Páginas

VANDREDI 9

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Mwen adapte m’ ak tout moun, pou m’ kapab sove tout moun»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN 9,16-19. 22b-27
Frè m’ yo:
Si m’ap preche levanjil, se pa yon tit lwanj li ye pou mwen, se yon nesesite ki tonbe sou mwen ; madichon pou mwen, si m’ pa preche levanjil ! Si m’ fè sa ak pwòp volonte m’, mwen resevwa rekonpans ; men si se yon obligasyon, se sèvis Bondye konfye m’ nan mwen fè. Ki rekonpans mwen ? Men li : m’ap preche levanjil la, mwen bay levanjil la san m’ pa chèche enterè, pou m’ pa fè abi ak pouvwa mwen genyen nan levanjil la. Sèke, malgre mwen lib parapò a tout moun, mwen vin tounen sèvitè tout moun, pou m’ kapab pran tèt anpil moun.
Mwen vin fèb avèk sila yo ki fèb yo, pou m’ kapab pran tèt sa k’ fèb yo ; mwen adapte m’ak tout moun, pou m’ kapab sove tout moun. Mwen fè tout bagay poutèt levanjil la, pou m’ kapab jwenn pòsyon pa m’ nan li. Èske nou pa konnen, sila yo k’ap kouri sou teren kous la, yo tout ap kouri se vre, men se yon sèl ki resevwa rekonpans ? Konsa se pou nou kouri pou nou kapab resevwa l’. Tout moun k’ap fè antrenman, yo jennen kò yo nan tout bagay. Epoutan se pou yo resevwa yon kouwòn k’ap fennen, men nou menm se pou yon kouwòn ki p’ap fennen. Mwen menm se konsa m’ap kouri, se pa san direksyon ; se konsa m’ap batay, se pa lè a m’ap frape ; men m’ap drese kò m’, m’ap mate l’, pou, aprè mwen fin preche lòt yo, mwen menm mwen pa twouve m’ kondane.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 83, 3. 4. 5-6. 12
R/ Ala renmen nou renmen joupa ou yo, Granmèt lame yo !
Nam mwen anvi, l’ap deperi pou kay Granmèt la. Kè m’ak chè m’ap danse pou Bondye vivan an.R.
Menm ti zwazo jwenn yon kay pou li, toutrèl la jwenn yon nich, kote li depoze ti pitit li yo, lotèl ou yo, Granmèt lame yo, wa m’ak Bondye m’.R.
Se chans pou moun ki abite nan kay ou a, pou tout tan y’ap fè lwanj ou.
Se chans pou moun ki jwenn sekou 1’ nan ou, li regle monte yo nan kè l’.R.
Sèke Granmèt Bondye a se solèy ak zam-defans, Granmèt la ap bay favè ak bèlte; li p’ap anpeche sila yo jwenn byen yo menm k’ap mache nan inosans la. R.
LEVANJIL
«Èske yon avèg kapab kondui yon avèg?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 6, 39-42
Lè sa a:
Jezi t’ap di yon parabòl pou disip yo: «Èske yon avèg kapab kondui yon avèg? Èske yo tou de p’ap tonbe nan twou? Disip la pa anlè mèt la; l’ap kòrèk nèt, si l’ tankou mèt li. Pouki sa w’ap gade ti pay la nan je frè w’ la, men gwo bout bwa a ki nan je ou la menm, ou pa konsidere l’?
Oubyen kijan ou kapab di frè w’ la: «Frè m’, kite m’ wete ti pay la sot nan je ou», epi gwo bout bwa a ki nan je ou la menm ou pa wè l’?
Ipokrit, wete gwo bout bwa a sot nan je ou anvan, aprè sa, w’a wè klè pou ou wete ti pay la sot nan je frè ou la».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kilès sou tè a ki gen kouraj pou opine sou tèt li pou mete sou tab tout ti defo li?
Jodi a, pawòl Bondye a envite nou sispann viv nan ipokrizi ak lòt yo, nou dwe aprann analize tèt nou avan nou pale lòt moun mal. Nou dwe aprann wè ti pay ki nan je nou avan nou wè bout bwa ki nan je lòt la. Nou dwe konnen defo pa nou avan nou kondane lòt la poutèt feblès li. Sa ou genyen, se li ou bay.
Li pi fasil pou w’ opine sou sa yon lòt ap fè olye pou opine sou pwòp lavi w’. Pwovèb la di nou : Avan menm ou ale netwaye lakay lòt la, fò w’ ta netwaye lakay pa w’. Avan menm pou w’ ta kritike oubyen jije yon lòt moun, li pi saj pou w’ gade reyalite pa w’ la. Kidonk ou pa kapab ap repwoche yon moun yon bagay ke ou menm w’ap fè chak jou. Si se konsa ou pa konsekan ak pwòp tèt ou.
Sa pa vle di pou w’ pa anonse levanjil la malgre tout defo ke w’ genyen. Sen Pòl di nou nan lekti a, malè pou sila ki pa anonse bòn nouvèl la ! Levanjil la se yon bòn nouvèl ke li ye. Nou pa pwofèt malè men nou se mesaje lapè ak kè poze, nou se disip-misyonè Jezikri.  Menm si nou pa pwofesè moral, men nou dwe tounen limyè youn pou lòt.
Pap Franswa raple nou nan  Evangelii Gaudium ke levanjil la se lajwa ke l’ pote, se pa tristès. Yon lajwa ki mete nou sou wout syèl la pou n’al rankontre Jezikri. Nou dwe fè anpil atansyon nan fason nou wè lòt yo e fason n’ap ede yo korije tout sa yo gen nan lavi yo ki pa nan lojik levanjil la. Nou pa jij pou frè ak sè nou, men nou se gadyen yo. Gadyen nan fason n’ap voye zye nou sou jan y’ap viv e pou ede yo antre pi byen chak jou nan lavi Bondye a.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri ba nou Lespri Sajès ou a, pou nou ka aprann konnen tèt nou pi byen, dekwa pou nou kapab gade lòt yo yon fason pou nou ede yo grandi san nou pa koupe do yo ak lang nou.

PWOPOZISYON : Eseye konprann sitiyasyon yon moun ki nan pwoblèm pou ou ka ede li. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario