Koulè Blan
VENSAN DE PÒL KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Pouki sa yo bay malere a limyè a? »
LEKTI LIV JÒB 3, 1-3. 11-17. 20-23
Jòb louvri
bouch li, li madichonnen jou l’, li di:
«Se pou jou kote mwen fèt la peri, ni nuit la kote yo
te di: «Li ansent yon moun». Pouki sa mwen pa t’ mouri nan vant? Pouki sa mwen
pa t’ mouri menm lè mwen te sòti nan vant la? Pouki sa yo te resevwa m’ sou
jenou? Pouki sa yo te ban m’ bwè lèt nan tete?
Koulye a menm mwen ta dòmi nan silans, mwen ta repoze
nan somèy mwen ansanm avèk wa yo ak chèf tè a, yo menm ki te bati moniman pou
yo, oubyen ansanm avèk chèf yo ki posede lò, ki plen kay yo avèk lajan; oubyen
tankou ti bebe ki avòte a, ki kache, ki pa reyisi viv la, oubyen sa manman l’
ansent li men ki pa wè limyè a.Kote sa a mechan yo sispann fè bwi, se la moun
ki manke fòs yo repoze.
Pouki sa yo bay malere a limyè a, yo bay moun ki nan
lapenn yo lavi? Yo menm k’ap tann lanmò a, epi li pa vini, tankou moun k’ap
fouye trezò, yo fè kè yo kontan anpil lè yo jwenn kavo a. Moun sa a, chemen l’
kache, Bondye vlope l’ avèk fè nwa?»
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
87, 2-3. 4-5. 6. 7-8 (r.: 3a)
R/ Se pou lapriyè m’ nan antre devan fas ou, Granmèt.
Granmèt, Bondye delivrans mwen, lajounen mwen rele, ni
nannuit devan ou.
Se pou lapriyè m’ nan antre devan fas ou, panche zòrèy
ou nan direksyon lapriyè m’ nan.R.
Paske nam
mwen plen malè, lavi m’ap pwoche anba tè a.
Mwen tankou
moun k’ap desann nan fòs, mwen vin tankou yon moun ki san sekou.R.
Se nan pami
mò yo kabann mwen ye, tankou moun ki mouri yo, k’ap dòmi nan kavo yo; yo menm
yo pa sonje yo ankò, yo menm ou wete sot nan men ou.R.
Ou mete m’ nan fòs anba tè a, nan fènwa yo ak nan
lonbraj lanmò a.
Sou mwen kòlè
ou la peze, tout lanm ou yo vlope m’.R.
LEVANJIL
«Li mare min li, pou l’ monte Jerizalèm»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 51-56
Lè jou yo rive pou yo pran Jezi, li mare min li pou l’
monte Jerizalèm. Li voye mesaje devan l’, y’ale yo antre nan yon vil Samariten
yo pou yo pare manje pou li. Men yo pa resevwa yo, paske fas li te bay nan
direksyon Jerizalèm.
Lè disip li yo, Jak avèk Jan, wè sa, yo di: «Granmèt,
èske ou vle pou nou di dife desann sot nan syèl la pou l’ boule yo?»
Li vire, li fè yo lobsèvasyon, li di: «Nou pa konnen ki
lespri nou genyen. Pitit moun nan pa vini pou l’
touye, men pou l’ sove».
Y-alé nan yon lòt vil.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou kontanple kòman Jak ak
Jan, lè yo wè yo pa resevwa mesaje Jezi yo, yo di: «Granmèt, èske ou vle pou nou di dife desann sot nan syèl la pou l’
boule yo?» Jezi vire, li fè yo lobsèvasyon (Lik 9,54-55). Granmèt la korije defo
apot li yo.
Istwa
yon mesye ki te konn pote dlo rakonte ke li te gen de gwo ja pandye sou pwent
yon baton ke li te konn pote sou zepòl li: youn ladan yo te trè bon alòske lòt
ja a ki te klere anpil la te koule. J asa a te wè lòt la tèlman klere, tèlman
bèl, li te wont; alò yon jou li di mesye ki te konn pote dlo a li te tris akoz
li li te fisire epi li te pote sèlman mwatye nan kantite dlo ke mesye a te ka
pote pou vann.
Alò,
mesye a di li: «Lè w’ap antre nan kay la, gade flè ki pouse bò chemen an. Epi
ja a te wè flè ki bèl anpil anpil, men yon lòt fwa ankò li rann li kont ke li
te pèdi dlo, epi li pran di «Mwen pa sèvi anyen». Mesye a reponn li: «Èske ou te rann
ou kont ke se bò kote ou sèlman ki gen bèl flè»? Mwen te deja konnen ke ou te
fisire e mwen te vle pwofite de sa e mwen te plante semans flè bò kote ou nan
chemen an epi ou wouze yo nan tout longè chemen an, sa fè mwen jwenn flè pou
lotèl Lasent Vyèj la. San ou menm, jan ou ye a, mwen pa t’ap gen bèl bagay sa»
Nan yon fason oubyen nan yon lòt, nou
tout nou se ja fele, men Bondye konnen pitit li yo e li ba nou posiblite pou
nou tire avantaj nan defo nou yo pou nou ka fè yon bagay ki byen. Se konsa,
apot Jan ki anvi detwi tout bagay jodi a, li konvèti, aprè lobsèvasyon Granmèt
la fè li, e li tounen apot lanmou. Koreksyon pa t’ dekouraje li, men li pwofite
karaktè li te genyen an pou li te mete li nan sèvis lanmou an. Nou menm tou,
nou dwe pwofite koreksyon, kontraryete, soufrans, echèk, limitasyon nou yo, pou
nou ka kòmanse epi rekòmanse tankou Sen Jozèf-Mari te defini sentete a: fè nou
dosil nan men Lespri Sen an pou nou ka konvèti, pou nou tounen enstriman nan
men Bondye.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede mwen pou mwen pa dekouraje akoz feblès
mwen. Ede mwen pran konsyans de valè mwen genyen pou konstwi Wayòm ou antan
m’ap eseye chanje tout sa ki pa bon nan mwen.
PWOPOZISYON:Mwen p’ap fè dife malè tonbe, mwen p’ap
madichonnen lòt yo lè yo pa konprann mwen, m’ap pran pasyans ak yo epi m’ap
mande Granmèt la chanje kè yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario