Koulè Blan
FRANSWA
D’ASIZ KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Li devwale Pitit li a nan mwen, pou m’ te kapab
preche l’ nan nasyon yo".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU GALAT TO 1,
13-24
Frè m’ yo:
Nou te tande konduit mwen
lontan, lè m’ te nan relijyon Juif la, kijan m’ te konn pèsekite legliz Bondye
a depase mezi, kijan mwen te konn fè l’ lagè. Mwen te fè plis pwogrè pase anpil
nan moun ki gen menm laj avèk mwen yo, nan ras mwen an, mwen te jalou anpil pou
sa zansèt mwen yo te transmèt nou yo.
Sèlman, sila a ki te mete m’apa
depi nan vant manman m’ nan, ki te rele m’ gras a favè l’ la, pou l’ devwale
Pitit li a nan mwen, lè l’ deside pou m’anonse levanjil li a bay nasyon yo,
menm lè a, mwen pa konsilte ni chè ni san; mwen pa al Jerizalèm kot Apot yo ki
te la anvan m’ nan, men m’ale an Arabi, aprè sa mwen tounen Damas. Aprè twazan
ankò, mwen vin Jerizalèm pou m’ wè Pyè, mwen rete kenz jou kote l’. Mwen pa wè
okenn lòt Apot, sof Jak, frè Granmèt la. Devan Bondye, sa m’ ekri nou an, se pa
manti m’ap fè.
Aprè sa, mwen vin nan rejyon
Lasiri ak Silisi. Sèlman, Juif yo ki nan Jezikri a, yo pa t’ rekonèt mwen; sa
sèlman yo te konn tande, sèke sila a ki te konn pèsekite nou lontan an, koulye
a l’ap anonse levanjil lafwa a li t’ap konbat lontan an; yo t’ap fè konpliman
pou Bondye poutèt mwen menm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
138, 1-3. 13-14ab. 14c-15
R/ Kondui
m’, Granmèt, sou wout tout tan an.
Granmèt, ou sonde m’, ou kondui
m’, ou konnen chita m’ ak leve m’. Ou konprann panse m’ depi byen lwen, tras
wout mwen ak kouche m’, ou ekzamine yo. Tout wout mwen yo, ou wè yo byen klè.R.
Paske se ou menm ki te fòme ren
m’, ou te trese m’ nan vant manman m’. M’ap fè lwanj ou, paske ou te fòme m’
yon fason ekstrawòdinè, aksyon ou yo ekstrawòdinè.R.
Nam mwen konnen yon ti kras. Zo m’
pa t’ kache lwen ou, lè mwen te fèt nan sekrè, lè mwen t’ap fòme tankou yon
twal nan fon tè a.R.
LEVANJIL
"Mat
resevwa l’ lakay li. Mari chwazi pi bon pòsyon an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10,
38-42
Lè sa a:
Jezi antre nan yon bouk; yon
madanm yo te rele Mat resevwa l’ lakay li. Li te gen yon sè yo rele Mari, ki te
chita pou kont li nan pye Granmèt la, l’ap koute pawòl li yo.
Mat menm t’ap fatige kò l’ anpil
nan sèvis la; li kanpe, li di: "Granmèt, sa pa fè ou anyen, pou sè m’ nan
kite m’ ap sèvi tou sèl? Manyè di l’ pou l’ ede m’".
Jezi pran lapawòl, li di l’:
"Mat, Mat, ou pran tèt chaje, ou pran traka pou anpil bagay. Epoutan se
yon sèl ki nesesè: Mari chwazi pi bon pòsyon an, sa yo p’ap wete nan men l’
nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
1-Jodi a n’ap sonje Sen Franswa
Dasiz, ki se youn nan pi gwo modèl lanmou nan istwa Legliz Katolik la. Ki sa k’ fè l’ gwo konsa? Se paske
li menm se youn nan nèg ki te pi senp, ki te vin pi piti.
Sen Franswa Dasiz fèt nan peyi Itali nan lane 1181 (epi li
rantre kay Papa nou ki nan syèl la nan lane 1226). Vrè non li, se te Giovanni
(tankou Jan, nan lang italyen) men papa l’ te ba li ti non jwèt Francesco
(Franswa), ki vle di “Franse a”, paske lè misye te fèt, papa l’ t’ap fè komès
nan peyi Lafrans. Papa misye se te yon gwo komèsan, ki te rele «Pietro di
Bernardone». Lè l’ te yon jenn gason, Franswa te viv tankou nenpòt pitit
boujwa, li t’ap jwi kòb papa li, li fè anpil dezòd. Men yon
jou li te gen yon vizyon, epi li konvèti tout bon.
Aprè jou sa a, sèl sa li te bezwen se te swiv Jezi. Tout
richès li, li te bay pòv yo li. Li kòmanse ap preche levanjil la, epi anpil
moun te vle fè sa asanm avè l’. Se sa k’ fè li fonde yon kongregasyon frè, jodi
a nou rele yo fransisken. Li te gen yon zanmi, Sent Klè, ki te fonde yon
kongregasyon mè ak menm espirityalite tou. Si ou konte tout branch kongregasyon
fransisken ak fransiskèn ki genyen jounen jodi a tankou yon sèl, se yo menm ki
pi gwo nan Legliz katolik la.
Sen Franswa te fè anpil mirak, epi li te dyaloge ansanm ak
chèf relijyon Islam yo, pou fè lapè avèk yo. Se li menm ki te fondatè tradisyon
fè krèch nan tan Nwèl, pou ede nou sonje jan Jezi te fèt.
Lè li te mouri, Sen Franswa Dasiz pa t’ gen lajan. Li pa
t’ fè gwo etid. Li pa t’ fè gwo diskou, okontrè mesaj li te senp anpil. Li pa
t’ gen okenn pouvwa, se sèvi li te bezwen sèvi. Epi 800 lane aprè, nou toujou
ap sonje li.
2-Aprè nou fin konnen istwa Sen Franswa, ann gade sa Pawòl
Bondye di nou jodi a:
«Mat, mat,
ou pran tèt chaje, ou pran traka pou anpil bagay. Epoutan se yon sèl ki nesesè»
Jezi yo te envite nan fwaye
Betani an, ba nou yon leson imanite: Li menm ki te renmen lòt yo, li kite yo
renmen li, puiske tou lede bagay sa yo enpòtan. Si yon moun ta rejte afeksyon
Bondye ak lòt yo, sa se ta yon grav erè ki ka gen move konsekans pou sentete a.
Mari ou Mat? Men… Poukisa yo
konfwonte sila yo ki te renmen youn lòt, e ki te renmen Bondye? Jezi te renmen
Mat ak Mari, ak frè li Laza, e li renmen nou tout ak nou chak.
Sou chemen sentete a, pa gen de
nanm ki idantik. Nou tout, nou chak, ann eseye renmen Bondye, men avèk pwòp
estil ak pèsonalite pa nou, san nou pa imite lòt moun. Modèl nou se Kris la ak
Lavyèj Mari. Èske fason lòt yo renmen Bondye deranje ou? Eseye aprann nan fason
yo viv relasyon yo ak Bondye.
«Granmèt, sa pa fè ou anyen, pou
sè m’ nan kite m’ap sèvi tou sèl? Manyè di l’ pou l’ ede m’»(Lik 10,40). Sèvi
lòt yo akoz lanmou nou gen pou Bondye, se yon lonè, se pa yon chay. Èske nou
sèvi lòt yo ak kè kontan, tankou Lavyèj Mari te sèvi kouzin li Elizabèt oubyen
lè nòs Kana a, oubyen tankou Jezi te sèvi patizan li yo lè Dènye Soupe a?
«Mat, Mat, ou pran tèt chaje, ou
pran traka pou anpil bagay. Epoutan se yon sèl ki nesesè. (Lik
10,41-42). An nou pa pèdi trankilite ak bon santiman nou. Pou nou rive fè sa,
ann chache pran prezans Bondye an konsiderasyon. «Aprann sa byen: gen yon bagay
ke nou chak nou dwe dekouvri, yon bagay ki sen, ki sòti nan Bondye, ki kache
nan sitiyasyon n’ap viv chak jou (…); swa nou konnen kòman pou nou jwenn Bondye
nan lavi chak jou nou, swa nou pa janm jwenn li» (Sen Jozemari).
«Mari chwazi pi bon pòsyon an, sa
yo p’ap wete nan men l’ nan». (Lik 10, 42). Bondye vle nou viv ak kè kontan. Se
pou Manman nou ki nan Syèl la ede nou jwenn kè kontan nan fason nou konsakre
tèt nou nan sèvis lòt yo.
LAPRIYÈ: Granmèt,
fè m’ tankou yon zouti nan men w’. Kote k’ gen chagren, fè m’ mete kè kontan.
Kote k’ gen rayisman, fè m’ mete renmen. Kote moun ap doute, fè m’ ede yo kwè. Amèn.
PWOPOZISYON:
Pran tan pou koute lòt yo, se pi bon fason pou nou aprann akeyi yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario