Koulè vèt
PREMYE LEKTI
«Moun pa gen rezon, si l’ vle plede avèk Bondye».
LEKTI LIV JÒB 9, 1-12. 14-16
Jòb reponn zanmi l’ yo, li di:
«Reyèlman vre mwen konnen se konsa: moun pa gen rezon,
si l’ vle plede avèk Bondye. Si l’ vle fè diskisyon avèk li, li p’ap kapab
reponn li youn pou mil. Li gen sajès nan kè l’, li gen gwo fòs. Ki moun ki
reziste l’ epi ki gen lapè? Li menm ki deplase mòn yo, e moun yo li sakaje yo
nan kòlè l’ la, yo pa konn sa; li menm ki souke tè a sot nan plas li a, kòlòn
li yo tranble; li menm ki pase solèy la lòd, epi li pa leve, li fèmen zetwal yo
tankou ak yon so; li menm ki deplwaye syèl yo pou kont li, ki mache sou lanm
lanmè a, li menm ki fè Aktourous, Oryon, lad avèk zetwal ki nan fon yo, li menm
ki fè mèvèy ki gran, yo pa kapab konprann, yo pa kapab konte.
Si l’ vin kote m’, mwen p’ap wè l’; si l’ pati, mwen
p’ap konprann. Si yon moman li poze kesyon, ki moun k’ap reponn li? oubyen ki
moun ki kapab di: ‘‘Pouki sa ou fè konsa a?’’ Ki sa m’ ye konsa a mwen menm,
pou m’ reponn li a, pou m’ pale pawòl mwen yo avèk li?
Menm si m’ ta gen kichòy ki ban m’ rezon, mwen p’ap
reponn, men m’ap lapriyè jij mwen an. Epi, lè m’ lapriyè a, si l’ tande m’,
mwen pa kwè l’ap koute vwa m’».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
87, 10bc-ll. 12-13. 14-15
R/ Se pou lapriyè m’ nan antre devan fas ou, Granmèt.
Mwen rele
kote ou, Granmèt, tout lajounen, mwen lonje men m’ kote ou. Èske pou mò yo ou
fè mèvèy, oubyen lonbraj yo leve epi yo fè lwanj ou.R.
Èske yon moun nan kavo a rakonte kè sansib ou a, oubyen
verite ou la nan kote yo pèdi a?
Èske yo konnen mèvèy ou yo nan fènwa yo, ak jistis ou
nan tè yo bliye a? R.
Mwen menm, se kote ou, Granmèt, mwen rele, granmaten
lapriyè m’ rive kote ou. Pouki sa, Granmèt, ou repouse nanm mwen an, ou kache
fas ou lwen m’? R.
LEVANJIL
«M’ap suiv ou
tout kote w’a prale»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 57-62
Lè sa a:
Jezi t’ap mache ansanm avèk disip li yo sou wout la,
gen yon moun ki di l’: «M’ap suiv ou tout kote w’a prale».
Jezi di l’: «Rena yo gen twou yo, zwazo syèl yo gen
nich yo; Pitit moun nan menm pa gen kote pou l’ apiye tèt li».
Li di yon
lòt: «Suiv mwen». Sila a menm di: «Granmèt, pèmèt mwen al antere papa m’
anvan».
Jezi di l’: «Kite mò yo antere mò pa yo; kanta ou menm
ale, epi anonse peyi Bondye ki wa a».
Yon lòt di: «M’ap suiv ou, Granmèt, men pèmèt mwen al
avèti moun lakay mwen yo anvan». Jezi di l’: «Moun ki mete men l’ nan zouti bèf
la ap redi pou vire tè a, epi ki gade dèyè, nan pwen moun konsa ki alawotè rèy
Bondye a».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la envite nou medite, reflechi, avèk
klate ak ensistans, yon tèm santral pou lafwa nou: Suiv Jezi yon fason radikal.
«M’ap suiv ou tout kote ou a prale». (Lik 9,57).
Avèk ki
senplisite ekspresyon yo ka pwopoze yon bagay ki chanje lavi yon moun yon fason
radikal konsa! «Suiv
mwen» (Lik 9,59). Se pawòl Granmèt la ki pa admèt eskiz, reta, kondisyon,
trayizon…
Lavi kretyèn nan mande pou nou swiv Jezi yon fason
radikal. Radikal, pa sèlman paske se Levanjil la ki dwe toujou gide li, men
sitou paske tout aspè nan lavi nou dwe manifeste Lespri Jezi ki fè nou
viv.Vrèman vre, depi nan batèm nou, lavi nou pa vi nenpòt moun: Nou pote lavi
Kris la anndan nou! Gras a Lespri Sen yo vide nan kè nou an, se pa nou menm
k’ap viv, men se Kris la k’ap viv nan nou. Se konsa lavi kretyen an ye, puiske
se lavi Kris la tout antye, paske se Kris la ki transpire nan nou, depi nan
rasin: se kalite lavi sa a nou gen vokasyon pou nou viv.
Granmèt
la, lè li te vini nan mond la, malgre «tout moun te gen plas li, li menm li pa
t’ genyen: li pa jwenn plas li nan mitan lèzòm (…) men nan yon pak bèt, nan
mitan zannimo yo, pami moun ki te pi senp ak inosan. Se poutèt sa li deklare:
Rena yo gen twou yo, zwazyo nan syèl la gen nich yo; men Pitit Moun nan pa gen
kote pou repoze tèt li» (Sen Jewòm). Granmèt la ap jwenn plas li nan mitan nou
si, menm jan ak Jan Batis, nou kite li grandi epi nou menm nou fè nou tou piti;
sa vle di, si nou kite Sila ki deja ap viv nan nou an devlope, antan nou fè nou
dosil ak Lespri li a, ki se sous tout imilite ak inosans.
LAPRIYÈ:
Jezi Granmèt, tanpri kenbe sou wout la ansanm ak ou.
PWOPOZISYON:
Swiv Jezi, se imite li
nan aksyon li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario