Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Pwovèb
divès»
LEKTI LIV
PWOVÈB 21, 1-6. 10-13
Tankou dlo yo k’ap kannale desann, konsa kè wa a nan
men Granmèt la: kote l’ vle, li dirije l’. Tout chemen yon moun parèt kòrèk
devan l’, sèlman se Granmèt la ki mezire valè kè yo.
Fè sa kè sansib ak jijman mande, sa fè Granmèt la plis
plezi pase sakrifis bèt. Lè kè gonfle, je meprize; lanp mechan yo se peche. Panse moun vanyan toujou reyisi; men tout moun ki parese toujou nan
bezwen.
Moun ki
ranmase richès ak lang manti, li pa pwofite, li fou, l’ap pran chemen pyèj
lanmò.
Nam mechan an
anvi mal, li pa gen kè sansib pou pwochen l’. Moun senp la vin gen plis sajès
lè yo pini mechan an; si l’ pran modèl sou moun ki gen sajès la, l’ap jwenn
syans.
Moun kòrèk la
kalkile sou kay mechan an, pou l’ wete mechan yo sot nan mal la. Moun ki bouche
zòrèy li nan rèl pòv la, lè l’ rele, yo p’ap koute l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 1. 27. 30. 34. 35. 44 (r.: 35a)
R/ Kondui m’, Granmèt, nan tras wout kòmandman ou yo.
Se chans pou
moun ki entak nan chemen an, k’ap mache nan lalwa Granmèt la.R.
Fè m’
konprann chemen kòmandman ou yo, m’a fè eksperyans nan mèvèy ou yo.R.
Se chemen verite a mwen chwazi, se jijman ou yo mwen
mete devan m’.R.
Ban m’ entelijans, m’a obsève lalwa ou la, m’a kenbe l’
nan tout kè m’.R.
Kondui m’ nan tras wout kòmandman ou yo, paske mwen
renmen l’.R.
M’a kenbe lalwa w’ la tout tan, pou tout tan ak tout
tan ki gen tan.R.
LEVANJIL
«Manman m’ ak
frè m’, se sila yo ki koute pawòl Bondye a, k’ap fè l’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 8, 19-21
Lè sa a:
Manman Jezi
ak frè l’ yo vin kote l’, men yo pa t’ kapab pwoche kote l’ akoz foul la.
Yo anonse l’: «Manman ou ak frè ou yo kanpe deyò a, yo
vle wè ou».
Li reponn, li di yo: «Manman m’ ak frè m’ yo, se sila
yo k’ap koute pawòl Bondye a, epi k’ap fè l’».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè nou li chapit 21 liv Pwovèb yo, nou jwenn
yon seri pwovèb ki ede n’ konprann tout bagay nan men Granmèt la. Se pou sa nou li «tankou dlo yo k’ap kannale desann,
konsa kè wa a nan men Granmèt la». Lekti sa ede n’ konprann tou moun ki bouche
zorèy li nan rèl pòv la, lè li rele yo p’ap koute l’.
Se sa k’ fè menm nan sòm 118 la nou chante
lapriyè sa a :«Kondui m’, Granmèt, nan tras wout kòmandman ou yo». Yon kretyen
dwe chwazi chemen verite. E chemen verite a se nan Granmèt la. Yon kretyen dwe
mande Granmèt la chak jou lespri disènman ak lespri bon konprann pou li kapab
konprann vrèman chemen kòmandman Granmèt la. Alò, se lè Granmèt la va ba
l’entèlijans sa l’ap kapab obsève lalwa Granmèt tout tan. Konsa l’a va mache
nan tras wout kòmandman Granmèt la.
Nan levanjil la, se menm lide sa Jezi eksprime lè
li reponn moun sa yo ki te vle detounen atansyon pèp la ki t’ap koute l’ la lè
yo di l’ «men manman ou ak frè ou vle wè ou». Li reponn «se sila yo k’ap koute pawòl Bondye a epi ki mete l’an
pratik, se sila yo ki manman m’ ak frèm». Kidonk, pa bouche zòrèy ou, koute
pawòl Granmèt la, mande l’ entelijans, lespri disènman ak lespri bon konprann
pou ou rete nan tras wout kòmandman l’ yo. Konsa, w’a va fè pati gran fanmi
Jezikri a; sa vle di, w’a va manman, frè ak sè Jezi tout bon vre.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, ede n’ chak jou pi plis wè ak konprann chak
siy, chak mesaj lè n’ap koute pawòl ou a ; konsa n’a va anvi pi plis toujou
rete nan tras wout ou. Nou mande ou sa pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Nou kapab li tout chap 21 liv Pwovèb la. Koelèt
9, 15 ak lik 16, 15.
No hay comentarios:
Publicar un comentario