Koulè Vèt
VENNKATRIYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE- C
PREMYE LEKTI
“Granmèt la kalme, li pa fè male a li te di li t’ap fè a”.
NAN LIV EKZÒD
32, 7-11. 13-14
Jou sa yo:
Granmèt la
pale ak Moyiz, li di: “Ale, desann; pèp la ou te kondui sot nan peyi Lejip la,
li fè peche. Wout la ou te montre yo a, yo kite l’ vit, yo fè yon ti bèf ak lò,
yo fonn nan dife, epi yo adore l’; yo ofri sakrifis ba li, yo di: “Sa yo se dye
ou yo, Izrayèl, ki te fè ou monte sot nan peyi Lejip la”.
Granmèt la
pale ak Moyiz ankò: “Mwen wè pèp sa a gen kou l’ rèd; kite m’, pou kòlè m’
boule kont yo, pou m’ detwi yo, men ou menm m’ap fè ou vin tounen yon gran
nasyon”.
Moyiz menm
t’ap lapriyè Granmèt Bondye l’ la, li t’ap di: “Poukisa, Granmèt, pou kòlè ou
boule kont pèp ou a, li menm ou te kondui sot nan peyi Lejip la ak gran fòs ak
men ki gen fòs? Sonje Abraam, Izaak ak Izrayèl,
sèvitè w’ yo, ou te fè yo sèman sou pwòp tèt ou, ou te di: “M’ap fè ras nou vin
anpil tankou zetwal syèl la, epi tout tè sa a mwen te pale a, m’ap bay ras nou
an li, n’ap posede l’ tout tan”.
Granmèt la
kalme, li pa fè malè a li te di li t’ap fè kont pèp li a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 3-4. 12-13. 17 e 19
R/ M’ap leve, m’a pral lakay papa m’.
Pitye pou
mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè kantite kon kè ou, efase fot mwen
an.Leve m’ nèt sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Kreye yon kè
pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo. Pa jete m’ lwen
fas ou, lespri sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Granmèt,
louvri po bouch mwen, bouch mwen ap anonse lwanj ou. Sakrifis pou Bondye, se
yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’.R.
DEZYÈM LEKTI
“Jezikri vini
pou l’ sove moun ki nan peche yo”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 1, 12-17
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Sila a ki ban
m’ asirans la, Jezikri Granmèt nou an, mwen di l’ mèsi paske li fè m’ konfyans
antan li mete m’ nan sèvis sakre a: mwen menm ki t’ap derespekte Bondye lontan,
ki t’ap pèsekite l’, ki t’ap fè l’ afwon; men mwen jwenn kè sansib Bondye a,
paske mwen pa t’ konnen sa m’ t’ap fè, lè m’ pa t’ gen lafwa a. Men favè
Granmèt nou an depase mezi, avèk lafwa ak renmen ki nan Jezikri a.
Pawòl sa a
merite konfyans, li merite yo resevwa l’: sèke Jezikri vini sou tè sa a pou l’
sove moun ki nan peche yo, se mwen menm ki premye nan yo. Men mwen jwenn kè
sansib, pou Jezikri te kapab montre tout pasyans li nan mwen menm tou dabò, pou
m’ sèvi modèl pou sila yo ki te gen pou yo kwè nan li pou lavi tout tan an.
Wa syèk tan
yo, ki p’ap mouri a, li menm yo pa kapab wè a, sèl Bondye a, konsiderasyon ak
bèlte pou li pou tout tan gen tan. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Ap gen kè kontan nan syèl la pou yon sèl peche ki fè penitans”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 15, 1-32
Lè sa a:
Pibliken yo
ak pechè yo t’ap pwoche kot Jezi, pou yo koute l’. Farizyen yo ak pwofesè yo t’ap babye, yo t’ap di: “Sila a resevwa pechè
yo, li manje avèk yo”.
Li bay
parabòl sa a pou yo, li di: “Kilès nan nou, si l’ gen san mouton epi, si l’
pèdi youn nan yo, pou l’ pa kite katrevendisnèf yo nan savann nan pou l’ al
chèche sa k’ pèdi a joustan li jwenn li? Epi, lè l’ jwenn li, li mete l’ sou
zepòl li ak kè kontan, li rive lakay li, li rasanble zanmi ak vwazen yo, li di
yo: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn mouton m’ nan ki te pèdi a”.
Mwen di nou
ap gen plis kè kontan nan syèl la pou yon pechè ki fè penitans, pase pou
katrevendisnèf moun kòrèk ki pa bezwen penitans.
Oubyen kilès
madanm, si l’ gen dis pyès lajan, epi li pèdi youn ladan, pou l’ pa limen lanp,
mete kay la bouch anba, chèche avèk swen, joustan li jwenn li? Epi, lè l’ jwenn
li, li rasanble zanmi ak vwaze l’, li di: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske
mwen jwenn pyès lajan an mwen te pèdi a”.
Se konsa,
mwen di nou, ap gen kè kontan devan mesaje Bondye yo pou yon sèl pechè ki fè
penitans.”
Li di ankò:
“Te gen yon mesye ki te gen de pitit, pi jèn nan yo a di papa a: “Papa, ban m’
pòsyon eritaj ki destine pou mwen an”. Li separe eritaj la ba yo. Pa gen anpil
jou ki pase, pi jèn ti gason an ranmase tout afè l’, li pati, l’al fè wout li
nan yon peyi byen lwen; lè l’ rive la, li gaspiye eritaj li a antan l’ap viv
nan libètinaj. Lè l’ fin depanse tout bagay, vin gen yon gwo grangou nan rejyon
sa a, li menm li kòmanse nan bezwen. Li pati, l’al nan sèvis yon mesye nan peyi
sa a, mesye a voye l’ nan jaden l’, pou l’ gade kochon. Li te anvi plen vant li
ak grenn bwa yo, sa kochon yo t’ap manje yo; men pèsòn pa t’ ba li.
Li antre nan
fon kè l’, li di: “Konbyen jounalye nan lakay papa m’ gen kont pen yo, kanta
mwen menm menm m’ap mouri grangou isit la! M’ap leve, m’a pral lakay papa m’,
m’ap di l’: Papa, mwen fè peche kont syèl la ak devan ou: mwen deja pa merite
pou yo rele m’ pitit ou; trete m’ tankou youn nan jounalye ou yo'. Li leve, li
vin jwenn papa l’. Pandan li te lwen toujou, papa l’ wè l’, kè l’ boulvèse ak
sansibilite, li kouri, li lage kò l’ nan kou l’, li anbrase l’.
Pitit la di
l’: “Papa, mwen fè peche nan syèl la ak devan ou: mwen deja pa merite pou yo
rele m’ pitit ou”.
Papa a menm
di sèvitè yo: “Fè vit, pote pi bèl rad la, abiye l’; mete yon bag nan men l’,
ak soulye nan pye l’. Mennen towo a yo t’ap angrese a, touye l’, n’ap manje,
n’ap fete; paske pitit mwen sa a a ki te mouri a, li reviv, li te peri, nou
jwenn li”. Epi yo kòmanse fete.
Men pi gran pitit
gason li a te nan jaden; lè l’ rive, li pwoche bò kay la, li tande
chante-danse, li rele youn nan sèvitè yo, li poze l’ kesyon ki kalite bagay sa
yo.
Sila a menm
di l’: “Se frè w’ la ki vini, papa ou te touye towo a yo t’ap angrese a, paske
li jwenn pitit la an sante”. Lòt la menm fache, li refize antre; papa l’ blije
soti, li kòmanse lapriyè l’.
Li menm menm
li reponn, li di papa l’: “Men konbyen ane m’ap sèvi ou, mwen pa janm dezobeyi
yon kòmandman ou, epoutan ou pa janm ban m’ yon ti kabrit pou m’ fete avèk
zanmi m’ yo; men pitit ou sa a ki fin devore eritaj li a avèk fi move vi, kon
l’ rive, ou touye towo yo t’ap angrese a, poutèt li”.
Li menm li
di l’: “Pitit mwen, ou toujou avèk mwen, tout sa m’ genyen se pou ou. Sèlman se
pou nou te fete, se pou nou te fè kè nou kontan, paske frè w’ sa a te mouri, li
reviv, li te peri, nou jwenn li”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
REFLEKSYON:Mesaj pawòl Bondye pou jodi a, sèke Jezi pa vle youn nan
nou pèdi. Li vini pou nou tout jwenn delivrans la. N’ap jwenn delivrans kè kontan Bondye si nou
kite l’antre nan lavi nou. Si nou kite peche nou yo.
Nan premye lekti a, nou wè kèk non peche yo: envante pòtre ki pa Bondye
tout bon an, fè ti dye pa nou, bliye Bondye ki bay tèt li pou an, Bondye ki
toujou avè nan ki pa janm lage nou an. Ti dye sa yo a mande n’ sa nou pa genyen, se
divizyon yo simen, se rayisans yo simen. Ou ka fè ti dye pa w’, lè w’ kwè se ou
sèl ki sove, Bondye se pou ou sèl li ye, Bondye pa pou pechè yo, li pa ka
chèche yo ni frape pot kè yo.
Zanmi mwen, Bondye pa nan patipri, li vini pou tout
moun, sitou sila yo ki pi lwen an, mouton ki sòti nan pak la. Jezi vle nou menm
kretyen, sitou nan ane lafwa sa a, chèche frè nou yo ki te batize nan menm
lafwa nou ki, jodi a, byen lwen Bondye. Fòk nou levanjelize.
Jezi vle ede nou refè zanmitay nou ak Bondye. Se pou nou menm pechè Jezi vini, pou nou jwenn lapè,
padon nan men Bondye. Jezi di nou se moun ki malad ki bezwen doktè, se pa moun
ki gaya. Se gwo fèt lè n’ va retounen tout bon vre vin jwenn Jezi, lè n’a kite
sèvi zidòl, lè n’a sispann trennen kò devan gangan, devan lwa, lè n’a sispan
pase vye beny sou nou, lè n’a benyen nan beny renmen Jezi pote pou nou, beny
Lespri Sen an.
Se pou Bondye lavi a, Bondye tout bon vre a, ki pa mele nan idolatri a,
Bondye Abrahan, Izaak, Jakòb, Moyiz ak Jezikri a, toujou avèk nou ; se pou
li beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Bondye Papa,
tanpri pa kite nou vire do ba ou, men ede nou rete nan prezans ou e sèvi ou
menm sèl ak tout kè nou. Amèn.
PWOPOZISYON : Si ou santi ou lwen Bondye, pa pè kase tèt tounen vin
jwenn li. Lanmou ak mizerikòd li san limit.
No hay comentarios:
Publicar un comentario