Páginas

MÈKREDI 17

PREMYE LEKTI
«M’ap delivre bann mouton m’ yo sot nan bouch yo, li p’ap sèvi yo kòm manje ankò»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 34, 1-11
Jou sa yo:
Pawòl Granmèt la rive kote m’, li di: «Pitit moun, fè deklarasyon pwofèt osijè gadyen Izrayèl yo, fè deklarasyon pwofèt ou a, di gadyen yo: Men pawòl Granmèt Bondye a: «Madichon pou gadyen Izrayèl yo, k’ap okipe pwòp tèt yo! Èske se pa bann mouton yo pou gadyen yo okipe? Lèt la, nou bwè l’; lenn nan, nou kouvri avèk li; sa k’ te gra a, nou touye l’: men bann mouton m’ yo, nou pa okipe yo; sa k’ te fèb la, nou pa ba l’ fòs; sa k’ te malad la, nou pa geri l’; sa k’ te blese a, nou pa panse l’; sa yo rejte a, nou pa ramne l’; sa k’ te pèdi a, nou pa chèche l’, men se avèk britalite nou t’ap kòmande yo, epi avèk fòs. Mouton m’ yo gaye, paske pa t’ gen gadyen; tout bèt nan bwa yo devore yo, yo gaye. Mouton m’ yo pèdi wout sou tout mòn yo ak sou tout ti wotè, ak sou tout fas tè a mouton m’ yo gaye; pèsòn pa chèche yo, mwen di l’: pa gen pèsòn ki chèche yo!»
Poutèt sa, gadyen yo, koute pawòl Granmèt la: «Mwen fè sèman sou lavi mwen, deklarasyon Granmèt la, yo piye bann mouton m’ yo, tout bèt bwa yo devore mouton m’ yo, paske pa t’ gen gadyen; gadyen yo pa t’ chèche bann mouton m’ yo, men se pwòp tèt pa yo yo t’ap okipe, yo pa t’ okipe bann mouton m’ yo»:
Se pousa, gadyen yo, koute pawòl Granmèt la: Men sa Granmèt Bondye di: «Men m’ap vini regle gadyen yo; m’ap pran bann mouton m’ yo sot nan men yo, m’ap fè yo sispann okipe bann mouton m’ yo, konsa gadyen yo p’ap okipe pwòp tèt yo ankò; m’ap delivre bann mouton m’ yo sot nan bouch yo, yo p’ap sèvi ak yo kòm manje ankò».
Se pousa men pawòl Granmèt Bondye a: «Se mwen menm k’ap chèche mouton m’ yo, k’ap vizite yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-3a. 3b-4. 5. 6
R/ Granmèt la swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’;
Nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’,
li refè nam mwen.R.
Li kondui m’ nan tras wout jistis poutèt non l’.
Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray; ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman vre se bon kè sansib k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan lakay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
LEVANJIL
«Èske je ou move, paske mwen bon? »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 20, 1 -16a
Lè sa a: Jezi di parabòl sa a pou disip li yo:
«Rèy syèl yo sanble ak yon pèd-fanmi, ki sòti granmaten pou l’ angaje travayè nan jaden rezen l’. Li pase kontra avèk travayè yo pou yon goud pa jou, li voye yo nan jaden rezen l’ nan.
Li sòti vè nevè dimaten, li wè dòt ki kanpe nan lari a san yo p’ap fè anyen, li di yo: «Nou menm tou, al nan jaden rezen m’ nan; sa k’ kòrèk, m’a ba nou li». Yalé vré. Li soti ankò vè midi, vè touazè, li fè minm jan.
Vè senkè aprè midi, li sòti tou, li jwenn dòt ki kanpe, li di yo: «Pouki sa nou kanpe tout jounen san nou pa fè anyen?» Yo di l’: «Paske pèsòn pa anplwaye nou». Li di yo: «Ale nou menm tou nan jaden rezen m’ nan».
Lè aswè rive, mèt jaden rezen an di jeran l’ nan: «Rele travayè yo, ba yo pri travay yo, kòmanse ak dènye yo pou nou rive nan premye yo». Lè sa k’ te rive vè senkè aprè midi yo pwoche, yo chak, yo jwenn yon goud.
Lè premye yo menm pwoche, yo te konprann yo t’ap jwenn plis; men yo chak yo jwenn yon goud sèlman.
Lè yo pran l’, yo babye kont pèd-fanmi an, yo di: «Dènye sa yo fè inèdtan sèlman, epi ou trete yo menm jan ak nou, nou menm ki pote pwa lajounen an ak chalè a». Li menm li reponn youn nan yo, li di: «Zanmi, mwen pa fè ou abi; èske se pa t’ pou yon goud ou te antann ou avèk mwen? Pran afè ou, al fè wout ou; mwen vle bay sila a ki vin an dènye a menm jan avèk ou. Oubyen, èske mwen pa gen dwa fè sa m’ vle? Èske je ou move, paske mwen menm mwen bon? » Se konsa dènye yo ap premye, epi premye yo ap dènye».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kèk fwa nan lavi nou, nou konn di se pi piti k’ap toujou anba; men pwofèt Ezekyèl nan liv li a l’ap montre nou daprè eksperyans li, Bondye pa wè bagay yo menm jan ak nou. Granmèt ba li misyon pou li pote yon mesaj bay bay pastè yo k’ap maltrete mouton l’ yo nan Izrayèl, pou li fè yo konnen li wè mizè pèp li a, li wè soufrans li. Kidonk je Bondye pa fèmen sou sitiyasyon nou, sou sa k’ap pase nan antouraj nou: Granmèt la gade, li jije epi li aji.
Anpil fwa nou konn panse Bondye bliye nou. Men jodi a l’ap raple nou li la, renmen nou, li konprann tout pitit li yo. E l’ap fè sa ki nesesè pou li ede yo grandi, l’ap pran swen nou.
Bondye vle nou pran yon lòt direksyon, li vle lavi nou chanje. Se poutèt sa, antan l’ap ba nou lebra, li mande nou travay nan kole zepòl, nan solidarite pou pou tout moun ka viv kòmsadwa.
Nan tan n’ap viv jodi a, se yon tan ki make ak lespri egoyis ak tout lòt vye santiman. Se reyalite sa ki lakoz anpil moun ap soufri. Se yon gwo defi pou nou chanja sa, men ak konkou Bondye montay yo va deplase.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, mèsi pou pawòl limyè w’ la k’ap klere chemen kè m’, pou m’ pa viv nan panse ak tèt pa m’ sèlman.

PWOPOZISYON : Menm jan Bondye bon ak mwen, m’ap fè sa ki bon pou tout moun.

No hay comentarios:

Publicar un comentario