Koulè Wouj
EKZALTASYON LASENT KWA,
Fèt
PREMYE LEKTI
«Moun sèpan
yo te mòde yo, lè yo gade l’, yo geri»
LEkTI LIV
NONB 21, 4-9
Jou sa yo:
Pèp la kòmanse about anba redi vwayaje, redi travay.
Li pale kont Bondye ak kont Moyiz, li di: «Pouki ou te
fè nou soti Ejip la, pou nou mouri nan dezè a? Pa gen pen, pa gen dlo, nou
kòmanse degoute avèk manje fad sa a».
Se pousa Granmèt la voye sèpan ki mode-boule nan pèp
la; lè yo kòmanse fè moun yo malad, fè moun yo mouri, anpil moun vin kot Moyiz,
yo di: «Nou fè peche, paske nou pale kont Granmèt la ak kont ou menm: priye pou
l’ wete sèpan sa yo sot kote nou». Moyiz priye pou pèp la.
Granmèt la pale ak li: «Fè yon sèpan ak kuiv, mete l’
kòm yon siy: moun sèpan yo mòde, lè l’ gade l’, l’ap viv». Moyiz fè sèpan avèk
kuiv, li mete l’ kòm siy; kon moun sèpan te mòde yo gade l’, yo vin geri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
77, 1-2. 34-35. 36-37. 38 (r.: cf; 7b)
R/ Se pou nou pa bliye sa Granmèt la fè.
Pèp mwen, konsidere ansèyman m’ nan; panche zòrèy ou
sou pawòl yo k’ap sòti nan bouch mwen an.
M’ap louvri bouch mwen nan parabòl, m’ap pale bagay ki
te kache depi lontan anpil.R.
Lè l’ t’ap touye yo a, yo te vin ap chèche l’, yo
konvèti, yo vin kote l’ granmaten; yo vin sonje se Bondye k’ap pote yo sekou;
Bondye ki anwo nèt la, se redanmtè yo.R.
Men yo ba l’ desepsyon ak bouch yo, ak lang yo yo
chèche twonpe l’; kè yo pa t’ dwat avèk li, yo pa t’ fidèl nan alyans li a.R.
Li menm menm li te gen mizerikòd, li padonnen peche a,
li pa gaye yo.
Anpil fwa li
vire kòlè l’, li pa limen tout move san l’.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li rabese
pwòp tèt li: se pou sa Bondye leve l’ anlè».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2, 6-11
Jezikri,
malgre li te nan kondisyon Bondye, egal li egal ak Bondye a, li pa t’ konsidere
sa tankou yon bagay li kenbe pou pwòp tèt pa l’, men li vide pwòp tèt li antan
l’ pran kondisyon esklav, li vin tankou tout moun, epi daprè konpòtman l’, yo
wè li se yon moun. Li rabese pwòp tèt li, antan l’ obeyi jous nan lanmò, epi
lanmò kwa a. Se poutèt sa Bondye leve l’ anlè, li ba l’ non an ki anlè tout
non. Konsa, o non Jezi, tout jenou fèt pou plwaye nan syèl la, sou tè a ak anba
tè yo, tout lang pou deklare se Granmèt Jezikri ye nan glwa Bondye Papa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Yo gen pou
yo leve Pitit moun nan anlè»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3, 13-17
Lè sa a: Jezi di Nikodèm:
«Pèsòn pa monte nan syèl la, sof sa a ki desann sot nan
syèl la, Pitit moun nan ki nan syèl la. Menm jan Moyiz te leve sèpan an nan
dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Pitit moun nan, pou tout moun ki kwè nan
li pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an.
Reyèlman
Bondye sitèlman renmen tè a, li bay Pitit li a, Sèl Pitit li a, pou tout moun ki
kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an. Sèke Bondye pa voye Pitit
li a sou tè a pou l’ jije tè a, men pou tè a kapab sove gras a li».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la se yon pwofesi,
sa vle di, se yon fason nou gade nan mimwa reyalite ki fè nou antre nan
verite li a pi lwen ke sa sans nou yo rapòte nou: Lakwa a, Kwa Jezikri a ki Sen
an, se Twòn Sovè a. Se poutèt sa Jezi afime: «konsa tou yo gen pou yo leve Pitit moun nan» (Jan 3, 14).
Nou konnen byen kwa a se te pi gwo kondanasyon
ak senbòl imilyasyon nan epòk Jezi a. Se ta yon wont pou yo ta leve kwa anlè si
Sila a yo klouwe a pa t’ pandye sou li. Si kwa
pa gen Redanmtè a sou li, li pa gen valè. Avèk Pitit moun nan, li se nouvo pye
bwa Sajès la. Jezikri, antan li aksepte pran soufrans lakwa ak tout libète li,
li fè nou dekouvri vrès sans destine nou: monte ansanm ak li sou Kwa ki sen an
pou nou ouvri bra nou avèk kè nou bay Bondye k’ap ranpli nou ak gras li, nan
yon echanj ekstrawòdinè. La a tou, li bon pou nou tande vwa Papa a ki nan syèl
la: «Sa a se Pitit mwen (…), nan li mwen jwenn tout plezi mwen» (Mak 1,11).
Andire soufrans lakwa a avèk Jezi epi leve byen vivan avèk Li: Se la nou
dekouvri sans tout bagay! Lespwa a se la li ye, sans lavi a se la li chita, epi
viv nèt ale pou tout tan! Kretyen yo se pa fou yo fou, lè yo chante lwanj peche
Orijinèl la nan Anons Pak la: «Ala yon peche ki pote chans avèk li, ki fè nou
jwenn kalite Sovè sa a», li menm ki bay soufrans nou yo sans gras ak soufrans
li te andire.
«Men
bwa Lakwa ki pote delivrans pou limanite a: vini, an nou adore» (Litiji
Vandredi Sen). Si nou reyisi ale pi lwen ke skandal ak foli krisifiksyon Jezi
a, sèl sa nou rete pou fè se adore li epi di li mèsi pou gwo kado li fè nou.
Chèche avèk desizyon Kwa ki Sen an nan lavi nou, pou nou ka gen asirans ke «se
avèk li, se o non li, se nan li», ke lè nou ofri tèt nou nan men Papa a, gras a
Lespri Sen an, Lakwa ka tounen chemen k’ap kondui nou nan sous lavi ki pa janm
sispann koule a.
LAPRIYÈ: Bondye,
ou menm ki te vle pou Sèl Pitit ou a sibi lanmò lakwa a, pou l’ sove ras moun
yo, tanpri, fè nou menm ki rekonèt mistè l’ sou tè a, nou rive merite rekonpans
sove l’ la nan syèl la.Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap pataje ak yon moun sans lakwa ak siy
lakwa genyen nan lavi mwen ak nan lavi Legliz la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario