Páginas

MADI 16

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Se moun ou ye, se pa Bondye, ou mete kè ou tankou kè Bondye»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 28, 1-10
Jou sa yo:
Pawòl Granmèt la rive kote m’, li di: «Pitit moun, di chèf Tir la: «Men paròl Granmèt Bondye a: Poutèt ou leve kè ou, ou di: se Bondye mwen ye, se sou fotèy Bondye mwen enstale nan kè lanmè a, malgre se moun ou ye, se pa Bondye a, ou mete kè ou tankou kè Bondye; men ou gen plis sajès pase Danyèl, pa gen okenn sekrè ki kache pou ou; ak sajès ou, ak entelijans ou, ou bati kay defans, ou posede lajan ak lò nan trezò ou yo; nan tout pakèt sajès ou ak nan komès ou, ou vin devlope fòs ou, ou leve kè ou nan fòs ou».
Se pou sa men pawòl Granmèt Bondye a: «Poutèt ou leve kè ou tankou kè Bondye a, se pousa men m’ap fè etranje yo rive sou ou, sa k’ pi fò nan nasyon yo, y’ap drese epe yo sou bèlte sajès ou an, y’ap sal bèlte ou la, y’ap touye ou, y’ap maltrete ou, w’ap mouri neye nan kè lanmè a. Èske w’ap pale pou ou di: «Se Bondye mwen ye» devan moun yo k’ap touye ou yo? W’ap mouri lanmò moun ki pa sikonsi yo, nan men etranje yo, paske se mwen ki pale, deklarasyon Granmèt Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Det 32, 26-27ab. 27cd-28a. 30. 35cd-36ab
R/ Se mwen menm k’ap touye, se mwen menm k’ap fè viv.
Mwen di: «Kote yo ye? M’ap fè souvni yo sispann nan pami lèzòm»; men poutèt kòlè lènmi yo mwen renonse, pou lènmi yo pa leve tèt yo.R.
Yo ta di: «Se men nou ki anlè nèt, se pa Granmèt la ki fè tout bagay sa yo». Se nasyon ki san bon sans yo ye, yo pa gen entelijans.R.
Kijan yon sèl kapab rapousuiv mil, pou de moun fè di-mil moun kouri? Èske se pa paske Bondye yo a te vann yo, Granmèt la fèmen yo? R.
Jou pou yo detwi a, li tou pre, tan yo pre rive. Granmèt la ap jije pèp li a, l’ap pran pitye pou sèvitè l’ yo.R.
LEVANJIL
«Li pi fasil pou yon chamo pase nan je zegui, pase pou yon moun rich antre nan rèy syèl yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19, 23-30
Lè sa a:
Jezi di disip li yo: «An verite, mwen di nou, l’ap difisil pou yon moun rich antre nan rèy syèl yo. Mwen di nou sa ankò: li pi fasil pou yon chamo pase nan je zegui pase pou moun rich antre nan rèy syèl yo».
Lè disip yo tande sa, yo sezi anpil, yo di: «Ebyen kilès ki kapab sove?»
Jezi gade, li di yo: «Pou lèzòm sa pa posib; pou Bondye menm, tout bagay posib».
Lè sa a atò Pyè pran lapawòl, li di l’: «Men nou menm nou kite tout bagay, nou suiv ou; ki sa n’ap genyen?»
Jezi menm di yo: «An verite mwen di nou, nou menm ki suiv mwen an, lè tout bagay ap refèt, lè Pitit moun nan ap chita sou fotèy bèlte l’, n’ap chita nou menm tou sou douz fotèy, pou nou jije douz fanmiy Izrayèl yo.Tout moun k’ap kite kay oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen madanm, oubyen pitit, oubyen jaden, poutèt non mwen, l’ap resevwa san fwa plis, l’ap genyen lavi tout tan an».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pwofèt Ezekyèl pote mesaj Bondye a bay chèf Tir la, pou l’ raple li se moun li ye, li pa gen dwa pou konpòte l’ tankou Bondye. Se yon fason pou l’ avèti l’ ke pouvwa ak lajan pa fè pati pwojè Bondye a, paske si l’ pa konpòte l’ kòm moun pou l’ fè l’ piti devan Bondye, lè jou a rive pou l’ pini l’, gwo pouvwa ak entelijans li yo p’ap kab fè anyen pou li.                                                          
Ann gade kisa Jezi ap di nou nan Levanji la.  Jodi a, Jezi pote anpil lajwa nan kè patizan li yo, lè li di yo, yo menm ki kite tout bagay pou yo swiv li, y’ap jwenn rekonpans; men moun ki kite richès, byen latè okipe premye plas nan lavi li, moun sa a p’ap kab antre nan wayòm syèl la. Kidonk, daprè limyè pawòl Bondye a pote pou nou jodi a, li enpòtan pou nou fè yon ti gade kisa ki okipe premye plas nan lavi nou, epi kijan nou konpòte nou lè nou gen pouvwa. Èske anpil fwa nou pa nan konpetisyon ak Bondye, nan fason nou panse nou gen pouvwa pou fè tout bagay ? Èske anpil fwa nou pa pretann nou pi enpòtan pase lòt, nan fason nou meprize yo ?
Jezi envite nou pou nou mete an kesyon kèk abitid, kèk koutim ki pa ede moun grandi ak diyite pitit Bondye, tankou : lajan, klas sosyal, pouvwa ak prestij.
Okontrè, sa ki ede nou grandi epi fè pwogrè tout bon, se lè nou mete tèt nou ansanm pou nou travay, nan renmen, respè youn pou lòt. Se lè nou konnen nou tout se pitit Bondye, nou tout gen menm dwa, menm privilèj, nou tout se frè ak sè.
LAPRIYÈ : Granmèt, pa kite mwen tonbe nan tantasyon ki fè mwen kwè mwen se yon pakèt afè. Ede m’ viv ak anpil imilite, lanmou ak tolerans.

PWOPOZISYON : Rekonèt ke tout frè ak sè m’ yo gen menm valè avèk mwen, mwen pa ni plis ni mwens pase yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario