Páginas

LENDI 3

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Se pa nan men yon moun mwen te resevwa levanjil la, ni mwen te aprann li, men se gras a revelasyon Jezikri".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU GALAT YO 1,6-12
Frè m’ yo:
Mwen sezi wè kijan nou gen tan deja travèse kite sila a ki te rele nou nan favè Jezikri a, pou nou suiv yon lòt levanjil; men se pa yon lòt vre, sèlman se kèk moun k’ap twouble nou, ki vle chanje levanjil Jezikri a.
Men, menm si nou menm oubyen yon Mesaje ki sòti nan syèl la ta anonse nou yon levanjil ki pa levanjil sa mwen te anonse nou an, madichon pou li. Jan nou te deja di a, mwen repete l’ koulye a: Si yon moun anonse nou yon levanjil ki pa sa nou te resevwa a, madichon pou li.
Èske se favè moun m’ap chèche oubyen favè Bondye? Oubyen èske m’ap chèche fè moun plezi. Si m’ t’ap chèche fè moun plezi toujou, mwen pa ta sèvitè Jezikri.
Frè m’ yo, levanjil mwen te preche a, m’ap fè nou konnen se pa daprè lèzòm li ye. Ni mwen menm, se pa nan men moun mwen te resevwa l’, ni mwen te aprann li, men se Jezikri ki te devwale m’ li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 110, 1-2. 7-8. 9 e 10e (r.: 5b)
R/ L’ap sonje kontra l’ la pou tout tan.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak Legliz la.
Travay Granmèt yo gran, yo merite tout moun ki anvi yo chèche yo.R.
Travay men l’, se verite ak jijman.
Tout kòmandman l’ yo merite konfyans,
yo asire pou tout tan gen tan, yo fèt nan verite ak jistis.R.
Li voye delivrans pou pèp li a,
li kòmande contra l’ la pou tout tan.
Non l’ sen, li terib;
lwanj li dire pou tout tan gen tan.R.
LEVANJIL
"Kilès ki pwochen m’?"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 25-37
Lè sa a:
Gen yon pwofesè lalwa a ki leve pou l’ eseye Jezi, li di: "Mèt, ki sa pou m’ fè pou m’ gen lavi tout tan an?"
Li menm li di l’: "Nan lalwa a kisa k’ ekri? Kisa ou li?"
Li reponn, li di: "Se pou ou renmen Granmèt Bondye ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout lespri ou, epi pwochen ou tankou ou menm".
Jezi di l’: "Ou reponn byen: fè sa, w’a viv".
Li menm menm li te vle bay tèt li rezon, li di Jezi: "Epi kilès ki pwochen m’?"
Jezi reprann, li di: "Yon mesye t’ap desann sot Jerizalèm al Jeriko, li tonbe nan men asasen, yo pran tout sa l’ te genyen, yo bat li, yo pati kite l’ mwatye vivan. Gen yon prèt k’ap pase, ki t’ap desann nan menm chemen an, li wè l, li kontinye wout li. Menm jan an tou yon moun ki te nan sèvis kay sakre a, lè l’ rive bò kote l’, li wè l’, li kontinye chemen l’.
Men gen yon Samariten ki t’ap vwayaje, li rive bò kote l’, li wè l’, kè l’ fè l’ mal. Li pwoche, li panse kote l’ te blese yo, li vide luil ak diven, li mete l’ sou milèt li, li mennen l’ nan yon lotèl, li okipe l’. Nan landmen, li sòti de pyès lajan, li renmèt mèt lotèl la, li di: "Okipe l’; tout sa ou a depanse an plis, lè m’a tounen, m’a renmèt ou li".
Daprè ou menm kilès nan twa sa yo ki sanble li se pwochen sila a ki te tonbe nan men asasen yo?"
Li di: "Sila a ki te gen kè sansib pou li a".
Jezi di l’: "Ale, ou menm tou, fè menm jan".
REFLEKSYON: Pwochen li, se "Sila a ki te gen kè sansib pou li a"
Jodi a, yon pwofesè lalwa poze Jezi yon kesyon ke petèt nou te deja poze tèt nou: «Mèt, ki sa pou m’ fè pou m’ gen lavi tout tan an?» (Lk 10,25). Se te yon kesyon malentansyone, paske li te vle eseye Jezi. Avèk anpil sajès, Mèt la reponn li, li di li sa ki ekri nan lalwa a, sa vle di «renmen Bondye epi renmen pwochen w’ tankou ou renmen pwòp tèt pa w’» (Lk 10,27). Kle a se renmen. Si n’ap chèche lavi pou tout tan an, nou konnen «sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran» (1 Ko 13,13). Kèlkeswa pwojè nou gen lavi a, kèlkeswa espirityalite nou genyen, si li pa chita sou renmen, ebyen sa fè nou pèdi sans ekzistans nou. Youn nan bagay ki enpòtan, se lanmou chak moun genyen pou pwòp tèt li; pafwa nou bliye sa. Nou kapab renmen Bondye ak pwochen nou tout bon vre, se apati pwòp idantite nou.
Pwofesè lalwa a ale pi lwen toujou pou li mande Jezi: «Epi kilès ki pwochen m’?» (Lk 10,29). Jezi ba li repons la atravè yon istwa, yon parabòl,  san konplikasyon, men ki trè enpòtan. Modèl pwochen an, se yon Samariten, sa vle di yon moun sosyete a mete sou kote, yon moun ki pa jwenn plas li nan mitan pèp jwif la. Ni prèt la, ni moun ki te nan sèvis sakre a, malgre yo te wè Samariten an benyen nan san, prèske mouri atè a, yo pase yo pa okipe l’. Sila yo ki sanble pi pre Bondye, se yo menm ki pi lwen pwoche an. Pwofesè lalwa evite pwononse mo «samariten» an pou di Jezi kilès ki te konpòte li tankou pwochen sila ki te blese a e li di: « Sila a ki te gen kè sansib pou li a» (Lk 10,37).
Sa Jezi pwopoze nou an, se yon bagay ki klè: «Ale, ou menm tou, fè menm jan». Se yon envitasyon pou nou viv reyalite lanmou an, ki pa yon senp santiman, puiske se yon fason nou aji pou nou elimine diskriminasyon nan sosyete a; se yon santiman ki sòti nan pwofondè kè yon moun. Sen Jan de Lakwa fè nou sonje, «lè solèy la kouche nan lavi nou, se sou lanmou Bondye va jije nou».
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri ede nou trete tout frè ak sè nou yo san nou pa gade yo ni sou figi, ni sou koulè. Konsa n’a temwaye renmen ak mizerikòd ou antan nou tounen bon samariten pou yo. Pa pouvwa Jezikri. Amèn

PWOPOZISYON: M’ap sispann rete endiferan fas ak pwoblèm lòt yo, m’ap pote sekou nan fason mwen kapab.

No hay comentarios:

Publicar un comentario