PREMYE LEKTI
“Granmèt la bay, Granmèt la pran, se pou non
Granmèt la beni!”
NAN LIV JÒB 1,6-22
Yon jou, lè pitit Bondye yo te rive pou yo kanpe devan Granmèt la, Satan
glise kò 1’ nan pami yo tou. Granmèt la di 1’: “Kote w’ soti?”
Li reponn, li di:
“Mwen sot fè tout tou tè a, mwen sot mache sou li”.
Granmèt la di 1’:
“Èske ou konsidere sèvitè m’ Jòb, pa gen parèy li sou tè a, yon moun ki senp,
ki dwat, ki respekte Bondye, li ret lwen sa k’ mal ?”
Satan reponn li, li di: “Èske se pou granmesi Jòb respekte Bondye a ? Èske se pa ou menm ki
antoure 1’ ansanm ak kay li ak tout richès li toutalantou: ou beni travay men
1’, byen 1’ yo devlope sou tè a ? Sèlman lonje men ou yon ti kras, touche tou
sa 1’ genyen, pou w’ wè si 1’ pap nye ou an fas”.
Granmèt la di Satan:
“Men tou sa 1’ genyen, yo nan men w’; sèlman pa lonje men w’ sou li”. Satan
soti devan fas Granmèt la.
Yon jou, kòm pitit
gason ak pitit fi Jòb yo t’ap manje, t’ap bwè diven nan lakay frè yoa ki pi
gran an, yo vin pote nouvèl bay Jòb, yo
di : “Bèf yo t’ap vire tè a, bourik yo t’ap manje zèb bò kote yo, moun Saba yo
fonse, yo pran tout bagay, yo touye sèvitè yo ak epe, se mwen sèl ki chape pou
m’ pot nouvèl ba ou”.
Pandan li t’ap pale
toujou, yon lòt vin rive, li di :“Dife Bondye tonbe sot nan syèl la, li frape
mouton yo, li devore yo ak sèvitè yo, se mwen menm sèl ki chape pou m’ pote
nouvèl ba ou”.
Pandan li t’ap pale
toujou, men yon lòt antre, li di : “Pitit gason w’ yo ak pitit fi w’ yo t’ap
manje, t’ap bwè diven nan lakay frè yo ki pi gran an, yon moman yon gro van
fonse sot nan rejyon dezè a, li frape kat kwen kay la, kay la tonbe, li kraze
pitit ou yo, yo mouri, se mwen menm sèl ki chape pou m’ pot nouvèl ba ou”.
Lè sa a Jòb leve, li
chire rad li, li koupe cheve nan tèt li, li lage kò 1’ atè, li adore, li di :
“Se toutouni mwen te soti nan vant manman m’, se toutouni m’ap tounen la. Granmèt la te bay, Granmèt la pran; jan sa fè
Granmèt la plezi, se konsa sa fèt : se pou non Granmèt la beni !” Nan tout bagay sa yo
Jòb pa fè peche ak bouch li. Li pa di anyen ki deplase kont Bondye.
Pawòl Granmèt la
SÒM 16
R/ Panche zòrèy ou sou
mwen, koute pawòl mwen yo.
Koute jistis mwen,
Granmèt, panche sou lapriyè m’.
Pare zòrèy ou nan
lapriyè m’, se pa ak bouch manti m’ap fè 1’.R.
Se pou jijman m’ nan soti nan fas ou; se pou je ou wè sa ki dwat yo.
Sonde kè m’, vizite 1’ nan nuit;
Eseye m’ avèk dife,
ou pap jwenn mechanste nan mwen.R.
Mwen menm se kote ou
mwen rele, paske ou koute m’, Bondye; panche zòrèy ou sou mwen, koute pawòl
mwen yo.
Fè mèvèy kè sansib ou
yo parèt, ou menm ki sove moun ki espere nan ou yo anba sa k’ap atake yo, nan
men dwat ou.R.
LEVANJIL
“Sila a ki pi piti nan pami nou tout la a, se
li menm ki pi gran”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 46-50
Lè sa a :
Patizan yo t’ap fè diskisyon: kilès nan yo ki pi gran.
Jezi menm wè kalkil kè yo, li pran yon ti moun, li fè 1’ kanpe bò kote 1’, li di yo : “Tout moun ki resevwa ti
pitit sa a o non m’, se mwen menm li resevwa; epi tout moun ki resevwa m’, li
resevwa sila a ki voye m nan. Reyèlman
vre, sila a ki pi piti nan pami nou tout la, se li menm ki pi gran”.
Jan menm pran lapawòl, li di : “Mèt, nou te wè yon moun ki t’ap chase
demon yo, o non ou, nou te anpeche 1’, paske li pa t’ap swiv ou ansanm avèk nou”.Jezu menm di 1’ : “Pa anpeche 1’;
paske moun ki pa kont nou, se pou nou li ye”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Jodi a, pandan Jezi sou wout la ap
monte Jerizalèm, «disip yo t’ap fè diskisyon:
kilès nan yo ki pi gran» (Lik 9,46). Chak jou, nan medya yo ak nan konvèsasyon
nou, gen anpil kòmantè sou enpòtans moun: kòmantè sou lòt yo, kòmantè sou nou
tou. Se yon lojik moun ki pwovoke yon dezi siksè, pou yo kapab rekonèt nou,
apresye nou, remèsye nou; men tou se yon lojik ki montre kijan nou boulvèse pa
anndan, kidonk nou pa gen lapè.
Repons Jezi bay refleksyon ak komantè disip yo, sa fè
nou sonje fason ansyen pwofèt yo te konn aji. Premyèman jès yo, answit pawòl
yo. Jezi «pran yon ti moun, li fè l’ kanpe bò kote l’» (Lik 9, 47). Epi li ba yo lansèyman « sila a
ki pi piti nan pami nou tout la, se li menm ki pi gran»(Lik 9,48).
Nan tan n’ap viv la,
gen anpil konkirans pou pouvwa ak richès materyèl. Paske nan lojik mond lan, yon moun ki
gen anpil byen materyèl, anpil lajan, se yon moun ki reyisi. Poutan se pa vre.
Nou konnen pafwa gen anpil moun ki gen lajan, oubyen ki okipe gwo pòs nan
sosyete a, men yo kapab tonbe nan yon segond. Yo ka tonbe nan koripsyon ki fè
yo pèdi vale yo ak diyite yo, konsa tou yo ka tonbe anba yon malady, tankou
kansè. Epi kisa richès ak pouvwa sèvi aprè?
Frè ak sè m’ yo, an nou pran ekzanp sou Jezi, li menm
ki gran, li fè li piti pou li kapab sèvi. An nou pa kite foli lajan ak pouvwa
fè nou you ap dechire lòt, okontrè an nou itilize sa Bondye mete a dispozisyon
nou pou nou kapab konstwi yon mond ki pi bèl, yon mond fratènèl, yon mond kote
solèy lanmou an kapab klere, pou tout moun ka viv ak kè kontan ak kè poze.
LAPRIYÈ: Granmèt, nou bouke diskite pou gwo plas nan sosyete a, men sa
pa itil nou anyen. Tanpri, aprann nou fè nou tou piti, pou nou youn ka sèvi
lòt, antan n’ap pran ekzanp sou Jezi Gran Frè nou an. Amèn
PWOPOZISYON: Si mwen okipe yon gwo pòs jodi a, se pa paske mwen pi bon, se yon
posiblite Bondye ban mwen pou mwen kapab sèvi moun ki pi piti pase mwen. M’ap chanje
fason mwen gade lòt, m’ap trete yo pi byen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario