Páginas

VANDREDI 16

Koulè Wouj
Kònèy, Pap, ak Sipriyen ki sen, Evèk, Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Si Jezikri pa leve vivan, lafwa nou pa vo anyen»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 15, 12-20
Frè m’ yo:
Si y’ap preche Jezikri leve sot nan pami mò yo, kòman fè gen moun nan pami nou ki di: pa gen kesyon mò leve? Si pa gen kesyon mò leve, Jezikri pa leve non plis tou. Men si Jezikri pa leve, prèch nou an vid, lafwa nou an vid tou. Nou vin tounen moun k’ap sèvi temwen manti pou Bondye, paske nou sèvi temwen kont Bondye, nou di li leve Jezikri, Jezikri sa a li pa leve a, si mò yo pa leve. Reyèlman vre, si mò yo pa leve, Jezikri pa leve non plis tou. Si Jezikri pa leve, lafwa nou pa vo anyen; nou nan peche nou yo toujou. Konsa moun k’ap dòmi nan Jezikri yo, yo peri. Si se pou lavi sa a sèlman n’ap espere nan Jezikri, nou pi mizerab pase tout moun.
Koulye a Jezikri leve sot nan pami mò yo, premye fwi nan pami sa k’ t’ap dòmi yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 16, 1. 6-7. 8b e 15 (r.: 15b)
R/ Lè m’ap reveye, m’ap satisfè ak fas ou, Granmèt.
Koute jistis mwen, Granmèt, panche sou lapriyè m’.
Pare zòrèy ou nan lapriyè m’, li pa sòti nan bouch manti.R.
Mwen menm se kote ou mwen rele, paske ou koute m’, Bondye; panche zòrèy ou sou mwen, koute pawòl mwen yo. R
Fè mèvèy kè sansib ou yo parèt,
ou menm ki sove moun ki espere nan ou yo anba sa k’ap atake yo, nan men dwat ou.R.
Pwoteje m’ tankou grenn je, anba lonbraj zèl ou, pwoteje m’. Kanta mwen menm nan jistis m’ap wè fas ou, lè m’ap reveye, m’ap satisfè ak fas ou.
LEVANJIL
«Medam yo te avèk Jezi, yo t’ap sèvi l’ ak byen yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 8, 1-3
Lè sa a:
Jezi t’ap travèse vil ak bouk yo, l’ap preche, l’ap anonse bòn nouvèl rèy Bondye a; douz yo te avèk li, ni kèk medam li te geri sot anba pouvwa move lespri ak maladi: Mari, sa yo rele Madlèn nan, sa l’ te wete sèt demon sot nan li a, Ján, madanm Chouza a, minis Ewòd la, Sizán, avèk anpil lòt medam ki t’ap sèvi l’ ak byen yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nou wè nan Levanjil la sa nou ta ka rele yon jounen nòmal nan twa lane lavi piblik Jezi. Sen Lik rakonte nou sa nan kèlke mo: «Jezi t’ap travèse vil ak bouk yo, l’ap preche, l’ap anonse bòn nouvèl rèy Bondye a» (Lik 8,1).Se sa nou kontanple nan twazyèm mistè limyè chaplè a.
Jan Pòl kòmante mistè sa a konsa: «Nan predikasyon mistè limyè a Jezi anonse Wayòm Bondye a k’ap vini an e li envite nou konvèti, antan li padone peche tout moun ki pwoche bò kote li ak yon lafwa ki sensè; nan sans sa a li inogire mistè mizerikòd la ke li pral kontinye ekzèse jiska lafen di mond, espesyalman atravè sakreman Rekonsilyasyon an ke li konfye Legliz la».
Jezi kontinye pase kote nou antan l’ap ofri nou tout kado espirityèl yo: lè nou priye, lè nou li epi medite Levanjil la pou nou konnen Jezi, renmen li plis epi imite lavi li, lè nou resevwa yon sakreman, an patikilye sakreman Lekaristi a ak Penitans la, nan travay n’ap fè chak jou, lè nou ansanm ak fanmi nou, zanmi nou oubyen vwazen nou, lè nou ede yon moun ki nan bezwen materyèl oubyen espirityèl,… Nan tout sikonstans nou ka rankontre ak Jezi e nou ka swiv li menm jan ak douz Apot yo, menm jan ak medam yo ki t’ap sèvi li.
Men, an plis, Bondye rele nou chak pou nou ka tounen «Jezi k’ap pase», pou nou ka pale nan aksyon ak nan pawòl nou yo avèk moun n’ap eseye apwoche pou nou pale yo de lafwa ki ranpli ekzistans nou avèk sans, pou nou pale yo de esperans sa a ki pouse nou ale pi lwen sou chemen lavi a nan konfyans nou plase nan Granmèt la, epi sou chemen charite a ki gide tout aksyon nou yo.
Mari se premye fanm ki te suiv Jezi e ki te «Jezi». Se pou ekzanp li ak konkou lapriyè li ede nou!
APRIYÈ: Granmèt, tanpri, fè m’ tounyen yon miwa ki pèmèt yo gade vizaj ou, pou mwen ka temwaye ou leve byen vivan.

PWOPOZISYON: Fè yon jès solidarite ak yon moun ki nan bezwen pou li ka kontanple vizaj Jezi nan ou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario