Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Wete vye leven an; paske yo
sakrifye Pak nou an, Jezikri”.
NAN PREMYE
LET PÒL EKRI MOUN KORENT YO 5, 1-8
Frè m’
yo :
Tout
kote yo tande pale sou kesyon move plezi nan pami nou, yon kalite move plezi yo
pa jwenn ata nan pami nasyon yo; atèl pwen yon moun ki an nafè ak madanm papa
1’. Epi n’ap gonfle kè nou! Pouki nou pa pran dèy pito, pou nou wete sila a ki
fè bagay sa a sot nan mitan nou. Mwen menm ki pa la ak kòm, men ki prezan ak
lespri m’, mwen deja fin jije sila a ki aji konsa a, kòmsi mwen te prezan. O
non Granmèt nou Jezikri, rasanble ansanm avèk lespri m’avèk pouvwa Granmèt nou
Jezi, pou nou renmèt kalite moun sa a nan men Satan pou chè a detwi, dewa pou
lespri a kapab sove nan jou Granmèt nou Jezikri.
Grandizè
nou an pa bon. Èske nou pa konnen yon ti
kras leven gate tout pat la? Wete vye leven
an, pou gen yon nouvo pat, paske nou se pen san leven; reyèlman vre yo
sakrifye Pak nou an Jezikri. Konsa se
pou nou fete, men se pa avèk vye leven, ni avèk leven mechanste ak movèz fwa,
men nan pen san leven senserite ak verite.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 5, 5-6. 7. 12 (r.: 9a)
R/ Granmèt, kondui m’ nan jistis ou a.
Sèke ou pa yon Bondye ki renmen fot;
mechan an pa abite kote ou,
Moun ki pa kòrèk
yo pa rete devan je ou.R.
Ou rayi tout
moun ki fè enjistis, w’ap pèdi tout moun k’ap fè manti;
Granmèt la pa
vle wè moun san ak riz.R.
Tout moun ki espere nan ou, se pou ou kontan, se pou yo fete pou tout tan.
W’ap kouvri
yo ak lonbraj ou, y’ap jwenn bèlte yo nan ou
sila yo ki renmen
non ou nan.R.
LEVANJIL
"Yo t’ap obsève si l’ t’ap geri moun jou saba a".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 6, 6-11
Rive yon jou Saba,
li te antre nan yon kay reyinyon, li t’ap bay lansèyman. Te gen yon moun la, men dwat li te sèk.
Pwofesè yo ak
farizyen yo t’ap obsève si l’ t’ap geri moun jou saba a, pou yo te jwenn dekwa
akize l’.
Li menm menm
li te konnen panse yo, li di moun nan ki te gen men l’ sèk la: "Leve, kanpe
nan mitan". Li leve, li kanpe.
Jezi di yo:
"M’ap poze nou kesyon: èske jou saba yo gen dwa fè dibyen, oubyen dimal;
sove yon lavi, oubyen pèdi l’?"
Li gade tout
moun alantou, li di moun nan: "Lonje men ou". Li lonje l’, men l’ vin enganm. Yo menm yo te plen raj, yo fè konplo
antre yo pou yo wè sa pou yo fè ak Jezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: "LEVE, KANPE NAN
MITAN (…). LONJE MEN OU"
Jodi a, Jezi ba nou
ekzanp libète a. Nan tan sa a nou si tèlman pale de sa. Men pou fè diferans ant
libète n’ap anonse epi nou viv la, libète Jezi ap pale nou an se yon bagay ki
makonnen ak zèv Papa li. Se Jezi menm ki di nou: «Pitit Bondye a pa fè anyen
pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tout sa Papa a ap fè, Pitit la
fè l' tou» (Jan 5,19). Tout sa Papa fè, se
lanmou ki pouse li fè li.
Lanmou
an pa fòse w’, men li pouse w’ aji, li mete w’ an mouvman, li fè w’ gen bon kè.
Lòd sa a Jezi pase
nèg la: «Leve, kanpe nan mitan», se yon
pawòl ki gen fòs pou rekreye sila ki renmen an, e ki aji selon pawòl la. Plis
toujou, li di li: «lonje men ou» (Lik 6,10). Se konsa Jezi fè yon mirak nan
lavi moun sa ki ten men li sèk la, li fè li reprann fòs, li fè li konnen yon
lavi tou nèf. «Sove» vle di wete yon moun nan
lanmò, se sa mo geri a vle di tou. Antan Jezi geri nèg la, li sove li, se yon
siy lanmou Bondye pou sila li kreye a. Nan Jezi Bondye fè nou konnen nouvo lwa
a se lwa lanmou an, e li manifeste nan aksyon, nan fason nou aji pou ede frè ak
sè nou.
Konsa, sa ki pi enpòtan jodi a, se lè nou fè libète a
makonnen ak lanmou an, nan fason Jezi. Sen Ogisten ede nou sonje vrè sans mo
libète a lè li di nou: «Renmen epi fè sa ou vle». Pa gen vrè libète san lanmou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri, fè gwo fanm lanmou limen
nan kè nou pou renmen e sèvi pwochen nou, konsa n’ap sòti nan prizon move
santiman nou yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Si m’ renmen
tout bon vre jan Bondye mande sa, m’ap lib tout bon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario