Koulè Vèt
VENNSENKYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Kont sila yo k’ap “achte pòv yo ak lajan-an””.
NAN LIV
PWOFÈT AMÒS 8, 4-7
Koute sa, nou
menm k’ap kraze pòv la, k’ap fè malere yo tonbe nan peyi a, n’ap di: “Kilè pou
mwa a pase, pou nou vann machandiz yo? kilè pou Saba a pase, pou nou louvri
depo ble yo, pou nou fè mezi a vin pi piti, pou nou monte pri a, pou nou
deregle balans yo; konsa n’a achte pòv yo ak lajan ak malere yo pou yon pè
sapat, jous pay ble a n’ap van”.
Granmèt la fè
sèman sou logèy Jakòb: “Mwen pa gen dwa janm bliye tout aksyon yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 112, 1-2. 4-6. 7-8
R/ Fè lwanj Granmèt la, li menm ki leve pòv la.
Fè lwanj, ti
moun Granmèt la, fè lwanj pou non Granmèt la.
Se pou non Granmèt la beni depi koulye a e pou tout
tan.R.
Granmèt la wo anlè tout nasyon, anlè syèl yo bèlte l’
ye.
Kilès ki tankou Granmèt Bondye nou an, li menm ki abite
nan wotè yo, ki voye je sou pòv yo nan syèl la ak sou tè a? R.
Li leve pòv la sot atè a, li leve malere a sot nan
fatra a, pou l’ fè 1’ chita avèk chèf yo, avèk chèf pèp li yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Se pou yo
lapriyè pou tout moun kot Bondye, li menm ki vle pou tout moun sove”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 2,1-8
Ou menm mwen renmen
anpil la:
Mwen mande
tou dabò pou yo pèsiste kot Bondye, pou yo lapriyè, pou yo fè demann, pou yo di
mèsi, pou tout moun: pou wa yo ak tout moun ki nan yon plas ki wo, dekwa pou
nou kapab viv an pè, byen trankil, nan tout devwa relijyon an, antan nou serye.
An verite se sa ki bon, se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi, li menm li vle
pou tout moun sove, pou yo rive nan konesans laverite a.
Sèke se yon
sèl Bondye ki genyen, se yon sèl entèmedyè tou ki genyen ant Bondye ak lèzòm,
se moun sa a, Kris la, li menm ki renmèt pwòp tèt li kòm pri delivrans pou tout
moun, kòm temwayaj nan tan ki byen chwazi yo; se pou temwayaj sa a menm yo mete
m’ kòm moun k’ap preche ak kòm apot (se laverite mwen di, mwen pa bay manti),
kòm pwofesè nasyon yo nan lafwa ak laverite.
Konsa mwen
vle pou moun yo lapriyè tout kote, antan yo leve men ki pwòp, san kòlè ni
diskisyon.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Nou pa kapab sèvi Bondye avèk lajan”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 16,
1-13
Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo:
“Te gen yon mesye ki te rich, li te gen yon jeran, yo
denonse jeran an kote l’, yo di li t’ap gaspiye byen l’ yo. Li rele jeran an, li di l’: “Kisa m’ tande sou ou a? Rann kont sou sèvis
ou, paske ou p’ap kapab responsab byen yo ankò”.
Jeran an di
nan kè l’: “Kisa pou m’ fè, paske mèt mwen wete plas la nan men m’? Travay
latè, mwen pa kapab; mande lacharite, m’ap wont. Mwen konnen kisa m’ap fè, pou
lè yo revoke m’ nan travay la, mwen jwenn moun ki resevwa m’ lakay yo”.
Li rele chak
moun ki dwe mèt li, apa, li di premye a: “Konbyen ou dwe mèt mwen?” Li di: “San
barik luil. Li di l’: “Pran biye w’ la, chita vit: ekri senkant”. Aprè sa, li
di yon lòt: “Ou menm konbyen ou dwe?”' Li di: “San sak farin”. Li di l’: “Pran
biye w’ yo, ekri katreven”. Mèt la fè lwanj jeran malonèt la, paske li te aji
avèk ladrès; sèke pitit syèk sa a yo gen plis ladrès avèk ras yo pase pitit
limyè yo.
Mwen menm
mwen di nou: “Fè zanmi avèk lajan malonèt la; pou lè nou pa genyen, yo kapab
resevwa nou nan joupa tout tan yo.
Moun ki fidèl
nan ti kras, li fidèl tou nan anpil, moun ki malonèt nan ti kras, li malonèt
tou nan anpil. Konsa, si nou pa t’ fidèl nan lajan malonèt la, kilès
k’ap konfye nou sa k’ vre a? Si nou pa t’ fidèl nan bagay moun, kilès k’ap ba
nou pwòp afè pa nou?
Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi
youn, l’ap renmin lòt la; oubyen l’ap kole kò l’ sou youn, l’ap meprize lòt la.
Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, se pou nou kontan, se pou nou chante
lakontantman, menm jan sòm nan envite nou fè li a: Fè lwanj Granmèt la, li leve
pòv yo. Nou menm pòv nou
gen yon gwo avoka pou fè defans nou. Se pa menm jan ak anpil avoka nou konnen
ki di y’ap defann dwa moun epi se piye y’ap piye pòv yo, se lajan y’ap fè sou
tèt yo, se kout fo mezi y’ap ba yo. Pwofèt Amòs mande n’ sispann piye pòv yo, sispann fè moun abi, sispann
eksplwate yo. Jezi vle chanjman, li vle nou pran ka pòv yo. Yo se moun, yo se
pitit menm Papa ak nou.
Jezi mande tou, nan pawòl jodi a, pou nou ret fidèl ak li. Pa gaspiye byen l’ yo. Pa lontan y’ap mande w’ regleman. Si tout konfyans ou se
sou lajan li ye w’ap soufri anpil. Pa fè lajan tounen yon dye pou ou. Nou pa
kapab sèvi de mèt alafwa. Swa nou ak Bondye, swa nou ak enmi Bondye a. Sa k’ pa
avè n’ li kont nou. Nou gen de pye nou pa kab kouri nan de chemen. Sonje ti
pwovèb kreyòl sa a : « chen gen kat pye, li pa kapab kouri nan kat
chemen ». Jezi repran premye
kòmandman pou nou ankò : Sèvi Bondye ak tout kè n’. Bay Jezi pi gwo plas
nan lavi ou. Si se Jezi ki sant lavi w’, ou p’ap puije pòv yo, w’ap renmen yo,
w’ap defann yo pou gwo aloufa yo pa kontinye maltre yo. Se pou Bondye beni nou
byen beni.
LAPRIYÈ : Bondye pòv yo, pran
ka nou, nou se pitit ou : tanpri fè dwa nou respekte : dwa pou nou
jwenn manje ; dwa pou nou travay ; dwa pou nou al lekòl ; dwa
pou nou jwenn swen lopital ; dwa pou nou dòmi trankil ; dwa pou nou
touche byen pou travay nou fè. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Fè atansyon pou w’ pa konplis nan soufrans pwochen ou,
nan fason ou trete li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario