Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Yon frè ap fè pwosè kont yon lòt frè, epi bagay sa a se kot moun ki pa gen
lafwa yo!
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 6, 1-11
Frè m’ yo:
Gen moun nan
nou ki gen lodas, lè l’ gen kont pou l’ regle ak yon lòt, pou l’ al fè jijman
kot pechè yo, epi li pa al kot sen yo? Oubyen nou pa konnen se sen yo k’ap jije
kesyon tè a? Si se nou menm k’ap jjje tè a, èske nou pa merite jije bagay ki
gen mwens enpòtans? Èske nou pa konnen n’ap jije mesaje yo? Nou pa bezwen
mande pou bagay syèk tan sa a ! Lè nou gen bagay syèk tan sa a pou nou jije, se
moun ki pa anyen nan legliz la, se yo menm nou pran pou fè jijman an.
Mwen di sa pou m’ fè nou wont: «Konsa pa gen pèsonn nan
pami nou ki gen sajès, ki kapab fè jijman ant frè l’?» Men yon frè fè pwosè
kont yon lòt frè, epi bagay sa a kote moun ki pa gen lafwa? Nou deja an fot nèt
poutèt nou gen pwosè nan pami nou. Pouki sa nou pa aksepte afwon pito? Pouki sa
nou pa sibi yo pran sa k’ pou nou pito? Men se nou menm k’ap fè afwon, k’ap
pran afè moun, epi bagay sa a alega frè yo.
Oubyen èske nou pa konnen moun ki pa kòrèk yo p’ap
posede rèy Bondye a? Pa twonpe tèt nou: ni moun k’ap fè move plezi, ni moun
k’ap sèvi zidòl, ni moun k’ap fè adiltè, ni moun ki gen move konduit, ni moun
k’ap fè move plezi avèk gason parèy yo, ni moun k’ap vòlè, ni moun ki renmen
lajan, ni moun k’ap bwè bwason, ni moun k’ap bay madichon, ni moun k’ap pran
byen lòt moun yo, yo p’ap posede rèy Bondye a. Se sa nou te ye lontan; men nou
lave, nou vin sen, men nou vin kòrèk o non Granmèt nou Jezikri ak nan Lespri
Bondye nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b (r.: 4a)
R/Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan
legliz sen yo
Se pou Izrayèl kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou
pitit siyon yo danse pou wa yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak
gita se pou yo chante pou li.
Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a, l’ap fè pòv
yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.R.
Se pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou
kabann yo.
Lwanj Bondye
yo nan bouch yo: bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
«Pandan tout lannuit la li t’ap lapriyè. Li chwazi
douz yo, li rele yo apot»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 12-19
Rive jou sa
yo, Jezi monte sou mòn nan pou l’ lapriyè, li pase tout lannuit la ap lapriyè
Bondye.
Lè jou rive,
li rele disip li yo, li chwazi douz nan pami yo, li rele non yo Apot: Simon, sa
l’ bay ti non Pyè a, avèk Andre, frè l’ la, Jak avèk Jan, Filip avèk Batelemi,
Matye ak Toma, Jak pitit Alfe a, ak Simon, sa yo rele Fanatik la, epi Jid,
pitit Jak la, avèk Jida Iskaryòt la, sa k’ te trayi a.
Li desann
avèk yo, li kanpe nan plenn nan, ansanm ak foul disip li yo ak anpil foul pèp
ki sòti nan tout Lajide ak Jerizalèm ak rejyon lanmè a, ak Tir ak Sidon, yo te
vini pou yo koute l’, pou yo fè l’ geri yo sot nan maladi yo. Moun ki te
gen lespri papwòp k’ap maltrete yo, yo te geri. Tout foul la te vle touche l’,
paske te gen yon pouvwa ki te sòti nan li epi ki te geri yo tout.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Mesaj Pòl pou moun Korent yo, se yon mesaj pou nou menm tou jounen jodi
a: lè nou kritike yon lòt, osinon fè yon lòt wè rezon, se renmen ki dwe enspire
nou sa, sa vle di se jistis, mizerikòd ak respè ki dwe detèmine konpòtman nou.
Konsa n’a sanble patizan Jezikri tout bon vre.
Levanjil la
ekzòte nou pou nou gen yon atitid «lapriyè». Paske se youn nan atitid Jezi te
genyen ; se nan kominikasyon ak Papa li li te jwenn fòs ansanm ak apot yo
pou yo retire move lespri sou moun yo.
Konsa, frè ak
sè m’ yo, nou pa dwe viv san nou pa retire yon ti moman apa pou n’ pale ak
Bondye nou an, paske se lapriyè a ki pou ba nou fòs pou nou kab lite kont tout
sa ki anpeche nou fè volonte Bondye. Se lapriyè k’ap ede nou rete soude ak
Bondye. Se gras a li nou ka rive gen bon konprann, pou nou travay pi byen pou
Wayòm syèl la, konsa n’a viv ak kè poze.
LAPRIYÈ: Avèk pouvwa ou Granmèt, tanpri al touche tout moun ki malad
lakay yo oubyen lopital, pou yo jwenn gerizon. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Pran yon ti tan pandan
jounen sa a pou m’ pale ak Bondye Papa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario