Páginas

SAMDI 17

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Yo simen nan sa k’ap gate, se sa ki pa kapab gate ki leve».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 15, 35-37. 42-49
Frè m’ yo:
Yon moun kapab di: «Kijan mò yo ap leve? ak ki kalite kò y’ap vini?» Ou pa konprann, ou menm ki simen an, se pa kò k’ap vin aprè a ou simen, men se yon grenn ki san po, pa ekzanp grenn ble oubyen lòt bagay konsa.
Se konsa tou pou kesyon mò yo k’ap leve a. Yo simen nan sa k’ap gate, li leve nan sa ki p’ap gate; yo simen nan lawont, li leve nan bèlte; yo simen nan feblès, li leve nan fòs; yo simen yon kò ki gen souf, se yon kò lespri ki leve. Si gen yon kò ki gen souf, gen yon kò lespri tou; daprè sa k’ ekri a: «Premye moun nan Adan vin tounen yon souf vivan», dènye Adan an ap vin tounen yon lespri k’ap bay lavi.
Sèlman se pa sa k’ lespri a ki parèt anvan, se sa k’ gen souf la, aprè sa, se sa k’ lespri a ki vini. Jan sila a ki te sot nan tè a ye, konsa tou sila yo ki sot nan tè a ap ye; jan sila a ki sot nan syèl la ye, konsa tou sila yo ki sot nan syèl la ap ye.
Konsa, menm jan nou te pote pòtre sa ki sot nan tè a, se konsa tou pou nou pote pòtre sa ki sot nan syèl la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 55, 10. 11-12. 13-14 (r.: cf. 14b)
R/ M’ap mache devan fas Bondye nan limyè vivan yo.
Lè sa a lènmi m’ yo ap vire dèyè, nan nenpòt ki jou m’ap rele: men mwen konnen se Bondye m’ ou ye.R.
Nan Bondye, li menm m’ap fè lwanj pawòl li a, nan Granmèt la, li menm m’ap fè lwanj pawòl li a.Nan Bondye mwen espere, mwen p’ap pè: ki sa pou moun fè m’?R.
Bondye, m’ap kenbe pwomès mwen te fè ou yo; m’ap fè lwanj ou; paske ou delivre nam mwen sot nan lanmò, ak pye m’ sot nan pyèj, pou m’ mache devan Bondye nan limyè vivan yo.R.
LEVANJIL
«Sa k’ nan bon tè a, se sila yo ki kenbe pawòl la, ki donnen fwi nan pasyans»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 8, 4-15
Lè sa a:
Kòm anpil foul te rasanble, yo te vin sot nan vil yo pou yo pwoche kot Jezi, li di sou fòm parabòl: «Sila a ki konn simen an sòti pou simen semans li.Pandan l’ap simen, yon pòsyon tonbe bò chemen an, yo foule l’ anba pye, zwazo syèl yo manje l’. Yon lòt pòsyon tonbe sou wòch, kon l’ pouse, li seche, paske pa t’ gen frechè.Yon lòt pòsyon tonbe nan pami pikan, pikan yo pouse ansanm avèk li, yo toufe l’. Yon lòt pòsyon tonbe nan bon tè, li leve, li bay fwi san fwa plis».
Pandan l’ap di sa, li rele byen fò: «Moun ki gen zòrèy pou koute, se pou l’ koute».
Disip li yo poze l’ kesyon, sou sans parabòl sa a.
Li di yo: «Nou menm yo ba nou pouvwa pou nou konnen mèvèy sakre rèy Bondye a, lòt yo menm se an parabòl, pou yo gade san yo pa wè, pou yo tande san yo pa konprann.
Men parabòl la: Semans la se pawòl Bondye a. Sa k’ sou bò wout la, se sila yo ki fin tande, aprè sa, dyab la rive, li wete pawòl la sot nan kè yo, pou yo pa kwè, pou yo pa sove. Sa k’ sou wòch la, se sila yo ki fin tande, yo resevwa pawòl la avèk kè kontan, men yo pa gen rasin, se pou yon tan yo kwè, epi nan tan difikilte a, yo sede. 
Men sa k’ nan bon tè a, se sila yo ki tande pawòl la nan yon kè ki bon, ki kòrèk nèt, yo donnen fwi nan pasyans».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Jezi ap pale nou de sila a ki «sòti pou li simen semans la» (Lik 8,5) e semans sa pa lòt bagay ke «pawòl Bondye a». Men «pandan l’ap pouse, pikan yo toufe li» (Lik 8,7).
Genyen yon pakèt kalite pikan ki ekziste. «Sa k’ tonbe nan pikan yo, se sila yo ki fin tande, men antan y’ap travèse tèt chaje ak richès ak plezi lavi a, yo toufe, yo pa donnen fwi.» (Lik 8,14).
Granmèt, èske mwen koupab poutèt gen tout pwoblèm sa yo? Mwen ta renmen pa genyen yo, men yo sòti tout kote vin jwenn mwen! Mwen pa konprann poukisa yo fè mwen pa ka resevwa pawòl ou a, si yo pa peche, ni vis ni defo.
—Poukisa ou bliye mwen se Papa ou epi ou rann tèt ou esklav yon maten ki petèt p’ap janm rive!
Si nou te kwè tout bon vre nan Pwovidans Bondye ak nan pwoteksyon li ba nou chak jou nan lavi nou, sètènman gen anpil sousi ak enkyetid ke nou pa ta genyen nan lavi nou!
Nou tout nou gen anpil rezon pou nou gade devan sou tè sa a, avèk yon lespri ki detache ak yon pakèt bagay ki sanble endispansab, etan done ke Papa nou konnen trè byen sa ki nesesè pou nou! (Lik 12,30) epi li p’ap manke ba nou li.
David di: «Renmèt sò ou nan men Granmèt la, l’a kenbe ou fèm» (Sòm 54,23) Se sa Sen Jozèf te fè lè Granmèt la te mete li aleprèv: Li te panse, poze kesyon, priye, li te pran yon rezolisyon pou renmèt tout bagay nan men Bondye. Lè zanj la te vini, li pa t’ oze reveye li, li te pale nan rèv ak li. Anfen, se yon sèl bagay ki dwe nan lespri mwen Granmèt, se fè lwanj ak konpliman pou ou menm ki vivan e ki anlè tout bagay.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè Lespri ou a pase pou netwaye, rache tout pikan ki fè semans pawòl ou a pa ka grandi pou pote fwi nan lavi mwen.

PWOPOZISYON: M’ap ekzaminen tèt mwen pou mwen wè nan ki mezi pawòl Bonye a devlope nan lavi mwen. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario