
lè Jezi deklare ke li se «mèt saba a» (cf. Lik 6,5), li manifeste ouvètman ke
li se menm Bondye a ki te bay pèp Izrayèl la kòmandman sa a, epi nan fason sa a
li afime divinite li ak pouvwa san limit li genyen sou tout bagay. Se konsa li
montre li ka etabli lòt lwa, menm jan Yave te fè sa nan Ansyen Testaman an.
Jezi gen rezon pou li di li se «mèt saba a», paske li se Bondye.
An nou
mande Lavyèj Mari konkou li, pou nou ka kwè epi konprann ke Saba a se pou
Bondye epi se yon fason ki adapte a sa nou ye kòm moun pou nou bay Bondye glwa
ak onè, li menm ki tou puisan. Tankou Jan Pòl II te ekri sa, «repo a se yon
bagay ‘sakre’» e se yon okazyon pou nou «pran konsyans ke tout bagay se zèv
Bondye».
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri pa kite mwen tounen
yon farizyen ki anpeche lòt yo viv. Ede mwen mwen derasinen ipokrizi ak
mechanste ki nan kè mwen. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap pran omwen 5 minit nan jounen sa pou mwen
fè lwanj ak konpliman pou Bondye, paske se li ki te kreye mwen, tout sa mwen fè
kòm pwogrè, se gras a li menm.
No hay comentarios:
Publicar un comentario