Koulè Blan
JAN KRIZOSTÒM KI SEN,
Evèk e savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Nou se kò
Jezikri, nou youn se manb lòt»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 12, 12-14.27-31a
Frè m’ yo:
Menm jan kò a se yon sèl la li ye, epi li gen anpil
manb; tout manb kò a, malgre yo anpil, se yon sèl kò a; konsa tou pou Jezikri.
Reyèlman vre se nan yon sèl Lespri nou tout nou batize nan yon sèl kò, swa
Juif, swa payen, swa esklav, swa moun lib, epi nou tout se nan yon sèl lespri a
nou pase swaf nou. Reyèlman vre kò a tou pa yon
sèl manb, men li anpil.
Nou menm nou
se kò Jezikri, nou youn se manb lòt.Bondye mete kèkzen nan legliz la, tou dabò
apot yo, aprè sa se pwofèt yo, epi se mèt yo; aprè sa se pouvwa pou fè mirak,
epi favè pou geri, sa k’ gen devwa pou okipe frè yo, pou dirije yo, sa k’ pale
divès kalite lang, sa k’ bay sans pawòl yo. Èske tout moun se pwofèt? Èske tout
moun se mèt? Èske tout moun gen pouvwa? Èske tout moun gen favè pou geri? Èske tout
moun pale tout lang? Èske tout moun bay sans pawòl? Se pou nou
chèche kado ki pi bon yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
99, 2. 3. 4. 5 (r.: 3c)
R/ Nou se pèp li ak mouton pak li.
Fè lwanj Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè
kontan; antre devan fas li ak fèt.R.
Se pou nou konnen Granmèt la li menm se Bondye; se li
menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak li.R.
Antre nan pòt li yo avèk lwanj, nan lakou l’ yo avèk
kantik, fè lwanj li, fè konpliman pou non l’.R.
Paske Granmèt la bon; kè sansib li pou tout tan, pou
jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
«Jenòm, mwen
di ou, leve»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 11-17
Lè sa a:
Jezi t’a pral nan yon vil yo rele Nayim; disip li yo ak
yon gran foul t’a pral avèk li tou. Pandan y’ap pwoche bò pòt lavil la, te gen
yon mò yo t’ap pote, sèl pitit gason manman l’; madanm sa a te vèv, te gen
anpil foul lavil la avèk li.
Lè Granmèt la wè sa, li pran pitye pou li, li di l’:
«Pa kriye». Li pwoche, li touche sèkèy la. Moun yo ki t’ap pote yo, yo kanpe.
Li di: «Jenòm, mwen di ou, leve». Mò a chita, li kòmanse pale; Jezi renmèt li
bay manman l’.
Sezisman pran tout moun, yo fè lwanj Bondye, y’ap di:
«Yon gran pwofèt leve nan pami nou, Bondye vizite pèp li a». Pawòl sa a gaye nan tout Lajide sou li, ak nan tout rejyon alantou a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi
a gen de (2) gwoup ki rankontre. Yon gwoup ki akonpaye lanmò, ak yon lòt ki
akonpaye lavi. Yon ti pòv malerèz te gen fanmi ak zanmi ki akonpaye li sou wout
ki menn nan simityè a kote li ta pral antere pitit gason li an, epi sanzatann
li wè yon foul moun ki t’ap mache ansanm ak Jezi. De gwoup yo kwaze sou wout
la, yo kanpe, e Jezi di madanm nan ki ta pral antere pitit li a: «Pa kriye» (Lik 7,13). Zye tout moun te fikse sou
Jezi, ki pa t’ rete endiferan devan doulè ak soufrans ki t’ap dechire kè madanm
sila a, kote li santi konpasyon epi li bay pitit gason li an lavi. Sèke kwaze
Jezi, rankontre ak Jezi, se jwenn lavi, se li menm menm ki di sa sou pwòp tèt
li: «Mwen se rezireksyon ak lavi» (Jan 11,25). Sen Brawoulyo moun Zaragòs ekri:
«Esperans nou genyen pou leve byen vivan an dwe konsole nou, paske nou va nan
syèl la sa nou te pèdi isit la».
Avèk lekti moso Levanjil ki
pale nou sou leve byen vivan an jèn Nayim, nou ta ka ensiste yon lòt fwa ankò
sou divinite Jezi, antan nou di ke se Bondye sèlman ki ka bay yon jèn lavi;
mwen prefere mete aksan sou Jezi an tan ke moun, pou nou pa wè li kòm yon moun
ki lwen, kòm yon pèsonaj ki tèlman diferan ak nou, oubyen kòm yon moun ki
tèlman enpòtan ki pa fè nou santi nou gen konfyans ke yon bon zanmi te ka
enspire nou.
Kretyen yo dwe aprann imite Jezi. Nou
dwe mande Bondye gras pou nou tounen Kris pou lòt yo. Si sèlman tout moun ki te
wè nou te ka kontanple yon imaj Jezi sou tè a! Pa ekzanp, moun ki te wè Sen
Franswa D’Asiz te wè yon imaj vivan Jezi. Sen yo se moun ki pote Jezi nan pawòl yo ak nan aksyon
yo epi ki imite fason li aji ak bonte li. Sosyete
nou an swaf sen e ou kapab youn nan yo nan antouraj ou.
LAPRIYÈ: Bondye, fòs moun ki espere nan
ou yo, ou menm ki te vle fè evèk Jan Krizostòm ki sen klere avèk bèl prèch,
avèk jan li te konn sipòte pakèt tray, tanpri, fè nou favè pou, antan nou jwenn
fòmasyon nan ansèyman l’ yo, nou jwenn fòs nan ekzanp pasyans li a ki pa janm
febli a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: An nou kolabore ak Bondye pou pote sekou bay frè ak sè
nou yo k’ap soufri, antan n’ap pratike zèv mizerikòd yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario