Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Èske ou marye? Pa chèche separe. Èske ou pa marye? Pa chèche marye»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 7, 25-31
Frè m’ yo:
Osijè vyèj
yo, mwen pa gen kòmandman Granmèt la; men se yon konsèy m’ap bay tankou yon
moun Granmèt la fè favè, pou yo kapab fè m’ konfyans. Mwen konsidere se yon bon
bagay poutèt nesesite ki la koulye a, wi, se yon bon bagay pou moun nan ret jan
li ye a. Èske ou marye ak yon madanm? pa chèche separe. Èske ou pa marye ak yon
madanm? pa chèche marye. Si ou marye, ou pa fè peche; si yon vyèj marye, li pa
fè peche. Sèlman n’ap gen tray nan chè sa a; mwen menm mwen vle evite nou sa.
Konsa, mwen di nou, frè m’ yo: «Tan an kout; moun ki
marye, se pou yo viv kòmsi yo pa marye; moun k’ap kriye, kòmsi yo p’ap kriye;
moun ki gen kè kontan, kòmsi yo pa gen kè kontan; moun k’ap achte, kòmsi yo pa
posede; moun k’ap sèvi avèk tè sa a, kòmsi yo p’ap sèvi avèk li; sèke, figi tè
sa a, l’ap pase».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
44, 11-12. 14-15. 16-17
R/ Koute, mafi, gade, panche zòrèy ou.
Koute, mafi,
gade, panche zòrèy ou, bliye pèp ou a ak lakay papa ou;
Wa a anvi
bèlte ou. Paske se Granmèt ou li ye, se pou ou adore l’.R.
Pitit fi wa a bèl anpil sou pa anndan, li abiye ak rad
ki fèt ak fil lò.
Nan rad ki fèt ak anpil kalite bèl twal, yo mennen l’
kot wa a;
Vyèj yo aprè l’, zanmi l’ yo, y’ap mennen yo ba ou.R.
Yo mennen yo nan kè kontan ak fèt, yo kondui yo nan
lakay wa a.
Nan plas zansèt ou yo w’ap gen pitit;
W’ap enstale
yo kòm chèf sou tout tè a.R.
LEVANJIL
«Se chans pou
pòv yo. Madichon pou nou menm rich yo! »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 20-27
Se chans pou
nou menm ki pòv, paske rèy Bondye a pou nou.
Se chans pou
nou menm ki grangou koulye a, paske n’ap jwenn kont manje.
Se chans pou
nou menm k’ap kriye koulye a, paske n’ap ri.
Se chans pou
nou menm lè moun yo ap rayi nou, lè y’ap rejte nou, lè y’ap fè nou afwon, lè
y’ap jete non nou tankou bagay ki mal, poutèt Pitit moun nan: fè kè nou kontan
jou sa a, danse; paske men rekonpans nou anpil nan syèl la; se konsa reyèlman
vre zansèt yo te aji ak pwofèt yo.
Men madichon
pou nou, rich yo, paske n’ap jwenn konsolasyon nou!
Madichon pou
nou, nou menm ki gen vant plen, paske n’ap grangou!
Madichon pou
nou, nou menm k’ap ri koulye a, paske n’ap plenn, n’ap kriye!
Madichon lè moun yo ap fè konpliman pou nou! Se konsa
reyèlman vre zansèt yo te trete pwofèt manti yo.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè
ak sè m’ yo, konsèy Apot Pòl ba nou jodi a, se pou l’ fè nou sonje ke nou pa
dwe konsantre nou nan viv pou fè tèt pa nou plezi sèlman. Se pou sa li vle fè
nou konprann nan kèlkeswa sitiyasyon nou ta ye ak fason n’ap viv, kit nou
marye, kit nou pa marye, se pou nou santi
nou lib pou sèvis Granmèt la. Li pa vle di nou fè tèt nou plezi pa bon non,
paske gen bagay sou latè ak nan sosyete a ki bon tou, men se pou nou aprann
mezire yo.
Kidonk, nou menm kòm
kretyen ak kretyèn, lespri nou dwe toujou sou travay pou Wayòm Bondye a ak tout
libète nou nan tout sa n’ap fè. Anyen
pa dwe anpeche nou fè volonte Granmèt la.
Levanjil la ede nou dekouvri gen anpil kè kontan pou
nou lè nou pa rete twò konsantre lespri nou sou bagay sou latè ak nan viv pou
pwòp tèt pa nou sèlman. Jezikri pote lespwa pou nou, li di nou menm si n’ap
soufri jodi a poutèt travay Bondye a, demen n’ap viv byen alèz, paske wayòm
syèl la se pou nou. Tout moun gen plas yo kay Papa, men chak moun dwe fè sa ki
nesesè pou yo rive chita nan plas yo. Tout moun rich ak pòv dwe resevwa menm
trètman, paske yo gen menm diyite. Se pou moun rich yo kontante ak sa yo
genyen, yo pa dwe prije sila a ki pòv la. Men yo dwe bay pòv la yon ti chans
pou l’ viv yon lavi miyò.
Konsa, an nou travay pou yon sosyete ki pi jis, kote
youn renmen epi sèvi lòt, selon jan Bondye mande.
LAPRIYÈ:Bondye papa, mwen vle sèvi ou ak tout kè mwen, atan m’ap pran
konsyans de eta mwen. Tanpri, ede mwen amelyore tèt mwen chak jou.
PWOPOZISYON : Trete pwochen ou ak dousè ak renmen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario