Páginas

DIMANCH 2

Koulè Vèt
VENNSETYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE LEKTI
“Moun ki kòrèk la ap viv nan lafwa l’’’.
NAN LIV PWOFÈT ABAKOUK 1, 2-3; 2, 2-4
Jouskilè, Granmèt, m’ap rele, pou ou pa koute? M’ap pouse rèl kote ou, antan m’ap sibi move tretman, epi ou p’ap sove m’? Pouki sa ou fè m’ wè mechanste ak tray? Pouki sa ou ret ap gade piyay ak enjistis devan m’? Pouki sa diskisyon ak rayisans vin pi fò?
Granmèt la reponn mwen, li di: “Ekri vizyon an, eksplike l’ sou adwaz, pou moun k’ap li l’ la kapab li byen; sèke vizyon an lwen toujou, men l’ap parèt alafen, li p’ap twonpe; si l’ fè reta, tann li, paske l’ap vini sètènman, li p’ap mize. Men, moun ki pa kwè a, nanm li p’ap dwat nan li; moun ki kòrèk la se nan lafwa l’ l’ap viv”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9
R/ Pito jodi a nou tande vwa Granmèt la: “Pa fèmen kè nou”.
Vini, an nou fete pou Granmèt la; an nou bat bravo pou Bondye delivrans nou.
An nou pwoche devan fas li avèk lwanj, avèk kantik an nou bat bravo pou li.R.
Vini, an nou adore l’, an nou bese atè, an nou pliye jenou devan Granmèt la ki fè nou, paske li menm li se Bondye nou,nou menm nou se pèp pak li, mouton men l’.R.
Si jodi a nou te kapab tande vwa l’: “Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba, daprè jou Masa nan savann nan, kote zansèt nou te eseye m’ nan: yo te eseye m’, malgre yo te wè aksyon m’ yo”.R.
DEZYÈM LEKTI
“Pa wont temwayaj Granmèt nou an”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 1, 6-8. 13-14
Ou menm mwen renmen anpil la:
Mwen avèti ou pou favè Bondye a ki nan ou a depi m’ te met men sou tèt ou a, ou fè l’ leve vivan. Bondye pa t’ ba nou yon lespri kè sote, men yon lespri ki bay fòs, renmen ak pouvwa pou metrize kò nou. Konsa pa wont temwayaj Granmèt nou an ni pa wont mwen ki prizonye l’; men travay pou Levanjil la daprè fòs Bondye a.
Pawòl korèk ou te tande nan bouch mwen yo, suiv modèl yo ba ou a, nan lafwa ak renmen ki nan Jezikri a. Kenbe bon depo a pa pouvwa Lespri Sen an ki abite nan nou an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Si nou te gen lafwa”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 17, 5 10
Lè sa a:
Apot yo di Granmèt la: “Fè nou vin gen plis lafwa”.
Granmèt la menm di: “Si nou te gen lafwa tankou yon ti grenn seneve, nou ta di pye bwa sa a: “Derasinen ou, al plante ou nan lanmè a”; epi li ta obeyi nou.
Kilès nan nou, si l’ gen yon sèvitè k’ap travay tè a oubyen k’ap gade mouton, lè sèvitè a tounen sot nan jaden, èske l’ap di l’: “Fè vit, travèse, mete ou atab”; èske li p’ap di l’: “Pare dekwa pou m’ manje, pase tabliye nan ren ou, sèvi m’, joustan mwen fin manje, mwen fin bwè; aprè sa, ou menm w’a manje, w’a bwè?” Èske l’ap gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa l’ kòmande a? Mwen pa kwè.
Se konsa nou menm tou, lè n’a fin fè tout sa yo kòmande nou, se pou nou di: “Nou se sèvitè ki pa vo anyen: se sa nou te dwe fè a, se li nou fè”. 
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Vè lane 597, twoup militè Wa Nabikodonozò yo te anvayi lavil Jerizalèm. Sitiyasyon sa a te lakoz yo eksplwate pèp la, yo fè li anpil enjistis, yo fè vyolans sou dirijan li yo. Se nan mitan sitiyasyon ensipòtab sa pwofèt Abakouk te leve vwa li pou di: «Jouskilè, Granmèt, m’ap rele, pou ou pa koute? M’ap pouse rèl kote ou, antan m’ap sibi move tretman, epi ou p’ap sove m’? Pouki sa ou fè m’ wè mechanste ak tray? »
Anpil moun te konprann Bondye te endiferan, Bondye te fè silans. Sitiyasyon pèp jwif la t’ap viv nan tan sila a, li pa nètman diferan ak sa limanite ap viv nan tan jounen jodi a: enjistis, eksplwatasyon, chomaj, povrete, vyolans, grangou, soufrans ak lanmò, anpil moun ap viv nan endijans ak soudevlòpman, lagè, tirani ak opresyon.
Fas ak sitiyasyon sa a, anpil moun kapab poze tèt yo kesyon: Kote Bondye? Kòman fè Bondye fè silans? Kòman nou kapab etabli relasyon ant lafwa nan Bondye ak sitiyasyon terib sa ke limanite ap fè fas la? Èske li posib pou nou kontinye kwè nan Bondye? Nan ki Dye nou kapab kwè?
Nou menm, kretyen, nou dwe fè fas: Apot Pòl, nan gwo angajman li pran pou defann levanjil la, malgre li fèmen nan prizon - nan yon kontèks kote Newon te vle pèsekite kretyen yo - li ekri Timote e li ankouraje li pou li kenbe lanp lafwa li limen, pou li fè fas ak lènmi an pou Jezi ak pou Levanjil la. Li temwaye ak konviksyon: lespri nou te resevwa, se pa yon lespri ki pou fè nou fè bak, se pa yon lespri lachte, men se yon lespri ki bay fòs ak bon jijman.
Nan sans sa a, Apot Pòl fè nou konnen, nou pa dwe kache, nou pa dwe wose zepòl, nou  pa gen dwa rete endiferan. Tout pwoblèm moun genyen, se pwoblèm pou kretyen, se sijè ki konsène kretyen an. (Gade GS: Jwa ak Lespwa…).
Kontrèman ak sa anpil moun panse, relijyon pa okipe li de relijyon, men se de moun li okipe li. Relijyon pa la pou fè ou bliye koze ki konsène moun, okontrè li la pou pote lavi pou moun, espesyalman pou pòv yo ak moun sosyete a mete sou kote yo. Tout mal k’ap wonje sosyete a, se bagay ki mete an kesyon diyite moun.
Tankou disip Jezi, nou dwe rekonèt lafwa nou piti. Men nou konnen tou nou pa kapab ap tann tout bagay nan men Bondye, paske Bondye te lage mond lan nan men nou, sou responsablite nou. Nou pa kapab rete bra kwaze, nou dwe chèche solisyon pou pwoblèm limanite, pwoblèm pa nou ak pwoblèm tout moun. Nou dwe travay nan tèt ansanm ak tout moun bòn volonte.
LAPRIYÈ: Granmèt, ba nou fòs pou nou kapab ranpli misyon nou kòm pwofèt ak wa, pou nou kapab lite kont tout mal k’ap fini ak sosyete nou an.

PWOPOZISYON: Ede yon pwochen k’ap soufri; si pwoblèm li depase kapasite ou, lapriyè pou li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario