Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Yo rekonèt favè a yo te ban mwen an".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO 2, 1-2. 7-14
Frè m’ yo:
Aprè katòzan
ankò, mwen monte Jerizalèm avèk Banabe, mwen pan Tit tou. Mwen monte daprè sa
Bondye te devwale m’, mwen mete devan yo levanjil la m’ap preche nan pami nasyon
yo, epi sila yo ki te parèt kichòy yo m’ pran yo apa, pou m’ pa kouri oubyen
pou m’ pa t’ap kouri pou granmesi.
Ebyen
okontrè, yo wè se mwen menm yo konfye levanjil pou moun ki pa sikonsi yo, menm
jan yo te konfye Peè levanjil pou moun ki sikonsi yo. (Sèke Sila a ki te aji nan Pyè pou apostola ak moun ki sikonsi yo, se li
menm tou ki te travay nan mwen nan pami nasyon yo). Lè yo rekonèt favè yo te fè
m’ nan, Jak, Sefas ak Jan, tout moun te konsidere kòm kolòn, yo ban m’ lan men,
ni mwen menm, ni Banabe, kòm asosye: nou menm nou pou nasyon yo, yo menm menm,
yo pou sila yo ki sikonsi yo; sèlman, nou te gen pou nou sonje pòv yo: se sa menm
mwen te okipe fè.
Sèlman lè Sefas
rive Antyòch, mwen reziste ak li anfas, paske li te merite repwòch. Sèke anvan
kèkzen nan group Jak yo te vini, li te konn manje ak nasyon yo; men kon yo rive,
li t’ap rale kò l’; li t’ap mete kò l’ apa, li te pè sila yo ki sòti nan pami
moun sikonsi yo. Lòt Juif yo suiv konpòtman l’ k’ap fè sanblan an, jous ata
Banabe blije fè tankou yo nan fè sanblan an.
Men, lè m’ wè
li pa t’ap mache dwat pou verite levanjil la, mwen di Sefas devan tout moun:
"Si ou menm ki Juif, w’ap viv tankou nasyon yo, men pa tankou Juif, kòman
ou kapab fòse nasyon yo pou yo viv tankou Juif?"
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 116, 1. 2 (r.: Mk 16, 15)
R/ Ale sou tout tè a, preche levanjil la.
Fè lwanj
Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
Paske kè
sansib li asire sou nou, verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
LEVANJIL
"Granmèt, aprann nou lapriyè".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 1-4
Lè sa a:
Jezi te yon
kote, li t’ap lapriyè; lè l’ fini, youn nan disip li yo di l’: «Granmèt, aprann
nou lapriyè, tankou Jan te aprann disip li yo".
Li di yo: "Lè n’ap lapriyè, se pou nou di: 'Papa,
se pou yo rekonèt non ou sen, se pou rèy ou rive. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a epi padonnen peche nou yo, menm
jan nou menm tou nou padonnen tout moun ki dwe nou, pa kite nou tonbe nan pyèj
'».
REFLEKSYON:
"Granmèt, aprann nou
lapriyè".
Jodi a, youn nan
disip li yo di Jezi: «Granmèt, aprann nou lapriyè, tankou Jan te aprann disip
li yo» (Lk 11,1). Men repons Jezi ba li: «Lè n’ap lapriyè, se pou nou di: Papa,
se pou yo rekonèt non ou sen, se pou rèy ou rive. Pen nou bezwen chak jou a, ba
nou li jodi a epi padonnen peche nou yo, menm jan nou menm tou nou padonnen
tout moun ki dwe nou, pa kite nou tonbe nan pyèj» (Lk 11,2-4). Nan yon sèl fraz
se kòmsi Jezi ta di li: atitid ou dwe genyen lè w’ap priye se atitid pitit la
ki devan Papa li.
Selon Jezi nou
konprann lapriyè a tankou yon relasyon «Papa-pitit». Se yon zafè fanmi ki chita
sou relasyon familyarite ak sou lanmou. Imaj Bondye tankou Papa a ede nou
konprann yon relasyon afeksyon, entim; se pa yon relasyon pouvwa ak otorite.
Kidonk, pou nou
lapriyè, sa fè nou mete nou nan sitiyasyon kote nou wè Bondye tankou yon Papa
pou nou kapab pale ak li tankou pitit. Priye, se pale Bondye de nou menm, de
lajwa nou, tristès nou, siksè ak echèk nou, anbisyon nou, pwoblèm nou, feblès
nou… Se di li mèsi. Se mande li kichòy. Se renmen
li, se repare tò nou fè li. Lapriyè a, se konnen tèt, se konnen sa Bondye ye
pou nou.
Lè timoun yo ap pale ak paran yo, yo chèche transmèt sa y’ap di a ak
pawòl, konsa tou atravè jès yo fè ak kò yo, yo chèche eksprime sa yo santi nan
kè yo. Lè nou gen dyalòg ki pi pwofon ak Bondye, tankou yon pitit dyaloge ak
papa li, sa fè vrèman nou tounen moun k’ap lapriyè.
LAPRIYÈ: Manman Mari, ou menm ki si tèlman
konn lapriyè, se nan ou nou jwenn modèl kontanplasyon Kris la. Pèsonn pa rive
pi byen kontanple vizaj li pase w’. Tanpri, aprann nou kontanple li tou, antan
w’ap ede nou lapriyè li pou nou jwenn sekou nan men Bondye.
PWOPOZISYON: M’ap pase omwen 5
minit nan dyalòg sensè ak Papa Bondye jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario