Páginas

DIMANCH 4

Koulè Vèt
VENNTWAZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Sa k’ kapab konprann ki sa Bondye vle?”
NAN LIV LASAJÈS 9, 13-19
Kilès nan pami lèzòm ki kapab konnen plan Bondye? Oubyen ki kapab panse ki sa Bondye vle? Refleksyon lèzòm k’ap mouri yo, se bagay ki fèb, prevwayans nou pa sèten: sèke yon kò k’ap dekonpoze, li fè nanm nan vin pi lou, epi kay tè sa a nou abite a, li peze sou lespri a k’ap kalkile sou anpil bagay.
Li difisil pou nou konsidere bagay ki sou tè a, epi bagay ki devan fas nou, nou jwenn yo avèk difikilte; kanta pou sa k’ nan syèl la menm, kilès moun ki kapab fouye yo? Ki moun ki kapab konnen sa k’ nan lide ou, si se pa ou menm ki bay sajès la, si ou pa voye Lespri Sen w’ nan sot anwo nèt la, se konsa chemen moun yo ki sou tè a yo drese, epi lèzòm ap aprann sa k’ fè ou plezi?
Reyèlman vre se pa lantremiz sajès la yo vin geri, yo tout ki te fè w’ plezi, Granmèt, depi nan kòmansman an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 89, 3-4. 5-6. 12-13. 14 ak 17
R/Granmèt, ou vin tounen kachèt pou nou, sot nan jenerasyon al nan jenerasyon.
Ou fè moun nan tounen nan pousyè; ou di: “Tounen, pitit moun yo”.
Sèke mil ane devan je ou se tankou jou yè a ki pase, ak tan yon santinèl fè pòs nan nuit.R.
Ou jete yo nan somèy, y’ap tankou zèb k’ap leve nan maten: nan maten li fè flè, li devlope, nan aswè li fennen, li seche.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou nou kondui kè nou nan sajès.
Tounen, Granmèt, jouskilè? Padonnen sèvitè ou yo.R.
Plen nou ak kè sansib ou a depi nan maten, n’a fete, n’a jwi pandan tout tan n’ap viv. Se pou bèlte Granmèt la Bondye nou an sou nou, garanti travay men nou sou nou, travay men nou yo, garanti l’.R.
DEZYÈM LEKTI
“Resevwa l’, pa tankou yon sèvitè, men tankou yon frè ou renmen anpil”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILEMON 9b 10. 12 17
Ou menm mwen si tèlman renmen an:
Se Pòl ki vye granmoun nan, koulye a menm ki prizonye Jezikri a, m’ap lapriyè ou pou pitit mwen an, sa m’ anfante nan chenn yo, Onezim, li menm mwen ranvwaye ba ou. Mwen ta byen renmen kenbe l’ ansanm avèk mwen, pou l’ ta sèvi m’ nan plas ou nan chenn levanjil la; men mwen pa t’ vle fè anyen san desizyon ou, pou byen ou nan pa ta tankou yon bagay ki fòse, men pou se nan volonte ou li sòti. Pètèt reyèlman vre li te pati lwen ou pou yon tan, pou ou te kapab resevwa l’ pou tout tan; sèlman se pa tankou yon esklav ankò, men plis pase yon esklav, tankou yon frè ou renmen anpil, se sa l’ ye anpil pou mwen, se sa l’ap ye pi plis toujou pou ou, ni nan lachè a, ni nan Granmèt la. Si ou konsidere m’ kòm zanmi ou, resevwa l’ jan ou ta resevwa mwen.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Moun ki pa renonse tout sa l’ posede, li pa kapab vin disip mwen”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 14, 25-33
Lè sa a:
Anpil foul t’ap mache avèk Jezi, li vire, li di yo: “Si yon moun vin jwenn mwen, epi li pa rayi papa l’ ak manman l’ ak madanm li, ak pitit gason l’ yo ak pitit fi l’ yo ak sè l’ yo, ata jous lavi l’, li pa kapab vin disip mwen.
Moun ki pa pote kwa l’, pou l’ vin aprè m’, li pa kapab vin disip mwen.
Kilès reyèlman vre nan pami nou, si l’ vle bati yon kay chanmòt ki wo anpil, pou l’ pa kòmanse chita pou l’ kalkile sa k’ nesesè, pou l’ wè si l’ gen dekwa fini travay la? Otreman, aprè l’ fin poze fondasyon an epi li pa kapab fini, tout moun ki wè sa va kòmanse pase l’ nan betiz, y’ap di: “Ki kalite moun sa a: li kòmanse konstwi epi li pa kapab fini?”
Oubyen kilès wa ki vle al nan lagè kont yon lòt wa, pou l’ pa kòmanse chita, reflechi, pou l’ wè si avèk di-mil moun li kapab al rankontre lòt la k’ap vin sou li ak ven mil sòlda? Otreman, pandan lòt la lwen toujou, li voye yon gwoup mesaje pou l’ mande l’ kondisyon lapè a.
Konsa tou, tout moun nan nou, ki pa renonse tout sa l’ genyen, li pa kapab vin disip mwen”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Gen yon pwovèb ki di: chyen gen kat pat, men li pa mache nan kat chemen. Se konsa tou pou nou menm, fòk nou chwazi nan ki chemen nou vle mache. Ou pa kab mache nan 2 chemen an menm tan.
Poutan, gen anpil moun ki ta vle fè sa. Yo ta vle mache ak Jezi, men an menm tan yo chache pwòp plezi, pwòp enterè ak avantaj pa yo.
Fòk pitit yo batize, men yo yo menm yo pa okipe Legliz. Yo vante tèt yo paske yo marye, men yo pa enterese vin kominye. Yo vle pase pou moun pratikan, men pèsonn pa gen dwa mande yo fè yon ti apostola. Yo tankou moun ki vle chita sou 2 chèz alafwa, ki fè yo pral tonbe nan mitan. Nou menm tou, èske pa gen defwa nou fè menm jan? Nou di nou se kretyen, men anpil fwa se kretyen sou po, kretyen orabè nou ye.
Jodi a, Jezi di nou: si nou vle swiv li tout bon, se pou nou sispann ap balanse de bò. Fòk nou fè chwa nou.
Lè sa a, te gen anpil moun ki t’ap fè wout ansanm ak Jezi. Jezi te konnen te gen ladan yo ki t’ap swiv li pou enterè pa yo, ki fè li di yo: yon moun ki vle swiv mwen, fòk li renmen m’ plis pase paran ak fanmi li yo, fòk li renmen m’ plis pase tèt pa li. Si se pa sa, li pa ka disip mwen. Moun ki pa pote kwa l’, epi ki pa swiv mwen, li pa kab disip mwen non plis.
Si yon moun vle bati yon kay, premye bagay pou l’ fè, se chita kalkile si lajan l’ kont pou l’ bati kay la. Si l’ kòmanse bati, lè fini li pa kab fini, moun yo pral pase l’ nan rizib.
Menm jan tou, si yon wa vle fè lagè, se pou l’ kalkile depi davans si l’ kab bat lòt la k’ap mache sou li. Si se pa sa, se pou l’ antann avèk li anvan batay la mare. Konsa tou, nou youn pa kab disip mwen, si nou pa detache kè n’ ak tout sa n’ genyen. Kidonk pou nou kenbe Jezi, fòk nou lage tout lòt bagay!
Frè m’ ak sè m’ yo, Jezi pa janm chache twonpe nou. Li pale kare bare. Li envite nou swiv li. Li pwomèt nou lavi ki p’ap janm fini an ak kè poze nèt ale. Men, li p’ap janm di sa fasil. Li vle pou nou byen kalkile anvan nou angaje tèt nou ak li.
Swiv Jezi se yon bagay ki konsekan, ki ekzijan anpil. Se sa k’ fè Jezi pa vle nou pran chemen sa a san nou pa reflechi dabò pou nou byen konprann sa nou pral fè. Lè fini, li vle nou pran angajman sa a ak yon sèl kè.
Te gen anpil moun ki t’ap fè wout ak Jezi, men se pa yo tout ki te disip li. Jezi pa bezwen moun ki ta vle swiv li. Li bezwen moun ki vle tout bon.
An nou mande tèt nou ki bò nou ye ak Jezi. Èske se tout bon nou renmen l’ pase tout bagay? Oswa èske nou mete l’ sou menm pye ak yon bann lòt bagay? Jezi pa vle pataje kè nou ak yon lòt moun, ni ak lòt bagay. Fòk kè nou pou Jezi nèt ale.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, tanpri louvri entelijans mwen pou mwen kapab fè pi bon chwa nan lavi mwen, ede mwen divòse ak tout sa ki zidòl nan lavi mwen, ki fè mwen poko ka reponn envitasyon w’ap fè mwen ak tout fòs mwen. Amèn.

PWOPOZISYON: Ann panse ak kisa n’ap detache kè nou pou nou kab renmen Jezi tout bon.

No hay comentarios:

Publicar un comentario