Páginas

JEDI 6

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Èske se gras a travay lalwa a nou te resevwa Lespri a oubyen si se akoz prèch lafwa a?»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU GALAT YO 3, 1-5
Galat yo, moun san konprann, kilès ki pran tèt nou pou nou pa obeyi laverite a, aprè nou fin trase devan je nou pòtre Jezikri ki kloure sou kwa a? Yon sèl bagay mwen vle aprann nan men nou: èske se gras a aksyon lalwa a nou te resevwa Lespri a oubyen si se gras a lafwa a nou te tande a? Èske nou sòt dekou: lè nou fin kòmanse ak Lespri a, pou se ak chè a nou fini koulye a? Èske se pou granmesi nou pase tout tray sa yo? Si sèlman se te pou granmesi! Sila a ki te ba nou Lespri a, ki te reyalize bon kalite yo nan nou an, èske li te fè l’ poutèt nou te fè aktivite lalwa yo oubyen poutèt nou te koute sa lafwa a mande a?
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Lk 1, 69-70.
71-72. 73-75
R/Konpliman pou Granmèt Bondye Izrayèl, paske li vizite pèp li a.
Li drese kòn delivrans pou nou nan kay David sèvitè l’ la;
jan l’ te pale nan bouch sen yo, ki te la depi lontan yo, pwofèt li yo.R.
Delivrans sot nan men lènmi nou yo, ak nan men tout moun ki rayi nou yo: pou l’ fè kè l’ sansib avèk zansèt nou yo, pou l’ fè sonje kontra l’ la ki sen an.R.
Sèman an li te sèmante bay Abraam zansèt nou an, pou l’ te fè nou favè pou nou pa pè, pou l’ delivre nou sot nan men lènmi nou yo, pou nou sèvi l’ antan nou sen, nou kòrèk devan l’ pandan tout jou nou yo.R.
LEVANJIL
"Mande, y’ap ba nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 5-13
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Kilès nan nou si l’ gen yon zanmi k’al kote l’ nan mitan nannuit, ki di l’: ‘‘Zanmi, prete m’ twa pen, paske mwen gen yon zanmi ki vin sòti nan vwayaj, li rive lakay mwen, mwen pa gen anyen pou m’ mete devan li’’; si lòt la reponn anndan an: ‘‘Pa anbete m’; pòt la deja fèmen, ti moun mwen yo avèk mwen nan kabann; mwen pa kapab leve pou m’ ba ou?’’
Men, si mesye a kontinye ap frape, mwen di nou: Menm si li p’ap leve pou l’ ba li l’ kòm zanmi, l’ap leve kan menm, l’ap ba li tout sa l’ bezwen, poutèt lòt la ap anbete l’ la.
Mwen menm mwen di nou: Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap jwenn; frape, y’ap louvri ba nou. Sèke tout moun ki mande li resevwa, moun ki chèche li jwenn, moun ki frape, yo louvri ba li.
Kilès tou nan nou menm kòm papa, si pitit nou mande nou pen: èske n’ap ba l’ wòch? oubyen pwason: èske n’ap ba l’ koulèv nan plas pwason an? oubyen, si l’ mande nou ze, èske n’ap lonje yon skòpyon ba li? Si nou menm, malgre nou move a, nou konn bay pitit nou bon bagay, Papa nou ki nan syèl la ap ba nou bon lespri a pi plis toujou pou moun ki mande l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, Levanjil la se yon katechèz Jezi sou lapriyè. Li fè nou konnen ak kè kontan ke Papa a toujou koute priyè nou. « Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap jwenn; frape, y’ap louvri ba nou.» (Lik 11,9).
Nou kapab panse ke se pa toujou konsa sa ye nan Pratik, ke bagay yo pa konsa. Men nou dwe priye kòmsadwa!
Premyèman, avèk konstans, pèseverans. Nou dwe priye san nou pa janm dekouraje, menm si nou ta gen enpresyon priyè nou yo pa monte mòn. Se atitid sa a mesye a te genyen lè li t’ap frape pòt kay zanmi li nan mitan nuit la. Gras ak ensistans li, li resevwa sa li te bezwen an. Bondye se zanmi ki koute sou pa anndan sila ki janm dekouraje a. Nou dwe kwè Granmèt la ap ba nou kan menm sa n’ap mande li, paske li se zanmi nou epi li se Papa nou.
Kalite Bondye genyen kòm Papa a, depase sa lòm genyen: «Si nou menm, malgre nou move a, nou konn bay pitit nou bon bagay, Papa nou ki nan syèl la ap ba nou bon Lespri a pi plis toujou pou moun ki mande l’». (Lik 11,13).
Pou fini, nou pa dwe rete ap mande bagay materyèl sèlman, men tou se pou nou mande Lespri Sen an. Jezi ankouraje nou fè sa, antan nou gen asirans ke nou resevwa li: « (…) Papa nou ki nan syèl la ap ba nou bon Lespri a pi plis toujou pou moun ki mande l’» (Lik 11,13). Papa Bondye toujou koute priyè sa. Se kòmsi se gras lapriyè nou mande, puiske se Lepri Sen an ki sous ak orijin li.
Frè Jil d’Asiz, kamarad Sen Franswa, rezime lide Levanjil sa a konsa, lè li di: «Priye ak fidelite ak devosyon, paske yon gras ke Bondye pa t’ akòde ou fwa sa a, li ka kominike w’ li nan yon lòt okazyon. Bò kote pa ou, fè ou tou piti antan ou mete lespri ou nan Bondye epi Bondye li menm ap mete gras li nan ou, selon bon plezi li».
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri vide Lespri Sen w’ nan nan kè nou, puiske se li k’ap aprann nou kisa pou nou di nan lapriyè.

PWOPOZISYON: Menm si mwen poko jwenn sa m’ap mande Bondye a, m’ap kontinye priye ak espwa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario