REMYE LEKTI
«Malgre nou anpil, nou se yon sèl kò, nou tout ki patisipe nan yon sèl
pen an»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 10, 14-22a
Nou menm mwen renmen anpil la, se pou nou vire do lwen
sèvis zidòl yo. M’ap pale ak nou tankou ak moun ki gen sajès; nou menm menm nou
mèt jije sa m’ di a. Kalis benediksyon an nou beni an, èske se pa kominyon nan
san Jezi li ye? Epi, pen an n’ap kase a, èske se pa patisipasyon kò Granmèt la
li ye? Kòm se yon sèl pen, nou menm ki anpil la, nou fè yon sèl kò, nou tout ki
patisipe nan yon sèl pen an. Gade Izrayèl k’ap viv daprè chè a: èske yo menm ki
manje sakrifis yo, yo pa fè youn ak lotèl la?
Ki sa? Èske mwen di sa yo sakrifye bay zidòl yo se
kichòy, oubyen zidòl la se kichòy? Non, men sa moun yo sakrifye yo, se bay
demon yo yo sakrifye yo, se pa bay Bondye. Ebyen mwen pa vle pou nou vin asosye
ak demon yo. Nou pa kapab patisipe nan tab Granmèt la ak nan tab demon yo.
Oubyen èske nou vle fè Granmèt la jalou? Èske nou pi fò pase l’?
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
115, 12-13. 17-18
R/ M’ap ofri sakrifis lwanj ba ou, Granmèt.
Ki sa pou m’ renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou
mwen?
M’ap pran kalis delivrans la, m’ap rele non Granmèt la.R.
M’ap sakrifye sakrifis lwanj ba ou, m’ap rele non
Granmèt la.
M’ap renmèt Granmèt la sa m’ te pwomèt yo, devan tout
pèp la.R.
LEVANJIL
«Pouki sa
n’ap rele m’ «Granmèt», epi nou pa fè sa m’ di?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 43-49
Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo:
«Yon bon pye
bwa pa bay move fwi; ni yon move pye bwa pa bay bon fwi. Chak kalite pye bwa,
yo rekonèt li nan fwi l’. Yo pa keyi pikan sou pye fig frans, yo pa rekòlte rezen
sou pye raje. Yon bon moun, se nan trezò kè l’ li pran sa k’ bon; yon move
moun, se nan move trezò a li pran sa k’ mal la; paske sa k’ debòde sot nan kè
a, se sa bouch la pale.
Pouki sa n’ap rele m’: «Granmèt, Granmèt», epi nou pa
fè sa m’ di? Tout moun ki vin jwenn mwen epi ki koute pawòl mwen yo, ki fè yo,
m’ap montre nou ak kisa li sanble.
Li sanble ak yon moun ki bati yon kay, li fouye fon, li
poze fondasyon sou wòch; lè gen inondasyon, larivyè a fonse sou kay sa a, men
li pa reyisi souke l’; paske li te bati sou wòch.
Men moun k’ap koute epi ki pa fè, li
sanble ak yon moun ki bati kay li sou tè ki pa gen fondasyon, larivyè a fonse
sou li, menm lè a li tonbe, kay sa a kraze nèt».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Jezi di nou: «Tout moun
ki vin jwenn mwen epi ki koute pawòl mwen yo, ki aplike yo…Li sanble ak yon
moun ki bati yon kay, li fouye fon, li poze fondasyon sou wòch» (Lik 6, 47-48),
pou kay li kapab solid, pou li reziste ak move tan. Men moun k’ap bati a, si li
pa gen pridans, finalman l’ap wè kay li a kraze, e si li ta anndan kay la, lè
gwo lapli tonbe l’ap pèdi ni kay la ni lavi li.
Sa pa sifi pou nou chèche Jezi, fòk nou koute lansèyman li ak
anpil atansyon, men sa ki pi enpòtan toujou se mete sa li di nou an pratik.
Paske menm moun ki pa gen menm lide ak Jezi kapab pwoche kote li, sèlman pou
satisfè kiryozite li, sèlman pou wè l’. N’ap rive konstwi kay solid la, se lè
nou pwoche, nou koute, plis toujou, lè nou pratike lansèyman Jezi a.
An nou pran ekzanp sou sila yo k’ap lite nan mond sa pou yo
kapab antre nan limyè wayòm syèl la, kote ki gen limyè ki pa janm tenyen an.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri ede nou donnen bon fwi kote ou plante nou an. Konsa, y’a rekonèt grandè bèlte ou nan nou. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap prete plis atansyon ak sa Bondye ap
di mwen, epi m’ap fè sa li mande mwen. Li
mande m’ pou m’ gen renmen ak mizerikòd pou frè ak sè mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario