Koulè Blan
TERÈZ DE LANFAN JEZI KI SEN,
Vyèj e savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Koulye a
je m’ wè ou. Se pousa mwen wete sa m’ te di
a».
LEKTI LIV JÒB 42, 1-3. 5-6. 12-16
Jòb reponn Granmèt la, li di:
"Mwen konnen ou kapab pou
tout bagay, pa gen okenn panse ki kache pou ou. Kilès
sila a ki kache plan ou nan, san konesans la? Reyèlman vre se san sajès mwen te
pale, se bagay ki depase konesans mwen nèt. Ak pwòp zòrèy mwen mwen te tande
ou; koulye a menm se ak je m’ mwen wè ou. Se pousa mwen menm menm mwen korije
pwòp tèt mwen, mwen fè penitans nan pay ak sann".
Granmèt la menm beni Jòb ankò
plis pase anvan, li vin gen katòz mil mouton, si mil chamo, mil pè bèf, mil
bourik. Li vin gen sèt pitit gason ak twa pitit fi, li rele non youn Lajounen,
non dezyèm nan Kasya, ak non twazyèm nan Kòn fè. Yo pa jwenn fi ki bèl tankou
pitit fi Jòb yo sou tout tè a; papa yo ba yo eritaj nan pami frè yo.
Jòb viv aprè sa pandan
sankarantan, li wè pitit gason l’ yo ak pitit fi l’ yo jous sou katriyèm
jenerasyon; li mouri vye granmoun, plen laj.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 118, 66. 71. 75. 91. 125. 130
R/ Klere fas ou, Granmèt, sou
sèvitè ou la.
Bon kè, ladrès ak syans, aprann
mwen sa, paske mwen kwè nan lòd ou yo.R.
Sa bon pou mwen poutèt mwen te
rabese, pou m’ aprann desizyon ou yo.R.
Mwen konnen, Granmèt, jijman ou
yo kòrèk, se nan verite ou rabese m’.R.
Daprè jijman ou yo yo dire jodi a,
paske tout bagay sèvi ou.R.
Se sèvitè ou mwen ye; ban m’
entelijans, pou m’ konnen temwayaj ou yo.R.
Deklarasyon pawòl ou yo klere,
li bay ti moun yo entelijans.R.
LEVANJIL
"Fè
kè nou kontan paske non nou ekri nan syèl yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
10, 17- 24
Lè sa a:
Swasanndouz yo tounen avèk kè
kontan, y’ap di: "Granmèt, menm demon yo, yo obeyi nou o non ou".
Li di yo: "Mwen te wè Satan
tankou zèklè ki t’ap tonbe sot nan syèl la. Men mwen ba nou pouvwa pou nou
mache sou sèpan ak skòpyon ak sou tout pouvwa lènmi an, epi anyen p’ap fè nou
sa k’ mal. Sèlman se pa pousa pou nou fè kè nou kontan, poutèt lespri yo obeyi
nou an; se pou nou fè kè nou kontan pito paske non nou ekri nan syèl la".
Lè sa a menm li tresayi nan
Lespri Sen an, li di: ‘‘Mwen fè konpliman pou ou, Papa, Granmèt syèl la ak tè
a, paske ou te kache bagay sa yo pou savan yo ak moun entelijan yo, epi ou te
devwale yo bay sa ki pòv yo. Wi, Papa, se konsa sa te fè ou plezi. Papa m’
renmèt mwen tout bagay. Pèsònn pa konnen sa Pitit la ye, sof Papa a, epi sa
Papa a ye, sof Pitit la ak moun Pitit la vle devwale sa".
Li vire kot disip li yo, li di:
"Se chans pou je yo ki wè sa n’ap wè yo; paske mwen di nou anpil pwofèt ak
wa te vle wè sa n’ap wè yo, men yo pa t’ wè l’, epi tande sa n’ap tande yo, men
yo pa t’ tande li’’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap sonje youn nan temwen fidèl li yo, ki gen anpil
popilarite, Sen Terèz de Lanfan Jezi ki Sen, vyèj e savan sakre Legliz la. Se
te yon fanm ki t’ap chèche viv nan kominyon total ak Bondye antan li te
abandone li ak yon total konfyans nan men Lasent Vyèj Mari. Kidonk li te kwè
Manman Jezi te kapab sèvi kòm kanal pou li te resevwa tout gras nan men Bondye.
Terèz te kite renmen Bondye a penetre li pou li te ka tounen yon siy vizib
renmen sa nan Legliz la ki nan pelerinaj sou tè a.
Se nan fason li te viv renmen sa
a an pwofondè ki fè Legliz la prezante li tankou yon modèl jounen jodi a. An
nou pran modèl sou Terèz, an nou chache imite li nan jan li te fè Bondye
konfyans, nan jan li te lapriyè ak nan jan li te devwe pou sèvi Bondye atravè
sila yo ki pi pòv.
Jodi a, Levanjelis Lik rakonte
nou evénman ki fè Jezi montre Papa rekonesans li pou byen li fè limanite. Li di
Bondye mèsi poutèt li devwale gwo sekrè wayòm nan bay pòv yo. Jezi santi li
vrèman satisfè lè li wè pòv yo konprann epi yo pratike sa Bondye revele yo
atravè li menm nan. Nan lòt okazyon, nan dyalòg li ak Papa a, Jezi di l' mèsi
tou paske li toujou koute lapriyè li. Jezi fè konpliman pou samariten ki te gen
lèp la, sila ki te tounen ansanm ak lòt nèf moun yo pou vin di li mèsi pou sa
li te fè pou li.
Sen Ogisten te ekri: «Kisa ki pi
bon pou yon moun ta gen nan kè li, pou yon moun ta pwononse ak bouch li oubyen
ekri ak men li, ke pawòl sa yo: 'mèsi
Bondye'».
Nou menm, nou dwe toujou di Bondye mèsi, nou
dwe rekonesan tou anvè pwochen nou, tout moun k'ap ede nou, moun k'ap ankouraje
nou nan sa ki bon, moun ki nan sèvis nou. Nou dwe gen rekonesans tou anvè Legliz la. Sen yo te
toujou gen atitid sa a. Sen Toma d'Aken di nou gen twa fason yo te konn fè sa:
premyèman nan rekonesans yo manifeste nan kè yo; dezyèmman nan fè lwanj ak
konpliman pou Bondye ak pawòl; finalman nan fason yo chèche rekonpanse zèv
Bondye yo ak zèv nan lavi yo, selon posiblite chak moun genyen.
Jodi a, Jezi envite nou fè kè
nou kontan, paske avèk li nou gen tout garanti pou ranpòte lavitwa sou lanmò,
ak sou tout fòs fènwa yo. «Se pou nou fè
kè nou kontan pito paske non nou ekri nan syèl la».
Nou tout ki se kretyen, nou gen
mil rezon pou nou fè kè nou kontan nan Levanjil la. Pap Franswa fè nou sonje sa nan Entwodiksyon Ekzòtasyon
Apostolik, Evangelii Gaudium:«Kè
kontan Levanjil la ranpli kè ak tout lavi sila yo ki rankontre ak Jezi. Tout
moun ki kite Jezi sove yo, yo chape anba peche, tristès, yo pa santi kè yo vid
ankò, yo pa santi yo pou kont yo ankò».
LAPRIYÈ: Bondye,
ou menm ki prepare peyi wa ou la pou pòv yo ak piti yo, fè nou suiv tras Terèz
ki sen avèk konfyans, pou, gras a priyè l’, ou devwale glwa tout tan ou nan nan
nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Lage mwen
nan men Bondye ak yon konfyans total, antan m’ap imite Lavyèj Mari ak Sen
Terèz.
No hay comentarios:
Publicar un comentario