Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Tout moun k’ap twonpe, Granmèt la rayi yo»
LEKTI LIV PWOVÈB YO 3, 27-34
Pitit mwen: Pa refize fè byen pou
moun ki merite l’; si ou kapab, se pou ou fè byen an; pa di zanmi ou nan: «Ale,
w’a tounen, demen m’a ba ou», epoutan ou kapab bay la menm.
Pa chèche fè mal pou pwochen ou
nan, pandan li menm li gen konfyans nan ou; pa chèche moun kont pou granmesi,
lè li menm li pa fè ou anyen ki mal; pa pran modèl sou moun ki mechan an, pa
suiv chemen l’ yo.
Sèke Granmèt la rayi tout moun
k’ap chèche twonpe, se avèk moun ki senp yo li fè zanmi. Madichon Granmèt la nan kay mechan an, men kay moun ki kòrèk yo jwenn
benediksyon. Moun k’ap chèche twonpe yo, li pase yo nan rizib; se moun ki dou
yo li bay favè a. Moun sajès yo ap posede bèlte a, grandizè moun sòt yo ap
jwenn lawont.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 14, 2-3ab. 3cd-4ab. 5 (r.: cf. Ib)
R/ Moun ki kòrèk la ap poze sou mòn ou a ki sen an, Granmèt.
Moun k’ap
mache san fot, k’ap fè sa k’ kòrèk; k’ap pale verite nan kè l’,
ki pa fè
rizèz ak lang li.R.
Li pa fè pwochen l’ mal, li pa fè pwochen l’ afwon. Li
konsidere mechan an kòm anyen devan je l’, men li fè lwanj pou sila yo ki
respekte Granmèt la.R.
Moun ki pa prete lajan ak enterè, ki pa aksepte kado
sou do inosan.
Moun ki aji konsa, li p’ap souke ditou.R
LEVANJIL
«Yo poze lanp
sou etajè, pou moun k’ap antre yo wè limyè a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 8, 16-18
Lè sa a: Jezi di foul yo:
«Pèsòn pa limen yon lanp pou l’ kache l’ anba yon veso,
oubyen pou l’ poze l’ anba kabann, men se sou yon etajè li poze l’, pou moun
k’ap antre yo wè limyè a. Sèke pa gen anyen ki kache, ki p’ap parèt klè; pa gen
anyen yo sere, pou yo pa konnen l’, pou l’ pa vin klè.
Gade byen kijan n’ap koute; paske moun ki genyen, y’ap
ba li; tout moun ki pa genyen, menm sa l’ konprann li genyen an y’ap wete l’
nan men li».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye a jodi a envite n’ viv daprè bon
konprann Granmèt la. Liv Pwovèb la revele n’ vrè sekrè lavi ak Bondye a, se lè
nou pratike lajistis la. Anpil fwa nou konn pale, nou konn aji, nou konn
reflechi tankou moun ki sòt la. Anpil fwa nou pèdi sans ekzistans nou, sans
ekzistans lòt yo.Se sa ki fè konpòtman nou toujou konfòm ak sa Bondye mande n’.
Pawòl Bondye a mande n’ pou n’ saj, pou n’ kite se limyè Pawòl Bondye a ki pou
klere nou, se li ki pou gide nou pou n’ mache nan chemen ki dwat la: Fè byen,
pa fè mal, viv daprè Pawòl Bondye a, refize imite moun k’ap fè move aksyon. Se sa Pawòl Bondye a vle pou nou menm ki se
moun Bondye kreye pòtre avèk li.
Pawòl Bondye a nan levanjil la mande n’ pou n’ viv nan transparans. Li
mande n’ pou n’ tounen yon modèl pou lòt yo, li mande n’ pou n’ sanble ak lanp
sa a ki klere a epi ki fè fènwa a disparèt. Ki fènwa mwen genyen an nan lavi m’
ak nan vwazinaj mwen ke limyè Bondye a dwe klere? Se pou n’ klere tankou lanp
la paske lè n’ aksepte tout bon limyè levanjil la nou vin tounen pitit limyè a,
nou vin antre nan yon kominyon avèk Limyè a , nou vin mache daprè laverite a
epi nou vin rantre nan bèl lavi Jezi a.
Nan mond politik la, ekonomik la, relijye a, sosyal la, kiltirèl la,
espòtif la, teknolojik la, nou gen bezwen limyè Bondye a klere nou dekwa pou
nou kapab tounen nouvo kreyati a jan Jezi te mande l’ la. Anpil aksyon mal,
fènwa ap komèt nan tout kalite aspè nan lavi sosyete nou an jodi a, paske moun
yo prefere fènwa pase limyè a. Nan sans sa a anpil bagay ap pase kote n’ pa
rive konprann yo, paske n’ refize kite Pawòl Bondye a dirije lavi nou.
Nou bezwen fanmi ki vrèman ekilibre, ki kapab mennen bak lavi yo nan respè,
nan renmen, nan tèt ansanm, nan travay ki onèt; se konsa paran yo va rive bay
pitit yo bon jan ledikasyon ki pèmèt yo viv epi grandi tankou bon sitwayen ak
bon kretyen.
Se pou limyè Bondye a klere nou nèt ale, pou n’ kapab avèk tout libète
nou rive fè chwa pou n’ mache avèk Granmèt la, epi antre yon jou nan peyi kote
Jezi t’al prepare pou tout pitit li yo
ki te kwè nan Bòn Nouvèl delivrans li te vini anonse a.
LAPRIYÈ: Granmèt,
ede n’ rete vijilan pou n’ pa mele nan zak ki mal, pou n’ tounen yon vrè limyè
k’ap klere nan mitan kominote n’ap viv la ak kote n’ap travay.Amèn.
PWOPOZISYON: Nan mitan
gwoup aksyon katolik yo, toujou chèche idantifye byen an ak mal la nan diferan
tip aksyon moun yo nan kominote nou ak sosyete a. Sa ap ede nou pu nou evite
tonbe nan konfizyon nan aksyon pastoral nou epi nan lavi kretyèn n’ap mennen
an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario