Páginas

VANDREDI 19

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Zo ki fin seche, koute pawòl Granmèt la. M’ap fè nou sòti nan kavo nou yo, kay Izrayèl la»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 37, 1-14
Jou sa yo:
Men Granmèt la rive sou mwen, li fè m’ sòti nan lespri Granmèt la, li voye m’ nan mitan yon plenn ki te plen ak zosman; li fè m’ fè tout tou a; te gen anpil menm sou fas plenn nan, epi yo te fin seche nèt.
Li di m’: «Pitit moun, èske ou kwè zosman sa yo ap viv? » Mwen di: «Granmèt Bondye, se ou menm ki konnen».
Li di m’: «Fè deklarasyon pwofèt sou zosman sa yo, di yo: «Zosman ki seche, koute pawòl Granmèt la.Men sa Granmèt Bondye di zosman sa yo: Men m’ap voye lespri a anndan nou, n’ap viv m’ap mete nè sou nou, m’ap fè chè pouse sou nou, m’ap deplwaye po sou nou, m’ap ba nou lespri, n’ap viv, n’ap konnen mwen se Granmèt la».
Mwen fè deklarasyon pwofèt jan l’ te pase m’ lòd la. Vin gen yon bwi, pandan m’ap fè deklarasyon pwofèt la, vin gen yon tranbleman, zosman pwoche kot zosman yo chak nan jwenti pa l’. Mwen gade, mwen wè nè chè ki monte sou yo, epi po ki lonje sou yo.Men yo pa t’ gen lespri.
Li di m’: «Fè deklarasyon pwofèt bay lespri a, fè deklarasyon pwofèt, pitit moun, di lespri a: «Men pawòl Granmèt Bondye a: Espri, sot nan kat van yo, vini, soufle sou mò sa yo, pou yo viv».
Mwen fè deklarasyon pwofèt jan l’ te pase m’ lòd la, lespri a antre nan yo, yo viv, yo kanpe sou pye yo, yon lame ki te gran anpil menm. Li di m’: «Pitit moun, zosman sa yo, se tout kay Izrayèl la. Y’ap di: «Zosman nou fin seche, espwa nou fin peri, nou fin mouri».
Se pousa fè deklarasyon, di yo: «Men pawòl Granmèt Bondye: Men m’ap louvri tonbo nou yo, m’ap fè nou sòti nan tonbo nou yo, pèp mwen, m’ap fè nou antre nan tè Izrayèl la; n’ap konnen se mwen menm Granmèt la, lè m’ap louvri tonbo nou yo, epi m’ap fè nou sòti nan kavo nou yo, pèp mwen, lè m’ap mete lespri m’ nan nou, pou nou viv la, lè m’ap fè nou repoze sou tè nou an, n’ap konnen se mwen menm Granmèt la: mwen pale, epi mwen aji», deklarasyon Granmèt Bondye».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 106, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Fè lwanj Granmèt la, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se pou yo di, sila yo Granmèt la delivre a, yo menm li delivre sot nan men lènmi an,
li rasanble yo sot nan peyi yo, sot nan solèy leve ak nan solèy kouche, sot nan Nò ak nan lanmè.R.
Yo t’ap ale-vini nan dezè a, nan tè sèk la, yo pa t’ jwenn wout vil ki abite.Yo te grangou, yo te swaf, lavi yo t’ap deperi nan yo.R.
Yo rele kot Granmèt la, lè yo t’ap pase mizè, li delivre yo sot nan tray yo. Li kondui yo sou yon wout ki dwat, pou yo ale nan vil ki abite.R.
8   Sé pou yo fè lwanj Granmèt la poutèt kè sansib li, ak mèvèy li pou pitit moun yo; paske li kalme nam ki te swaf la, nam ki te grangou a, li plen l’ ak byen.R.
LEVANJIL
«Se pou ou renmen Granmèt Bondye w’ la, ak pwochen ou tankou ou menm»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ MATYE KI SEN 22, 34 40
Lè sa a:
Farizyen yo tande kijan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo rasanble ansanm. Youn nan yo ki te savan nan lalwa a poze l’ kesyon, pou l’ eseye l’: «Mèt, kilès ki gran kòmandman an nan lalwa a?»
Jezi di l’: «Se pou ou renmen Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout lespri ou».Sa a se pi gran, se premye kòmandman an. Dezyèm nan menm sanble avèk li: «Se pou ou renmen pwochen an tankou pwòp tèt ou». Se nan de kòmandman sa yo tout lalwa a pandye ansanm ak pwofèt yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nou ta kapab sentetize mesaj pawòl Bondye pou jodi a ak yon sèl mo: lanmou. Premyèman, nan premye lekti a, nou jwenn yon mesaj lespwa, nou ta kapab di se yon mesaj rezireksyon, paske pa lentèmedyè pwofèt la, Granmèt la pwomèt « m’ap louvri tonbo nou yo, m’ap fè nou sòti nan tonbo nou yo».
Savan lalwa a mande Jezi: «Mèt, kilès ki gran kòmandman an nan lalwa a?» (Mt 22,36), kòmandman ki pi enpòtan, premye kòmandman an. Repons Jezi bay la pale de de (2) kòmandman, yon premye ak yon dezyèm ki sanble (Mt 22,39). Se tankou de bag enseparab ki fè yon sèl, nou ta kapab di nan bon kreyòl, de kòmandman sa yo, se degouden ak senkant kòb. Granmèt la mennen nou nan pwofondè katechèz kretyen an, paske «se nan de kòmandman sa yo tout lalwa a pandye ansanm ak pwofèt yo» (Mt 22,40).
Konsa, nou kapab prezante rezon kòmantè yo abitye fè sou de moso ki fòme Kwa Granmèt la: moso ki plante nan tè a, li nan sans vètikal, li gade Bondye ki nan syèl la. Moso ki antravè a, li orizontal, se relasyon nou genyen kòm moun ak moun. Menm nan imaj sa a tou, nou jwenn yon premye ak yon dezyèm. Moso orizontal la, se pou nou ka konprann plis nou vle sèvi lòt yo, se plis nou ka renmen Bondye. Si se pa sa, nou ka dekouraje fasilman, nou ka pèdi chemen, nou ka vle yo rekonpanse nou nan yon fason oubyen nan yon lòt.
Sen Jan Lakwa di nou: « Plis yon nam renmen, se plis li jwenn pèfeksyon nan sa li renmen an; a pati de la, nam sa ki deja jwenn pèfeksyon an, li vin tounen lanmoun epi tout sa li fè se lanmou».
Vrèman vre, pami sen nou konnen yo, nou wè kòman lanmou Bondye ki manifeste nan plizyè fason an motive yo pou yo kapab ede pwochen yo. Jodi a, an nou mande Lasent Vyèj Mari pou li konble nou ak dezi pou nou ka montre Granmèt la nou ba li atansyon nan pawòl li, nan sa n’ap fè ak nan sa n’ap di.
Se konsa nou va rive montre moun k’ap viv ak travay bò kote nou kijan nou renmen yo. Renmen lòt, se yon fason pratik pou nou panse mwens ak tèt pa nou, pou nou ka panse ak yo epi fè sa ki posib pou fè kè yo kontan, nan fason ki fè Bondye plezi.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen renmen ou, paske ou renmen mwen an premye. Aprann mwen viv nan renmen ak frè ak sè mwen yo. Tanpri, ban mwen lespri ou, pou mwen ka sèvi yo ak yon kè ki sensè.

PWOPOZISYON: M’ap konsakre yon ti tan pou mwen rann yon moun sèvis jodi a, san mwen pa espere okenn rekonpans. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario