Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap ba nou yon kè nouvo, m’ap mete yon lespri nouvo nan mitan nou»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 36, 23-28
Men pawòl
Granmèt la:
«M’ap fè wè
kijan non mwen an gran, li menm ki sal nan pami nasyon yo, li menm nou sal nan
mitan yo a, pou nasyon yo konnen se mwen menm Granmèt la, deklarasyon Granmèt
lame yo, lè m’ap fè wè kijan mwen sen nan mitan nou, devan yo.
M’ap pran nou
sot nan nasyon yo, m’ap rasanble nou sot nan tout peyi yo, m’ap mennen nou nan
peyi nou an, m’ap vide yon dlo pwòp sou nou, n’ap pwòpte sot nan tout sa k’ sal
nou, anba tout zidòl nou yo m’ap pwòpte nou, m’ap ba nou yon kè nouvo, m’ap
mete yon lespri nouvo nan mitan nou, m’ap wete kè wòch la sot nan chè nou, m’ap
mete lespri m’ nan mitan nou, m’ap fè nou mache nan lòd mwen yo, pou nou kenbe
jijman m’ yo, pou nou reyalize yo. N’ap abite nan tè a, sa m’ bay zansèt nou
yo, n’ap pèp mwen, m’ap Bondye nou».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 12-13. 14-15. 18-19
R/ M’ap vide yon dlo pwòp sou nou, n’ap pwòpte sot nan tout sa k’ sal nou.
Kreye yon kè
pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo.
Pa jete m’
lwen fas ou, Lespri Sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.
Renmèt mwen
kè kontan delivrans ou a, asire m’ ak lespri ki pi vif la.
M’ap aprann
moun ki nan peche yo chemen ou yo, mechan yo ap tounen vin jwenn ou.R.
Sèke ou p’ap
pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’, li p’ap fè ou plezi.
Sakrifis pou
Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize
l’.R.
LEVANJIL
«Tout sa nou
jwenn, envite yo vin nan nòs»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 22, 1-14
Lè sa a:
Jezi pran
lapawòl, li pale an parabòl ankò pou chèf prèt yo ak ansyen pèp yo, li di: «Rèy
syèl yo se tankou yon wa, ki fè nòs pou pitit li: Li voye sèvitè l’ yo rele
envite yo pou nòs la, men yo refize vini.
Li voye dòt sèvitè ankò, li di: «Di envite yo: Men
resepsyon m’ nan pare, mwen touye towo m’ yo, ni poul yo yo t’ap angrese yo,
tout bagay pare: vin nan nòs». Yo menm, yo fè neglijans; yo pati, youn nan
jaden l’, yon lòt nan komès li; lòt yo menm kenbe sèvitè yo, yo touye yo anba
kou.
Lè wa a tande sa, li fache; li voye lame l’ yo, li
touye kriminèl sa yo, li boule vil yo.
Aprè sa, li di sèvitè l’ yo: «Nòs la deja pare, men
envite yo pa t’ merite l’. Ale nan kalfou yo, tout moun nou jwenn, envite yo
vin nan nòs». Sèvitè l’ yo sòti sou wout yo, yo rasanble tout moun yo jwenn,
move kon bon; nòs la plen ak moun ki sou tab.
Wa a antre, pou l’ wè moun ki sou tab yo; li wè yon
moun ki pa t’ abiye ak rad nòs, li di 1’: «Zanmi, kijan ou fè antre isit la,
san ou pa gen rad nòs?» Li pe bouch li. Wa a di sèvitè yo: «Mare men l’ ak pye
l’, jete l’ nan fènwa deyò yo; kote sa a se rèl ak manje dan k’ap genyen». Sèke
gen anpil envite, men se yon ti kras yo chwazi».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Parabòl Levanjil la pale nou sou festen Wayòm Syèl la.
Se yon imaj ki repete anpil nan predikasyon Jezi. Festen sa a ap fèt nan dènye
tan yo, epi li siyifye maryaj Jezi avèk Legliz li a. Legliz la se madan marye
Kris la, ki ap fè wout li nan mond men ki pral rete ansanm ak sila a li renmen
an pou tout tan alafen. Se Bondye Papa a ki prepare gwo fèt la e li envite nou
pou nou patisipe. Li envite tout moun pou yo ale nan fèt la: «Men resepsyon m’
nan pare,…vin nan nòs» (Mt 22,4)
Parabòl sa, yon lòt bò, li prezante nou yon tablo ki yon ti
jan tris, paske « anpil moun fè neglijans; yo pati,
youn nan jaden l’, yon lòt nan komès li; lòt yo menm kenbe sèvitè yo, yo touye
yo anba kou.» (Mt 22,5). Se poutèt sa, Bondye nan mizerikòd li, li al chache
moun ki pi lwen yo. Se tankou yon fiyanse ki pral marye e ki envite paran ak
zanmi li, men yo pa vle vini. Kidonk li fè apèl ak zanmi, kòlèg travay li ak
vwazen li, men moun sa yo tou yo jwenn pretèks pou yo pa ale nan nòs la;
finalman li voye envitasyon bay tout moun li wè nan lari, paske li te preparè
yon gwo fèt e li ta renmen gen envite ki vin chita ansanm ak li. Se menm jan an
tou pou Granmèt la.
Pètèt, nou sanble ak diferan moun ke nou jwenn nan
parabòl sa. Gras ak batèm nou, nou vin tounen zanmi Bondye ak Jezi, nou vin
tounen eritye ansanm ak Jezi: kidonk plas pa nou rezève nan fèt la. Si nou
bliye pozisyon nou kòm pitit Bondye, Bondye ap toujou trete nou tankou zanmi li
epi l’ap kontinye envite nou. Si nou kite gras la mouri nan nou, alò nou vin
tounen moun lari, moun k’ap pase e ki pa gen okenn rapò ak wayòm nan. Men
Bondye toujou kontinye envite nou.
Apèl
la ka rive jwenn nou nenpòt moman. Pèsonn pa gen dwa ale nan fèt la si yo pa envite li.
Paske se Bondye li menm ki apèsi nou e ki envite nou: «Vin nan nòs». Se yon
envitasyon pou nou aksepte nan pawòl nou ak nan aksyon nou. Se poutèt sa yon
moun ki pa byen abiye y’ap mete li deyò: «
Zanmi, kijan ou fè antre isit la, san ou pa gen rad nòs?
An
nou pwofite pwofite tan sa pou nou prepare nou pou fèt la, pou nou pa pran
desepsyon.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou pa gade nou sou aparans
pou envite nou nan bèl fèt lakay ou; ou rele tout moun, tout nasyon, zanana kou
pengwen, pou vin patisipe nan piyay lavi ak kè kontan. Tanpri papa, ba nou
lespri bon konprann pou n’ dekouvri ki kalite renmen w’ renmen nou puiske ou
envite nou sou menm tab ak ou. Ede nou patisipe yon
fason ki diy nan festen Lekaristi a, pou kè nou ka kontan tout bon vre. Amèn
PWOPOZISYON: Pou m’ reponn
avèk envitasyon Granmèt la, m’ap chèche akeyi tout moun, kèlkeswa ran sosyal
li, pou m’ kab antre nan bèl respsyon sa a an teni de fèt.
No hay comentarios:
Publicar un comentario